Sòm David yo, dat yo pa konnen

Sòm David te ekri, men yo pa konnen ni dat ni okazyon li te ekri yo.

1015 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Sòm Yo 40–41

Pou direktè koral la; Yon Sòm David

1 Mwen te tann avèk pasyans SENYÈ a.

Li te enkline vè mwen e te tande kri mwen.

2 Li te mennen mwen sòti nan fòs k ap detwi a,

sòti deyò gwo ma ajil la.

Li te mete pye m sou wòch la e

te fè m kanpe byen fèm.

3 Li te mete yon chanson nèf nan bouch mwen,

yon chan lwanj Bondye nou an.

Anpil moun va wè, vin gen lakrent e va

mete konfyans nan Bondye.

4 A la beni se nonm ki mete konfyans li nan SENYÈ a,

e ki pa t vire vè moun ògèy yo,

ni a sila ki vin vire nan sa ki fo yo.

5 Anpil, O SENYÈ Bondye mwen an,

se mèvèy ke Ou te fè yo,

ak panse Ou yo anvè nou.

Nanpwen ki kab konpare avèk Ou.

Si m ta deklare yo e pale sou yo tout,

yo ta vin twòp pou m ta kab konte.

6 Sakrifis avèk ofrann sereyal,

Ou pa t dezire yo.

Ou te ouvri zòrèy mwen.

Ofrann brile avèk ofrann peche yo,

Ou pa t mande yo.

7 Konsa mwen te di: “Gade byen, mwen vini.

Nan woulo liv la, li ekri de mwen menm.

8 Mwen pran plezi nan fè volonte pa Ou, O SENYÈ.

Lalwa Ou nan kè m.”

9 Mwen te pwoklame bòn nouvèl ladwati yo nan gran asanble a;

Gade byen, mwen p ap anpeche lèv mwen;

O SENYÈ, Ou konnen.

10 Mwen pa t kache ladwati Ou anndan kè m.

Mwen te pale selon fidelite Ou, avèk sali Ou.

Mwen pa t kache lanmou dous Ou avèk

verite Ou devan gran asanble a.

11 Ou menm O SENYÈ, p ap refize mwen.

Lanmou dous Ou avèk verite Ou va

prezève mwen tout tan.

12 Paske malè ki depase kontwòl yo te antoure mwen.

Inikite mwen yo te fin pran m nèt

jiskaske mwen pa t kab wè.

Yo plis pase cheve sou tèt mwen.

Kè m fin fè fayit.

13 Fè l plezi Ou, O SENYÈ, pou delivre mwen.

Fè vit, O SENYÈ, pou ede mwen.

14 Kite sila yo vin wont e imilye ansanm,

sila ki chache lavi mwen pou detwi li.

Kite sila yo vire fè bak e dezonore,

sila ki pran plezi nan fè m mal yo.

15 Kite sila yo etone nèt akoz wont yo,

sila ki di mwen: “Wayan, wayan!”

16 Kite tout sila ki wè Ou yo rejwi e

fè kè kontan nan Ou.

Kite tout sila ki renmen sali Ou yo

pale tout tan: “Ke SENYÈ a kapab

leve wo!”

17 Akoz mwen aflije e nan gwo bezwen,

kite SENYÈ a toujou sonje mwen.

Se Ou menm ki soutyen mwen ak delivrans mwen.

Pa fè reta, O Bondye mwen an.

Pou direktè koral la; Yon Sòm David

41:1 A la beni sila ki konsidere ka malere a beni!

SENYÈ a va delivre li nan jou twoub li.

2 SENYÈ a va pwoteje li e fè l viv.

Li va rele beni sou latè a.

Ni li p ap livre a volonte lènmi li yo.

3 SENYÈ a va bay li soutyen lè l malad sou kabann nan.

Nan maladi li, li va restore li a lasante.

4 Konsa, pou mwen, mwen te di: “O SENYÈ, fè m gras.

Geri nanm mwen paske mwen te peche kont Ou.”

5 Lènmi m yo pale mal kont mwen:

“Kilè l ap mouri pou non li disparèt?”

6 Si li vin wè m, li bay manti.

Kè li ranmase mechanste pou kont li.

Lè l sòti deyò, li pale sa.

7 Tout sila ki rayi mwen yo

soufle ti pawòl nan zòrèy youn lòt.

Kont mwen, yo fè plan pou

donmaje mwen epi yo di:

8 “Yon bagay mechan gen tan pran l,

pou lè l kouche, pou l pa leve ankò.”

9 Menm zanmi ki te pre m nan,

nan sila mwen te mete konfyans la,

li ki te manje pen mwen an,

te leve talon li kont mwen.

10 Men Ou menm, O SENYÈ, fè m gras e fè m leve

pou m kab bay yo rekonpans yo.

11 Se konsa mwen konnen ke Ou pran plezi nan mwen.

Akoz lènmi mwen an pa kriye viktwa sou mwen.

12 Pou mwen menm, Ou soutni mwen nan entegrite m,

epi Ou mete mwen nan prezans Ou

jis pou tout tan.

13 Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la,

soti pou tout tan, jis rive pou tout tan.

Amen e amen.

Sòm Yo 61

Pou direktè koral la; sou yon enstriman a kòd; Yon Sòm David

1 Koute kri mwen, O Bondye.

Prete atansyon a lapriyè mwen.

2 Soti nan dènye pwent latè,

mwen rele Ou lè kè m fèb;

Mennen mwen sou wòch

ki pi wo pase m nan.

3 Paske Ou te yon refij pou mwen,

yon fò ki wo,

yon gran fòs kont lènmi yo.

4 Kite mwen rete nan tant Ou an jis pou tout tan.

Kite mwen pran refij anba zèl Ou. Tan

5 Paske Ou te koute ve mwen yo, O Bondye.

Ou te ban mwen eritaj a sila ki gen krent non Ou yo.

6 Ou va fè lavi a wa a byen long.

Ane li yo va tankou anpil jenerasyon.

7 Li va abite devan SENYÈ a jis pou tout tan.

Senyè, bay li lanmou dous avèk verite pou li kapab andire.

8 Konsa, mwen va chante lwanj Ou jis pou tout tan.

Konsa, m kapab peye ve mwen yo jou apre jou.