Preparasyon pou sèvis tanp lan (continued)
1015 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Anplis, David avèk kòmandan lame yo te mete apa pou sèvis kèk nan fis a Asaph yo, Héman ak Jeduthun pou pwofetize avèk gita yo, ap ak senbal; epi fòs kantite moun ki te fè sèvis pa yo se te: 2 Nan fis a Asaph yo: Zaccur, Joseph, Nethania avèk Aschareéla; fis a Asaph yo te anba direksyon a Asaph, ki te pwofetize anba direksyon a wa a. 3 Selon Jeduthun, fis a Jeduthun yo: Guedalia, Tseri, Ésaïe, Haschabia, Matthithia avèk Schimeï, sis, anba direksyon a papa yo, Jeduthun, avèk ap la, ki te konn pwofetize nan bay remèsiman avèk lwanj SENYÈ a. 4 Selon Héman, fis a Héman an: Bukkija, Matthania, Uziel, Schebuel, Jerimoth, Hanania, Hanani, Éliatha, Guiddalthi, Romamthi-Ézer, Joschbekascha, Mallòthi, Hothir, Machazioth. 5 Tout sila yo te fis a Héman yo, konseye a wa a ki pou bay li ekspiyasyon selon pawòl a Bondye; paske Bondye te bay katòz fis ak twa fi a Héman. 6 Tout te anba direksyon a papa yo pou chante lakay SENYÈ a, avèk senbal, ap ak gita yo, pou sèvis kay Bondye a. Asaph, Jeduthun avèk Héman te anba direksyon wa a. 7 Fòs kantite nan yo ki te prepare kon chantè a SENYÈ yo, avèk manm fanmi pa yo, tout te byen abil, te de-san-katreven-di-zuit. 8 Yo te tire osò pou travay tach yo, tout menm jan an, piti kon gran, pwofesè kon elèv.
9 Alò, premye tiraj osò a te tonbe a Asaph pou Joseph, dezyèm nan pou Guedalia, li menm, fanmi li ak fis pa li yo te fè douz; 10 Twazyèm nan a Zaccur, fis li yo avèk fanmi li, douz; 11 katriyèm nan a Jìtseri, fis li yo avèk fanmi li, douz; 12 senkyèm nan a Nethania, fis li yo avèk fanmi li, douz; 13 sizyèm nan a Bukkija, fis li yo avèk fanmi li, douz; 14 setyèm nan a Jesareéla, fis li yo avèk fanmi li, douz; 15 uityèm nan a Ésaïe, fis li yo avèk fanmi li, douz; 16 nevyèm nan a Matthania, fis li yo avèk fanmi li, douz; 17 dizyèm nan a Schimeï, fis li yo avèk fanmi li, douz; 18 onzyèm nan a Azareel, fis li yo avèk fanmi li, douz; 19 douzyèm nan a Haschabia, fis li yo avèk fanmi li, douz; 20 trèzyèm nan a Schubaël, fis li yo avèk fanmi li, douz; 21 katòzyèm nan a Matthithia, fis li yo avèk fanmi li, douz; 22 kenzyèm nan a Jerémoth, fis li yo avèk fanmi li, douz; 23 sèzyèm nan a Hanania, fis li yo avèk fanmi li, douz; 24 di-setyèm nan a Joschbekascha, fis li yo avèk fanmi li, douz; 25 di-zuityèm nan a Hanani, fis li yo avèk fanmi li, douz; 26 diz-nevyèm nan a Mallothi, fis li yo avèk fanmi li, douz; 27 ventyèm nan a Élijatha, fis li yo avèk fanmi li, douz; 28 ven-te-inyèm nan a Hothir, fis li yo avèk fanmi li, douz; 29 venn-dezyèm nan a Guiddalthi, fis li yo avèk fanmi li, douz; 30 venn-twazyèm nan a Machazioth, fis li yo avèk fanmi li, douz; 31 venn-katriyèm nan a Romamthi-Ézer, fis li yo avèk fanmi li, douz.
26:1 Pou divizyon gadyen pòtay yo, te gen nan Koreyit yo; Meschélémia, fis a Koré a, fis a Asaph yo. 2 Meschélémia te gen fis: Zacharie, premye ne a, Jediaël, dezyèm nan, Zebadia, twazyèm nan, Jathiel, katriyèm nan, 3 Élam, senkyèm nan, Jochanan, sizyèm nan, Eljoénaï, setyèm nan. 4 Obed-Édom te gen fis: Schemaeja, premye ne a, Jozabad, dezyèm nan, Joach, twazyèm nan, Sacar, katriyèm nan, Nethaneel, senkyèm nan, 5 Ammiel, sizyèm nan, Issacar, setyèm nan, Peulthaï, uityèm nan; paske Bondye te vrèman beni li. 6 Anplis, a fis li, Schemaeja, te ne fis ki te renye sou lakay papa yo; paske yo te mesye pwisan ak gwo kouraj. 7 Fis a Schemaeja yo: Othni, Rephaël, Obed, Elzabad, avèk frè pa yo Élihu ak Semaeja ki te mesye ak gwo kouraj. 8 Tout nan sila yo, se te fis a Obed-Édom; yo menm avèk fis pa yo ak fanmi yo te mesye ak gwo kapasite, avèk fòs pou sèvis; swasann-de mesye ki sòti Obed-Édom. 9 Fis a Meschélémia yo, mesye plen ak kouraj te kontwole diz-uit mesye. 10 Anplis, Hosa, nan fis a Merari yo te fè fis: Schimri, premye a (malgre li pa t ne premyèman, men papa li te fè l premye), 11 Hilkija, dezyèm nan, Thebalia, twazyèm nan, Zacharie, katriyèm nan. Tout fis yo avèk fanmi a Hosa yo te trèz mesye.
12 Se nan divizyon a gadyen pòtay sila yo, mesye chèf yo te bay responsabilite kon fanmi pa yo pou fè sèvis lakay SENYÈ a. 13 Yo te tire yo osò, piti kon gran, selon lakay zansèt pa yo pou chak pòtay. 14 Tiraj osò ki tonbe pou lès la te devni pou Schélémia. Alò, yo te tire osò pou fis li a, Zacharie, yon konseye avèk bon konprann e tiraj osò li a te sòti nan nò. 15 Pou Obed-Édom li te tonbe vè sid e a fis li yo, te ale chanm depo yo. 16 Pou Schuppm avèk Hosa, li te tonbe kote lwès, akote pòt Schalléketh la, vè chemen monte a. Yo te pozisyone gad anfas gad. 17 Sou lès la, te gen sis Levit; nan nò a, kat chak jou e nan chanm depo yo, de pa de yon kote apa. 18 Nan katye bati sou kote lwès la, te gen kat sou gran chemen an e de nan katye a menm. 19 Sila yo se te divizyon a gadyen pòtay a fis a Kore yo avèk fis a Merari yo.
20 Levit yo avèk fanmi pa yo te gen chaj sou trezò lakay Bondye a ak trezò a don konsakre yo. 21 Fis a Laedan yo, fis a Gèshonit yo, ki apatyen a Laedan, chèf lakay zansèt pa yo ki te rele Jehiéli, te tèt lakay zansèt pa yo ki te pou Laedan, Gèshonit lan. 22 Fis a Jehiéli yo, Zetham avèk Joël, frè li a, ki te an chaj trezò lakay SENYÈ a. 23 Pou Amramit yo, Jitsearit yo, Ebwonit avèk Izyelit yo, 24 Schebuel, fis a Guerschom an, fis a Moïse la te ofisye sou trezò yo. 25 Fanmi li pa Éliézer te Rechabia, fis li a, Ésaïe, fis li a, Joram, fis li a, Zicri, fis li a ak Schelomith, fis li a. 26 Schelomith sila avèk fanmi li te gen chaj sou tout trezò a don konsakre ke Wa David avèk chèf lakay zansèt yo, kòmandan a dè milye, a dè santèn e kòmandan lame yo te dedye. 27 Yo te dedye yon pati nan piyaj ki te sezi nan gè yo pou repare lakay SENYÈ a. 28 Epi tout sa ke Samuel, konseye a, te dedye e Saül, fis a Kis la, pa Abner, fis a Ner a, pa Joab, fis a Tseruja a, tout moun ki te dedye bagay anba jerans a Schelomith lan avèk fanmi pa li.
29 Pou Jitsearit yo, Kenania avèk frè pa li yo, yo te anplwaye pou zafè andeyò kon majistra ak jij an Israël. 30 Pou Ebwonit yo, Haschavbia avèk fanmi li, mil-sèt-san mesye ak kapasite, ki te an chaj tout zafè Israël yo nan lwès a Jourdain an, pou tout sèvis SENYÈ a ak sèvis wa a. 31 Pou Ebwonit yo, Jerija, chèf la, (Ebwonit sila yo te envestige selon listwa fanmi avèk zansèt pa yo, nan karantyèm ane nan règn David la e mesye ak kapasite siperyè yo te twouve pami yo kote Jaezer nan Galaad). 32 Moun fanmi pa li, mesye byen kapab, te de-mil-sèt-san òm, chèf lakay zansèt pa yo. Epi Wa David te fè yo sipèvizè sou Ribenit yo, Gadit yo ak mwatye tribi Manassé pou tout zafè Bondye avèk wa a.