Moïse repete lwa seremoni yo (continued)

1451 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Detewonòm 15:1–17:1

1 “Nan fen chak sèt ane, nou va bay yon remisyon pou dèt yo. 2 Se konsa remisyon an va ye: tout moun ki prete yon moun yo va bliye sa ke li te prete vwazen li an. Li pa pou egzije li a vwazen li ni frè li, akoz remisyon an te pwoklame.

3 “A yon etranje, nou gen dwa egzije li; men nou va bliye nenpòt sa ki pou nou avèk frè nou. 4 Sepandan, p ap gen malere pami nou, (akoz SENYÈ a va, anverite, beni nou nan peyi ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou kòm yon eritaj pou posede) 5 si sèlman ou koute avèk obeyisans a vwa SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv avèk atansyon tout kòmandman sila ke mwen ap kòmande nou jodi a.

6 “Paske SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou jan Li te pwomèt nou an. Nou va prete a anpil nasyon, men nou p ap prete nan men yo. Nou va domine sou anpil nasyon, men yo p ap domine sou nou.

7 “Si gen yon malere pami nou, youn nan frè nou yo, nan nenpòt vil nou yo nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, nou pa pou fè kè nou di, ni sere men nou kont frè malere a. 8 Men nou va louvri men nou byen laj vè li, e nou va prete a li avèk jenewozite sa ki sifi pou li nan nenpòt sa li manke.

9 “Fè atansyon pou nou pa vin gen yon lide mechan nan kè nou ki di: ‘Setyèm ane a, lane pou remisyon an prè;’ epi zye nou vin move kont frè nou ki malere a, pou nou pa ba li anyen. Alò, konsa li kab kriye a SENYÈ a kont nou, epi sa va peche nan nou. 10 Nou va ba li avèk jenewozite, san fè kè tris lè nou ba li. Paske pou bagay sa a, SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou ak tout sa ke nou antreprann.

11 “Paske malere yo p ap janm sispann la nan peyi a. Akoz sa, mwen kòmande nou, e di: ‘Nou va louvri men nou byen laj a frè malere nou yo avèk pòv nan peyi nou yo.’

12 “Si moun peyi parèy nou yo, yon Ebre, gason oswa fanm, vann a nou menm, alò, li va sèvi nou pandan sis ane, men nan setyèm ane a, nou va ba li libète. 13 Lè nou lage li, nou p ap voye li ale men vid. 14 Nou va byen founi li soti nan bann mouton an, rekòlt jaden ak nan sitèn diven an. Nou va ba li jan SENYÈ a, Bondye nou an, te beni nou an. 15 Nou va sonje ke nou te esklav nan peyi Égypte la, e SENYÈ a, Bondye nou an, te peye ranson nou. Pou sa, mwen kòmande nou sa, jodi a.

16 “Li va vin rive ke si li di nou: “Mwen p ap sòti kite nou,” paske li renmen nou avèk tout lakay nou, akoz ke sa mache byen pou li avèk nou; 17 alò, nou va pran yon pik byen file pou pèse zòrèy li nèt antre nan poto pòt la, epi li va sèvitè nou nèt. Osi, nou va fè menm bagay la avèk sèvant yo. 18 Li p ap sanble li difisil pou nou lè nou lage li, paske li te bannou sis ane nan doub sèvis yon anplwaye. Konsa, SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou nan nenpòt sa nou fè.

19 “Nou va konsakre a SENYÈ a, Bondye nou an, tout mal premye ne ki fèt nan twoupo oswa bann mouton nou yo. Nou p ap travay avèk premye ne nan twoupo nou, ni taye lenn nan premye ne nan bann mouton an. 20 Nou avèk tout lakay nou va manje li chak ane devan SENYÈ a, Bondye nou an, nan kote ke SENYÈ a chwazi a.

21 “Men si li gen yon defo, tankou bwate, avèg, oswa nenpòt gwo defo, nou pa pou fè sakrifis li bay SENYÈ a, Bondye nou an. 22 Nou va manje li anndan pòtay nou yo. Pa pwòp la avèk pwòp la menm jan an, tankou yon kabrit mawon oswa yon sèf. 23 Sèlman, nou p ap bwè san li. Nou dwe vide li atè tankou dlo.

16:1 “Obsève mwa Abib lan pou selebre Pak a SENYÈ a, Bondye nou an; paske nan mwa Abib lan, SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti an Égypte nan nwit lan. 2 Nou va fè sakrifis Pak a SENYÈ a, Bondye nou an, soti nan bann mouton avèk twoupo a, kote SENYÈ a chwazi pou etabli non Li an.

3 “Nou p ap manje pen ak ledven avè l. Sèt jou, nou va manje nan li pen san ledven, pen afliksyon an (paske nou te sòti nan peyi Égypte la prese prese), pou nou kab sonje tout jou sa a tout lavi nou, jou ke nou te sòti nan peyi Égypte la. 4 Pandan sèt jou, p ap gen ledven k ap parèt pami nou nan tout tèritwa nou yo; ni okenn nan chè ke nou sakrifye nan aswè premye jou a, p ap rete tout nwit lan pou rive maten.

5 “Nou pa kapab fè sakrifis Pak la nan nenpòt nan vil ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou yo, 6 men kote SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi pou etabli non Li an, nou va fè sakrifis Pak la nan aswè, nan lè solèy kouche, nan menm lè jou ke nou te sòti an Égypte la. 7 Nou va kwit e manje li nan plas ke SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi a. Nan maten, nou va retounen nan tant yo. 8 Sis jou, nou va manje pen san ledven an. Konsa, nan setyèm jou a, va genyen yon konvokasyon solanèl a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou fè okenn travay nan li.

9 “Nou va kontwole sèt semèn pou kont nou. Nou va kòmanse konte sèt semèn yo soti nan lè nou kòmanse mete kouto nan grenn sereyal la. 10 Epi nou va selebre Fèt Semèn a SENYÈ yo, Bondye nou an, avèk don a yon ofrann bòn volonte nan men nou, ke nou va bay selon jan SENYÈ a beni nou. 11 Konsa, nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè avèk sèvant nou yo, Levit ki nan vil nou an, e etranje avèk òfelen ak vèv ki nan mitan nou yo, nan kote ke SENYÈ Bondye nou an, chwazi pou etabli non Li an. 12 Nou va sonje ke nou te esklav an Égypte, e nou va fè atansyon pou obsève tout lwa sa yo.

13 “Nou va selebre Fèt Tonèl yo sèt jou apre nou fin fè antre, tout grenn jaden ak sitèn diven an. 14 Nou va rejwi nan fèt nou, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant nou yo, Levit la ak etranje a, òfelen ak vèv ki nan vil nou yo. 15 Sèt jou, nou va selebre yon fèt a SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke SENYÈ a chwazi a, akoz SENYÈ Bondye nou an, va beni nou nan rekòlt nou yo ak nan tout travay men nou yo, pou nou kab vin ranpli nèt avèk jwa.

16 “Twa fwa pa ane, tout mal nou yo va parèt devan SENYÈ, Bondye nou an, kote Li chwazi a, nan Fèt Pen San Ledven an, nan Fèt Semèn yo, nan Fèt Tonèl yo, e yo p ap parèt devan SENYÈ a men vid. 17 Chak moun va bay jan li kapab, selon benediksyon SENYÈ a, te bannou an.

18 “Nou va chwazi pou nou menm jij avèk ofisye nan tout vil ke SENYÈ, Bondye nou an, ap bannou yo, selon tribi yo, e yo va jije pèp la avèk jijman ki dwat. 19 Nou p ap tòde jistis la. Nou p ap fè patipri, e nou p ap pran anyen anba tab; paske afè anba tab avegle zye a saj yo, e pèvèti pawòl a sila ki dwat yo. 20 Lajistis e se sèl lajistis nou va swiv, pou nou kapab viv e posede peyi ke SENYÈ, Bondye nou an, ap bannou an.

21 “Nou pa pou plante pou kont nou yon Ashera, ni okenn kalite pyebwa akote lotèl SENYÈ a, Bondye nou an, ke nou va fè pou tèt nou. 22 Nou pa pou etabli pou kont nou okenn wòch sakre ke SENYÈ Bondye nou an, rayi.

17:1 “Nou p ap fè sakrifis a SENYÈ Bondye nou an, ni bèf, ni mouton ki gen fot oswa okenn defo; paske sa se yon bagay abominab a SENYÈ a, Bondye nou an.