Preparasyon pou sèvis tanp lan (continued)

1015 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

I Kwonik Yo 27:1–22

1 Men chif kontwòl a fis Israël yo, chèf lakay zansèt yo, kòmandan a dè milye, a dè santèn yo, avèk chèf pa yo ki te sèvi wa a nan tout afè divizyon ki te antre sòti mwa pa mwa pandan tout mwa nan ane yo, chak divizyon te konte a venn-kat-mil sòlda:

2 Sou tèt a premye divizyon an pou premye mwa a te Jaschobeam, fis a Zabdiel la; nan divizyon pa li a te gen venn-kat-mil òm. 3 Sòti nan fis a Pérets yo, chèf a tout kòmandan lame a pou premye mwa a. 4 Sou tèt a divizyon dezyèm mwa a te Dodaï, Achochit la; Mikloth te youn nan chèf yo nan divizyon pa li yo; epi li te gen nan divizyon pa li a, venn-kat-mil òm. 5 Twazyèm kòmandan lame a pou twazyèm mwa a te Benaja, fis a prèt la, Jehojada kon chèf; epi nan divizyon pa li te gen venn-kat-mil òm. 6 Benaja sila a se te nonm pwisan a trant yo e li te an chaj sou trant yo; epi Ammizadab, fis li a, te sou divizyon pa li. 7 Katriyèm nan pou katriyèm mwa a te Asaël, frè a Joab la e apre li, Zebadia, fis li a; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm. 8 Senkyèm nan pou senkyèm mwa a te kòmandan Schamehuth, Jizrachit la; epi te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm. 9 Sizyèm nan pou sizyèm mwa a te Ira, fis a Ikkesch la, Tekoyit la; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm. 10 Setyèm nan pou setyèm mwa a te Hélets, Pelonit lan, sòti nan fis a Éphraïm yo; li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm. 11 Uityèm nan, pou uityèm mwa a te Sibbecaï, Ouchatit la, sòti nan Zerachit yo; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm. 12 Nevyèm nan pou nevyèm mwa a te Abiézer, Anathoth la, sòti nan Benjamit yo; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm. 13 Dizyèm nan pou dizyèm mwa a te Maharaï, Netofayit la nan fanmi Zerachit yo; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm. 14 Onzyèm nan pou onzyèm mwa a te Benaja, Piratit la, sòti nan fis Éphraïm nan; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm. 15 Douzyèm nan, pou douzyèm mwa a te Heldaï, Netofit la, sòti nan fanmi Othniel la; epi li te gen yon divizyon venn-kat-mil òm.

16 Men chèf a tribi Israël yo. Chèf a Ribenit yo; Éliézer, fis a Icri a; pou Simeonit yo: Schephathia, fis a Maaca a; 17 pou Levit yo: Haschabia, fis a Kemuel la; nan fanmi Aaron an: Tsadok; 18 pou Juda: Élihu, frè a David la; pou Issacar: Omri, fis a Micaël la; 19 pou Zabulon: Jischemaeja, fis a Abdias la; pou Nephthali: Jerimoth, fis a Azriel la; 20 pou fis Éphraïm yo: Hosée, fis a Azazia a; pou mwatye tribi a Manassé a: Joël, fis a Pedaja a; 21 pou mwatye tribi Manassé nan Galaad: Jiddo, fis a Zacharie a, pou Benjamin: Jaasiel, fis a Abner a; 22 pou Dan: Azareel, fis a Jerocham nan. Sila yo se te chèf a tribi Israël yo.

I Kwonik Yo 27:25–34

25 Alò, Azmaveth, fis Adiel la te an chaj depo trezò a wa a. Epi Jonathan, fis a Uzias la, te gen chaj a depo andeyò yo, nan vil yo, nan ti bouk yo ak nan wo fò anlè yo. 26 Ezri, fis a Kelub la te responsab tout ouvriye agrikòl ki te travay tè yo. 27 Schimeï, Ramatit la te gen chaj sou chan rezen yo; epi Zabdi, Shefamit lan, te an chaj tout pwodwi a chan rezen ki te depoze nan depo diven anba tè yo. 28 Baal-Hanan Gedetit la, te an chaj chan bwa oliv ak bwa sikomò nan gran plèn nan e Joasch te an chaj depo lwil yo. 29 Schithraï, Sawonit lan te an chaj bèt ki t ap manje nan Saron yo; epi Schaphath, fis a Adlaï a, sou bèf ki te nan vale yo. 30 Obil, Izmayelit la, te an chaj chamo yo; epi Jechdia, Mewonotit la, te an chaj bourik yo. 31 Jaziz, Agarenyen an, te an chaj bann mouton yo. Tout sila yo te sipèvizè nan tèren ki te apatyen a Wa David la.

32 Anplis, Jonathan, tonton David la, te yon konseye, yon nonm ak bon konprann e yon skrib; epi Jehiel, fis a Hacmoni an, te pwofesè a fis Wa yo. 33 Achitophel te yon konseye a wa a e Huschaï, Akyen an, te zanmi a wa a. 34 Jehojada, fis a Benaja a avèk Abiathar te ranplase Achitophel; epi Joab te kòmandan lame wa a.

I Kwonik Yo 28:11–21

11 Epi David te bay a fis li Salomon, plan pou fè galri tanp lan, tout chanm li yo, avèk chanm trezò li yo, chanm anlè li yo, chanm enteryè li yo, ak chanm pou twòn pwopiyatwa a; 12 epi plan a tout sa ke li te gen nan tèt li, pou lakou lakay SENYÈ a e pou tout chanm ki te antoure l yo, pou chanm trezò lakay Bondye yo, e pou chanm trezò pou tout bagay konsakre yo; 13 anplis, pou divizyon a prèt yo avèk Levit yo pou tout travay sèvis lakay SENYÈ a e pou tout zouti sèvis lakay SENYÈ yo; 14 pou zouti an lò yo, lò pou tout zouti pou tout kalite sèvis yo, pou zouti an ajan yo, ajan pou tout zouti a tout kalite sèvis yo; 15 epi lò pou baz chandelye an lò yo avèk lanp pa li yo; epi ajan a baz chandelye an ajan yo, avèk pwa a chak baz avèk lanp pa li yo selon sèvis a chak chandelye; 16 epi pwa a lò a pou tab pen konsakre pou chak tab la; epi ajan pou tab an ajan yo; 17 epi fouchèt yo, basen yo ak krich an lò pi yo; epi pou bòl an lò yo avèk pwa pou chak bòl; epi pou bòl an ajan avèk pwa a chak bòl; 18 epi pou lotèl lansan an lò rafine pa pwa; epi lò pou modèl a cha a, menm cheriben ki te ouvri zèl yo pou te kouvri lach akò SENYÈ a. 19 David te di: “SENYÈ a te fè M konprann avèk men L ki te ekri pou mwen, tout detay a modèl sila a.”

20 Konsa, David te di a fis li, Salomon: “Kenbe fèm, pran kouraj e aji pran desizyon. Pa pè, ni dekouraje, paske SENYÈ a, Bondye a, avèk ou. Li p ap fè fayit, ni Li p ap abandone ou jiskaske tout lèv pou lakay SENYÈ a fini. 21 Alò, gade byen, men divizyon a prèt yo avèk Levit yo pou tout sèvis lakay Bondye yo e tout mesye avèk kapasite yo va avèk ou nan travay la pou tout kalite sèvis yo. Anplis, ofisye yo avèk tout pèp la va disponib nèt sou lòd pa ou.”