Moïse repete lwa moral la (continued)
1451 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 “Tout kòmandman ke Mwen ap kòmande nou jodi a, nou va fè atansyon pou fè yo, pou nou kapab viv, miltipliye, e antre ladann pou posede peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo.
2 “Nou va sonje tout jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou nan dezè a pandan karantan sila yo, pou Li te kapab fè nou vin enb e pase nou a leprèv, pou konnen kisa ki te nan kè nou, pou wè si nou pa t ap kenbe kòmandman Li yo.
3 “Li te fè nou vin enb e grangou. Epi konsa, Li te bannou manje lamàn ke nou pa t janm konnen, ni zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou konprann ke lòm pa viv sèlman pa pen, men lòm viv pa tout bagay ki sòti nan bouch SENYÈ a. 4 Rad nou yo pa t epwize sou nou, ni pye nou pa t anfle pandan karantan sila yo. 5 Konsa, nou fèt pou konnen nan kè nou, ke SENYÈ a, Bondye nou an, t ap korije nou jis jan ke yon mesye korije fis li.
6 “Pou sa, nou va kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li an, e pou krent Li. 7 Paske SENYÈ a, Bondye nou an, ap mennen nou antre nan yon bon peyi, yon peyi ki gen anpil ti rivyè ak sous dlo; sous k ap koule, k ap kouri nan vale ak ti mòn yo; 8 yon peyi avèk ble ak lòj, avèk pye rezen, pye fig, avèk grenad, yon peyi avèk lwil doliv ak siwo myèl; 9 yon peyi kote nou va manje manje san manke. Ladan l nou p ap manke anyen; yon peyi kote wòch se fè; epi kote nan ti mòn yo, nou kab fouye kwiv.
10 “Lè nou fin manje e satisfè, nou va beni SENYÈ a, Bondye nou an, pou bon peyi ke Li te bannou an. 11 Veye pou nou pa bliye SENYÈ a, Bondye nou an, epi pa kenbe kòmandman Li yo, lwa Li yo avèk règleman Li yo ke Mwen ap kòmande nou jodi a. 12 Otreman, lè nou te manje e satisfè, e fin bati bon kay pou nou viv nan yo, 13 epi lè twoupo nou avèk bann mouton nou yo vin miltipliye, ajan avèk lò nou yo vin anpil, e tout sa nou posede vin miltipliye, 14 alò, kè nou va vin plen ak ògèy, e nou va bliye SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la. 15 Li te mennen nou nan gran dezè tèrib sa a, avèk sèpan pwazon ak eskòpyon, ak tè swaf kote ki pa t gen dlo. Li te fè dlo sòti pou nou nan wòch silèks la. 16 Nan dezè a, Li te bannou lamàn ke zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou vin enb, e pou Li te kapab fè nou pase a leprèv, pouke alafen, sa te kab ale byen pou nou. 17 Otreman, nou ta di nan kè nou: “Se fòs nou avèk kouraj nou ki te bannou tout richès sa a.” 18 Men nou va sonje SENYÈ a, Bondye nou an, paske se Li ki ap bannou pouvwa pou fè richès, pou Li kapab konfime akò ke Li te sèmante a zansèt nou yo, jan sa ye jodi a. 19 Li va rive ke si nou bliye SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv lòt dye yo pou adore yo, Mwen ap fè temwayaj kont nou jodi a menm, ke anverite nou va peri. 20 Jan nasyon ke SENYÈ a ap fè peri devan nou yo, konsa nou va peri, akoz ke nou pa t koute vwa a SENYÈ a, Bondye nou an.”
9:1 “Koute O Israël! Nou travèse lòtbò Jourdain an jodi a pou antre nan peyi a, e pou deplase nasyon ki pi gran e pi pwisan ke nou yo; gran vil yo byen fòtifye jis rive nan syèl yo. 2 Yon pèp ki gran e wo, fis a Anak yo jeyan yo, ke nou konnen e te tande yo di: ‘Kilès ki kab kanpe devan fis Anak yo?’ 3 Pou sa, konnen ke jodi a, se SENYÈ a, Bondye nou an, ki ap travèse devan nou tankou yon dife devoran. Li va detwi yo e Li va donte yo devan nou pou nou kapab chase yo sòti e detwi yo byen vit, jis jan ke SENYÈ a te pale nou an.
4 “Pa di nan kè nou, lè SENYÈ a, Bondye nou an, fin chase yo deyò devan nou, ‘Se akoz ladwati mwen, SENYÈ a te mennen mwen antre pou posede peyi sa a.’ Paske se akoz mechanste a nasyon sila yo ke SENYÈ a ap fè yo deplase devan nou. 5 Se pa akoz ladwati nou, ni kè dwat nou, ki fè nou ap vin posede peyi a, men akoz mechanste a nasyon sila yo ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap chase yo devan nou, e pou konfime pawòl la ke SENYÈ a te fè avèk zansèt nou yo, Abraham, Isaac, ak Jacob.
6 “Pou sa, byen konnen ke se pa akoz ladwati nou ke SENYÈ a ap bannou bon peyi sa a pou posede, paske nou se yon pèp tèt di.
7 “Sonje, pa bliye jan nou te pwovoke SENYÈ a, Bondye nou an, a lakòlè nan dezè a. Depi jou ke nou te kite peyi Égypte la jiskaske lè nou te rive nan kote sa a, nou tap fè rebèl kont SENYÈ a. 8 Menm nan Horeb, nou te pwovoke SENYÈ a lakòlè. SENYÈ a te tèlman fache avèk nou ke Li te prèt pou detwi nou.
9 “Lè mwen te monte nan mòn nan pou resevwa tablo wòch yo, tablo akò ke SENYÈ a te fè avèk nou an, alò, mwen te rete sou mòn nan pandan karant jou ak karant nwit. Mwen pa t manje pen ni bwè dlo. 10 SENYÈ a te ban mwen de tab wòch ki te ekri ak dwèt Bondye. Sou yo te tout pawòl ke SENYÈ a te pale avèk nou nan mòn nan, nan mitan dife a nan jou asanble a.
11 “Li te vin rive nan fen karant jou ak karant nwit yo, ke SENYÈ a te ban mwen de tablo wòch, tab akò yo. 12 Alò, SENYÈ a te di mwen: ‘Leve, desann soti isit la byen vit, paske pèp ou a ke nou te fè sòti an Égypte la te vin konwonpi. Yo te vire akote chemen ke Mwen te kòmande a. Yo te fè yon imaj fonn pou kont yo!’
13 “SENYÈ a te pale plis avè m e te di: ‘Mwen te wè pèp sa a, vrèman, li se yon pèp ki di. 14 Kite Mwen sèl pou M kapab detwi yo, e efase non yo soti anba syèl la; Mwen va fè a ou menm yon nasyon pi pwisan e pi gran ke yo.’
15 “Epi mwen te vire desann mòn nan pandan mòn nan t ap brile avèk dife a, ak de tab akò yo nan de men m yo. 16 Epi konsa, mwen te wè ke vrèman, nou te peche kont SENYÈ a Bondye nou an. Nou te fè pou nou menm yon ti bèf fonn. Nou te vire detounen byen vit kite chemen ke SENYÈ a te kòmande nou an. 17 Mwen te pran de tab sa yo; mwen te jete yo sòti nan men m, e te kraze yo devan zye nou.
18 “Mwen te tonbe ba devan SENYÈ a, yon fwa ankò. Pandan karant jou ak karant nwit mwen pa t manje pen ni bwè dlo akoz tout peche ke nou te fè nan fè sa ki mal nan zye SENYÈ a, pou pwovoke Li a lakòlè. 19 Paske Mwen te pè lakòlè ak chalè mekontantman avèk sila SENYÈ a te fache kont nou pou L te kapab detwi nou an. Men SENYÈ a te koute mwen fwa sa a tou.
20 “SENYÈ a te ase fache avèk Aaron pou detwi li. Konsa, mwen te priye anplis pou Aaron nan menm lè sa a.
21 “Mwen te pran peche nou an, ti bèf ke nou te fè a, e mwen te brile li avèk dife. Mwen te kraze li fen jiskaske li te vin tankou poud, epi mwen te jete poud li nan ti flèv dlo ki te pase desann nan mòn nan.
22 “Ankò, nan Tabeéra, nan Massa, ak nan Kibroth-Hattaava, nou te pwovoke SENYÈ a lakòlè. 23 Lè SENYÈ a te voye nou soti Kadés-Barnéa, Li te di: ‘Ale monte pou posede tè ke mwen te bannou an.’ Men nou te fè rebèl kont kòmand SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa t kwè Li, ni koute vwa Li. 24 Nou te fè rebèl kont SENYÈ a depi jou ke m te konnen nou an.
25 “Konsa, mwen te vin tonbe devan SENYÈ a pandan karant jou ak karant nwit, ke m te tonbe a, akoz SENYÈ a te di Li t ap detwi nou. 26 Mwen te priye a SENYÈ a e mwen te di: ‘O SENYÈ a, pa detwi pèp Ou a, eritaj Ou menm nan, ke Ou te peye ranson selon grandè Ou, pou Ou te mennen sòti an Égypte avèk yon men pwisan.
27 “Sonje sèvitè Ou yo, Abraham, Isaac, ak Jacob. Pa gade rebelyon a pèp sila a, ni sou mechanste yo oswa peche yo. 28 Otreman, peyi kote Ou te mennen nou sòti a, kapab di: ‘Akoz SENYÈ a pa t kapab mennen yo antre nan peyi ke Li te pwomèt yo a, e akoz Li te rayi yo, Li te mennen yo deyò pou touye yo nan dezè a.’ 29 Men se pèp Ou yo ye, eritaj Ou menm, ke Ou te mennen sòti pa gran pouvwa avèk bra lonje.”