Moïse repete lwa moral la (continued)

1451 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Detewonòm 6–7

1 “Koulye a, sa se kòmandman an, lwa ak jijman ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande mwen pou enstwi nou, pou nou ta kapab fè nan peyi kote nou va travèse pou posede a, 2 pou nou menm avèk fis nou yo avèk pitit a fis nou yo kapab gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, pou kenbe tout règleman ak kòmandman Li yo, ke Mwen te kòmande nou, tout jou nan vi nou yo, e pou jou nou yo kapab pwolonje.

3 “O Israël, ou dwe koute e fè atansyon ak sa, pou sa kapab ale byen pou nou, e pou nou kapab miltipliye anpil, jis jan ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo te pwomèt nou an, nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl.

4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.

10 “Alò, li va rive ke lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou nan peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo, Abraham, Isaac, ak Jacob pou bannou, vil ki gran e ki vrèman bèl, ke nou pa t bati, 11 epi kay yo ki plen avèk bon bagay ke nou pa t ranpli, ak sitèn yo fouye ke nou pa t fouye, chan rezen ak chan doliv ke nou pa t plante, epi nou manje e satisfè; 12 alò, veye nou menm, pou nou pa bliye SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la.

13 “Nou va krent sèlman SENYÈ a, Bondye nou an; nou va adore Li e sèmante pa non li. 14 Nou p ap swiv lòt dye yo, okenn nan dye a pèp ki antoure nou yo, 15 paske SENYÈ a, Bondye nou an, nan mitan nou, se yon Dye jalou; otreman, kòlè Bondye nou an va limen kont nou, e Li va efase nou sou fas tè a.

16 “Nou pa pou mete a leprèv SENYÈ a, Bondye nou an, jan nou te fè nan Massa a.

17 “Avèk dilijans, nou dwe kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, ak temwayaj avèk lwa Li yo, ke Li te kòmande nou.

18 “Nou va fè sa ki dwat e bon nan zye SENYÈ a, pou sa kapab ale byen pou nou e pou nou kapab antre e posede bon peyi ke SENYÈ a te sèmante pou bay a zansèt nou yo, 19 lè nou pouse mete deyò tout lènmi nou yo devan nou, jan SENYÈ a te pale a.

20 “Lè fis nou mande nou nan tan k ap vini yo, pou di: ‘Kisa temwayaj, lwa ak jijman, ke SENYÈ a te kòmande nou yo vle di?’ 21 Alò, nou va di a fis nou yo: ‘Nou te esklav a Farawon an Égypte, e SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte avèk yon men pwisan. 22 Anplis, SENYÈ a te montre gwo sign dezas ak mèvèy devan zye nou kont Égypte, Farawon, ak tout lakay li. 23 Li te mennen nou sòti kote sa a pou mennen nou antre, pou bannou peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo.’

24 “Pou sa, SENYÈ a te kòmande nou pou swiv tout lwa sa yo, pou krent SENYÈ a, Bondye nou an, pou pwòp avantaj pa nou, e pou nou kapab siviv, jan sa ye jis rive jodi a. 25 Sa va sèvi kòm ladwati pou nou si nou fè atansyon pou swiv tout kòmandman sila yo devan SENYÈ a, Bondye nou an, jis jan ke Li te kòmande nou an.

7:1 “Lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou vini nan peyi kote nou ap antre pou posede a, e chase devan nou anpil lòt nasyon, Etyen yo, Gigachyen yo, Amoreyen yo, avèk Kanaaneyen yo, Perezit yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo, sèt nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou yo; 2 epi lè SENYÈ a, Bondye nou an, delivre yo devan nou e nou fin bat yo, alò, nou va detwi yo nèt. Nou p ap fè okenn akò avèk yo e nou p ap montre yo okenn favè. 3 Anplis, nou p ap marye avèk yo. Nou pa pou bay fi nou yo bay fis pa yo, ni nou p ap pran fi pa yo pou fis nou yo. 4 Paske yo va detounen fis nou yo lwen de sèvi Mwen, pou sèvi lòt dye yo. Konsa, kòlè SENYÈ a va limen kont nou, e Li va detwi nou byen vit. 5 Men se konsa nou va fè yo: nou va chire lotèl yo, kraze pilye sakre yo, koupe an mòso tout poto Ashera yo, e brile imaj taye yo avèk dife. 6 Paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi nou kòm yon pèp ki pou pwòp posesyon pa li pami tout pèp ki sou fas latè yo.

7 “SENYÈ a pa t plase lanmou Li sou nou ni chwazi nou akoz ke nou te plis an kantite ke tout lòt pèp yo, paske nou te pi piti pase tout pèp yo, 8 men akoz SENYÈ a te renmen nou e te kenbe sèman ke Li te fè a zansèt nou yo, SENYÈ a te mennen nou sòti pa yon men pwisan, e te peye ranson nou soti nan kay esklavaj la, soti nan men Farawon, wa Égypte la.

9 “Konsa, konnen ke SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe akò Li ak lanmou dous Li pou jis rive nan mil jenerasyon avèk sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo, 10 men ki rekonpanse sila ki rayi Li yo devan figi yo, pou detwi yo. Li p ap fè reta avèk sila ki rayi Li a. Li va rekonpanse li devan figi li.

11 “Pou sa, nou va kenbe kòmandman yo, lwa avèk jijman ke Mwen ap kòmande nou yo jodi a, pou nou fè.

12 “Epi li va vin rive ke akoz nou te koute jijman sa yo, nou te kenbe e te fè yo, ke SENYÈ Bondye nou an, va kenbe nou avèk akò Li ak lanmou dous ke Li te sèmante vè zansèt nou yo. 13 Li va renmen nou, beni nou, e fè nou vin miltipliye. Li va, osi, beni fwi a vant nou, fwi a tè nou, e diven nèf ak lwil nou, kwasans a twoupo nou, avèk jenn bann mouton nou, nan peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou. 14 Nou va beni plis ke tout pèp. P ap gen ni mal, ni femèl k ap esteril pami nou ni pami bèt nou yo.

15 “Senyè a va retire pami nou tout maladi; epi Li p ap mete sou nou okenn nan move maladi Égypte ke nou te konnen yo, men Li va mete yo sou tout sila ki rayi nou yo. 16 Nou va devore tout pèp ke SENYÈ Bondye nou an, va livre bannou. Zye nou p ap bay yo pitye, ni nou p ap sèvi dye pa yo, paske sa ta yon pèlen pou nou.

17 “Si nou ta di nan kè nou: ‘Nasyon sa yo pi gran ke nou; kijan mwen kapab chase yo?’ 18 nou pa pou pè yo. Nou va byen sonje sa ke SENYÈ a, Bondye nou an, te fè Farawon ak tout Égypte: 19 Nou te wè avèk zye nou gwo eprèv, sign avèk mèvèy, men pwisan avèk bwa lonje pa sila ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti. Konsa, SENYÈ a, Bondye nou an, va fè ak tout pèp ke nou konn pè yo.

20 “Anplis, SENYÈ a, Bondye nou an, va voye gèp kont yo, jiskaske tout sila ki te rete kache yo vin mouri. 21 Nou pa pou pè yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, nan mitan nou, yon gran Bondye ki mèvèye.

22 “SENYÈ a, Bondye nou an, va netwaye retire nasyon sa yo devan nou mòso pa mòso. Nou p ap kab fini avèk yo vit yon sèl kou, paske bèt sovaj yo ta vin peple twòp pou nou. 23 Men SENYÈ a, Bondye nou an, va livre yo devan nou, e Li va jete yo nan gran konfizyon jiskaske yo vin detwi. 24 Li va livre wa yo nan men nou pou nou fè non yo peri anba syèl la. Nanpwen yon moun ki kab kanpe devan nou jiskaske nou fin detwi yo nèt.

25 “Imaj a dye pa yo, nou va brile yo avèk dife. Nou p ap anvi ni ajan ni lò ki sou yo, ni pran yo pou nou menm, sinon, sa va devni yon pèlen pou nou; paske se yon abominasyon a SENYÈ a, Bondye nou an. 26 Nou p ap fè antre yon abominasyon konsa lakay nou, oswa tankou li, nou va vin anba madichon. Rayi li nèt e deteste li, paske li se yon bagay ki anba madichon.”