Moïse repete lwa jidisyè a
1451 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
2 “Si sa twouve nan mitan nou, nan okenn vil nou yo ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou yo, yon nonm oswa yon fanm ki fè sa ki mal nan zye SENYÈ Bondye nou an, nan transgrese akò Li a, 3 epi te ale sèvi lòt dye yo pou adore yo, kit se solèy la, lalin nan, oswa nenpòt nan lame syèl la, ke mwen pa te kòmande, 4 epi si yo di nou sa, e nou te tande sa, alò, nou va fè yon ankèt avèk dilijans. Veye byen, epi si se vre, e se sèten ke bagay abominab sila a te fèt an Israël, 5 alò, nou va mennen nonm sa a oswa fanm sa a ki te fè zak mechan sa a nan pòtay nou yo, e nou va lapide li ak kout wòch jiskaske li mouri.
6 “Sou temwayaj a de temwen oswa twa temwen, sila ki dwe mouri an, va vin mete a lanmò. Li p ap mete a lanmò sou temwayaj a yon sèl temwen. 7 Se men a temwen yo k ap premye kont li pou mete li a lanmò; epi apre, se men a tout pèp la. Konsa nou va netwaye mechanste a soti nan mitan ou.
8 “Si yon ka twò difisil pou nou deside, pa egzanp, a nivo touye moun, oswa yon lòt nivo, oswa yon kalite pwosè ak yon lòt, oswa antre blese moun ak yon lòt; alò, nou va mennen yo kote SENYÈ Bondye nou an, chwazi a.
9 “Konsa, nou va rive kote prèt Levit la ki se chèf la nan jou sa yo, nou va mande yo, e yo va deklare jijman sou ka a. 10 Nou va konfòme avèk tèm a jijman sila ke yo te deklare a nou menm soti kote ke SENYÈ a chwazi a. Nou va fè atansyon pou obsève tout sa ke yo enstwi nou. 11 Selon tèm lalwa ke yo enstwi nou yo, e selon desizyon ke yo di nou, nou va fè yo. Nou pa pou vire akote pawòl ke yo deklare a nou menm yo, ni adwat, ni agoch.
12 “Nonm nan ki aji avèk ògèy e ki pa koute prèt la ki kanpe la a pou sèvi SENYÈ Bondye nou an, ni jij la, nonm sila a va mouri. Se konsa, nou va retire mal sa a soti an Israël. 13 Epi tout pèp la va tande, pou gen krentif, e yo p ap aji avèk ògèy ankò.
14 “Lè nou antre nan peyi ke SENYÈ Bondye nou an, bannou an pou posede, e nou viv ladann, nou va di: ‘Annou mete yon wa sou nou tankou tout nasyon ki antoure nou yo’. 15 Nou va, anverite, mete yon wa ke SENYÈ a chwazi sou nou, youn ki soti nan sitwayen parèy nou yo, nou va mete l kòm wa sou nou.
“Nou pa kapab mete yon etranje sou nou menm, ki pa sitwayen parèy nou. 16 Anplis, li p ap miltipliye cheval pou pwòp tèt li, ni li p ap fè pèp la retounen an Égypte pou miltipliye cheval; akoz SENYÈ a te di nou: ‘Nou p ap retounen la ankò.’ 17 Li p ap pran anpil fanm; sinon, kè li va detounen. Ni li p ap ranmase anpil ajan avèk lò pou tèt li.
18 “Alò, li va rive ke lè li chita sou twòn wayòm li an, li va ekri pou tèt li yon kopi de lwa sila a sou yon woulo papye, nan prezans prèt Levit yo. 19 Li va rete avèk li, e li va li li pandan tout jou lavi li, pou li kapab aprann gen krent SENYÈ a, Bondye li a, pou l swiv avèk atansyon tout pawòl lwa sa a, ak règleman sila yo, pou fè yo; 20 e pou li pa konsidere tèt li pi bon ke Izrayelit parèy li yo, e ke li pa detounen de kòmandman an, ni adwat, ni agoch, dekwa ke li menm avèk fis li yo kapab dire anpil tan nan wayòm li a nan mitan Israël.
18:1 “Prèt Levit yo, tout tribi Lévi a, pa pou gen pati oswa eritaj avèk Israël. Yo va manje ofrann pa dife SENYÈ a ki se pati pa Li. 2 Yo pa pou gen eritaj pami Izrayelit parèy yo. SENYÈ a se eritaj pa yo, jan Li te pwomèt yo a.
3 “Men sa va dwa prèt yo ke moun yo dwe fè, ki soti nan sila ki ofri an sakrifis yo, kit yon bèf, oswa yon mouton; ladann, yo va bay prèt la zepòl la avèk de machwè yo, ak tout vant lan. 4 Nou va ba li premye fwi a sereyal yo, diven nèf nou, lwil nou, ak premye lenn mouton nou yo. 5 Paske SENYÈ a te chwazi li ak fis li yo pami tout tribi nou yo pou kanpe e sèvi nan non SENYÈ a jis pou tout tan.
6 “Alò, si yon Levit sòti nan youn nan vil nou yo atravè tout Israël kote li rete a, e li vini nenpòt lè li vle kote ke SENYÈ a chwazi a, 7 alò, li va sèvi nan non SENYÈ a, Bondye li a, tankou tout Levit parèy li yo ki kanpe la devan SENYÈ a. 8 Li dwe gen pòsyon egal nan benefis pa yo a, menmlè li te resevwa nan kòb vant posesyon fanmi an.
9 “Lè nou antre nan tè ke SENYÈ a, Bondye nou an bannou an, nou p ap aprann imite bagay abominab a nasyon sa yo. 10 Pa kite yo jwenn okenn pami nou ki sakrifye fis yo oswa fi yo nan dife, youn pami nou ki pratike divinasyon ak maji, ki fè entèpretasyon sign, oswa youn pami nou ki fè wanga, 11 ni youn pami nou ki fè cham, k ap prale nan tab tounant, moun k ap rele lespri yo vin parèt, ni youn pami nou ki rele mò yo monte. 12 Paske nenpòt moun ki fè bagay sa yo abominab a SENYÈ a. Akoz bagay abominab sa yo, SENYÈ a, Bondye nou an, va chase yo sòti devan nou.
13 “Fòk nou san fot devan SENYÈ a, Bondye nou an.
14 “Paske nasyon sa yo ke nou va deplase yo, koute konsèy a sila ki pratike maji ak sila ki fè divinasyon yo; men pou nou, SENYÈ a, Bondye nou an, pa t pèmèt ke nou fè sa. 15 SENYÈ Bondye nou an, va fè leve nan mitan nou yon pwofèt tankou mwen, pami Izrayelit parèy nou yo, nou va koute li. 16 Paske se sa nou te mande SENYÈ a, Bondye nou an, nan mòn Horeb nan jou asanble a, e nou te di: ‘Annou pa tande ankò vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, annou pa wè gran dife sa a ankò, oswa nou va mouri.’
17 “SENYÈ a te di mwen: ‘Yo te pale byen.
18 “‘Mwen va fè leve yon pwofèt soti nan mitan Izrayelit parèy yo tankou ou, Mwen va mete pawòl Mwen nan bouch li, e li va pale avèk yo tout sa ke Mwen kòmande li. 19 Li va vin rive ke nenpòt moun ki pa koute pawòl Mwen yo ke li va pale nan non Mwen, Mwen Menm, Mwen va egzije sa de li menm. 20 Men pwofèt ki pale yon mo avèk awogans nan non Mwen, mo Mwen pa t kòmande li pale, oswa ke li pale nan non a lòt dye yo, pwofèt sila a va mouri.’
21 “Nou kapab di nan kè nou: ‘Kijan nou va konnen pawòl ke SENYÈ a pa t pale?’ 22 Lè yon pwofèt pale nan non SENYÈ a, si bagay la pa fèt, oswa pa rive vre, se bagay sa ke SENYÈ a pa t pale a. Pwofèt la te pale li avèk awogans. Nou pa pou pè li.