Moïse repete lwa moral la (continued)

1451 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Detewonòm 10:1–5

1 “Nan tan sa a, SENYÈ a te di mwen: ‘Taye fòme pou kont ou de tab wòch tankou premye yo, monte kote Mwen sou mòn nan, e fè yon lach an bwa pou kont ou. 2 Mwen va ekri sou tab yo pawòl ki te nan premye tab ke ou te kraze yo, e ou va mete yo nan lach la.’

3 “Konsa, mwen te fè yon lach avèk bwa akasya e mwen te taye de tab wòch tankou premye yo, e mwen te monte sou mòn nan avèk de tab yo nan men m. 4 Li te ekri sou tab yo tankou premye ekriti a, Dis Kòmanman ke SENYÈ a te pale a nou menm sou mòn nan soti nan mitan dife a nan jou asanble a; epi SENYÈ a te ban mwen yo. 5 Konsa, mwen te vire desann kite mòn nan. Mwen te mete tab yo nan lach ke mwen te fè a, epi se la yo ye, jan SENYÈ a te kòmande mwen an.”

Detewonòm 10:10–11:32

10 “Mwen anplis te rete sou mòn nan pandan karant jou ak karant nwit tankou premye fwa a; epi SENYÈ a te koute mwen fwa sa a tou. SENYÈ a pa t dakò detwi nou. 11 Alò, SENYÈ a te di mwen: ‘Leve, ale nan vwayaj ou devan pèp la, pou yo kapab antre ladann e posede peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M bay yo a.’

12 “Alò, Israël, kisa SENYÈ a, Bondye nou an, mande a nou menm, sof ke krent SENYÈ a, mache nan tout chemen Li yo, renmen Li, e sèvi Li avèk tout kè nou ak tout nanm nou, 13 pou kenbe kòmandman SENYÈ a avèk lwa Li yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a pou pwòp avantaj pa nou.

14 “Gade byen, syèl la avèk syèl piwo yo se pou SENYÈ a, Bondye nou an, ansanm ak tè a, avèk tout sa ki ladann. 15 Sèl SENYÈ a te gen plezi pou mete sou zansèt nou yo afeksyon Li. Li te renmen yo, e Li te chwazi desandan yo apre yo, nou menm devan tout lòt pèp yo, jan li ye jodi a menm. 16 Pou sa, se pou nou sikonsi kè nou, e pa kite kè nou di ankò.

17 “Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Bondye a dye yo e SENYÈ a senyè yo. Li se Bondye ki gran an, pwisan e etonan an, ki pa montre favè a pèsòn, ni pa vann favè Li anba tab. 18 Li fè jistis pou òfelen ak vèv la, e Li montre amou Li pou etranje a lè Li ba li manje avèk rad. 19 Pou sa, montre amou pa nou vè etranje a, paske nou te etranje nan peyi Égypte la.

20 “Nou va krent SENYÈ a, Bondye nou an. Nou va sèvi Li. Kole kote Li, e nou va sèmante pa non pa Li. 21 Se Li menm ki lwanj nou, se Li menm ki Bondye nou, se Li menm ki te fè gran bagay etonan sa yo pou nou ke zye nou te wè. 22 Zansèt nou yo te desann an Égypte, swasann-dis pèsòn antou. Epi koulye a, SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou vin anpil tankou zetwal syèl yo.

11:1 “Pou sa, nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va toujou kenbe lòd Li, lwa Li yo, ak règleman Li yo, avèk kòmandman Li yo. 2 Byen konnen nan jou sa a, ke Mwen p ap pale avèk fis nou yo ki potko konnen e ki potko wè chatiman SENYÈ a, Bondye nou an,—grandè Li, men pwisans Li ak bra lonje Li a, 3 epi sign Li yo avèk zèv Li yo ke Li te fè nan mitan Égypte a Farawon an, wa Égypte la, e a tout peyi li a; 4 ak sa Li te fè a lame Égypte la, a cheval li yo avèk cha li yo, lè Li te fè dlo Lamè Wouj la kouvri yo pandan yo t ap kouri dèyè nou, e SENYÈ a te detwi yo nèt, jiska jou sa a; 5 epi sa Li te fè a nou menm nan dezè a jiskaske nou te rive nan kote sa a; 6 epi sa Li te fè aDathan avèk Abiram, fis a Éliab yo, fis a Ruben, lè tè a te ouvri bouch li, pou te vale yo, tout moun lakay yo, tant yo, ak tout bagay vivan nan tout Israël ki te swiv yo—— 7 konsa, se pwòp zye pa nou ki te wè tout gran zèv ke SENYÈ a te fè yo.

8 “Pou sa, nou va kenbe tout kòmandman ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou nou kapab gen fòs pou antre e posede peyi a nan sila nou prèt pou travèse pran an; 9 jis pou jou nou yo kapab vin pi plis nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou ba yo ak desandan pa yo, yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl. 10 Paske peyi kote nou ap antre pou posede a, se pa tankou peyi Égypte la, kote nou sòti a, kote nou te konn plante semans nou e wouze li avèk pye nou tankou yon jaden legim. 11 Men peyi kote nou prèt pou travèse pran an, yon peyi avèk ti mòn ak vale, k ap bwè dlo ki sòti nan lapli syèl la, 12 yon peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, renmen anpil. Zye a SENYÈ a, Bondye nou an, toujou sou li, soti nan kòmansman jis rive nan fen ane a.

13 “Li va vin rive ke si nou koute avèk obeyisans a kòmandman mwen yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e sèvi Li avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou, 14 ke Mwen va bay lapli pou peyi nou nan sezon li, lapli premye sezon ak lapli dènye sezon, pou nou kapab fè antre sereyal avèk diven nèf, avèk lwil. 15 Mwen va bannou zèb nan chan nou yo pou bèt nou yo, e nou va manje e va satisfè.

16 “Veye nou pou kè nou pa vin sedwi; pou nou pa vire akote pou sèvi lòt dye yo e adore yo. 17 Sinon, lakòlè SENYÈ a va limen kont nou, epi Li va fèmen syèl yo pou pa gen lapli, e tè a p ap donnen fwi li. Konsa, nou va peri vit soti nan bon peyi ke SENYÈ a ap bannou an. 18 Pou sa, nou va tache pawòl sa yo sou kè nou ak sou nanm nou. Nou va mare yo tankou yon sign sou men nou e yo va tankou très cheve nan fwon nou. 19 Nou va enstwi yo a fis nou yo nan pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache akote wout la, e lè nou kouche ak lè nou leve. 20 Nou va ekri yo nan poto chanbrann lakay nou ak sou pòtay nou yo, 21 jis pou jou nou yo avèk jou a fis nou yo kapab vin miltipliye nan peyi kote SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou bay yo, toutotan syèl yo ap rete sou tè a.

22 “Paske si nou fè atansyon pou kenbe tout kòmandman sa yo ke mwen ap kòmande nou pou fè yo, pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, pou mache nan tout chemen Li yo e kenbe fèm a Li, 23 alò, SENYÈ a va chase tout nasyon yo soti devan nou; epi nou va deplase nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou yo. 24 Nenpòt kote ke pye nou pile va vin pou nou; lizyè nou va soti nan dezè a pou jis rive Liban, soti nan rivyè a, Rivyè Euphrate la, pou jis rive nan lanmè lwès la. 25 P ap gen pèsòn ki kapab kanpe devan nou. SENYÈ a, Bondye nou an, va mete gwo panik de nou ak laperèz nou sou tout peyi kote nou foule pye nou yo, jan Li te deja pale nou an.

26 “Gade, mwen ap mete devan nou jodi a yon benediksyon avèk yon malediksyon; 27 Benediksyon an si nou koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an ke mwen kòmande nou jodi a; 28 epi malediksyon an si nou pa koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, men vire akote chemen ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou swiv lòt dye ke nou pa t konnen yo.

29 “Li va rive, ke lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou nan peyi kote n ap antre posede a, ke nou va plase benediksyon an nan mòn Garizim nan e malediksyon an nan mòn Ebal la. 30 Èske yo pa anfas Jourdain an, vè lwès, vè solèy kouche a, nan peyi Kanaaneyen ki rete Araba yo, anfas Guilgal, akote chenn Moré yo.

31 Paske nou prèt pou travèse Jourdain an pou antre posede peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, e nou va posede li pou viv ladann. 32 Nou va fè atansyon pou fè tout sa lalwa avèk jijman ke mwen ap mete devan nou jodi a.