Moïse repete lwa seremoni yo (continued)
1451 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 “Si yon pwofèt, oswa yon moun ki konn fè rèv leve pami nou; si l anonse de nou yon sign oswa yon mèvèy, 2 epi sign oswa mèvèy ke li te pale a vin vrè, konsènan lè li te pale avèk nou an, pou l te di: ‘Annou ale apre lòt dye (ke nou pa t konnen yo); epi annou sèvi yo,’ 3 nou pa pou koute pawòl a pwofèt sila yo oswa moun rèv sa yo. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, ap pase nou a leprèv pou wè si nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, e avèk tout nanm nou.
4 “Nou va swiv SENYÈ a, Bondye nou an, e krent Li. Nou va kenbe kòmandman Li yo, e obeyi vwa Li. Nou va sèvi Li, e kenbe fèm nèt ak Li. 5 Men pwofèt la oswa sila ki fè rèv sila a, va vin mete a lanmò, akoz li te konseye rebelyon kont SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, epi ki te peye ranson nou pou soti nan kay esklavaj la, pou sedwi nou nan chemen ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou mache a. Konsa, nou va retire mechanste sa a pami nou.
6 “Si frè ou a, fis a manman ou a, oswa fis pa w la, oswa fi pa w la, oswa madanm ke nou renmen anpil la, oswa zanmi nou ki tankou pwòp nanm nou an, vin sedwi nou an sekrè pou di: ‘Annou ale sèvi lòt dye yo,’ (ke ni nou menm ni zansèt nou yo, pa t konnen), 7 nan dye pèp ki antoure nou yo, kit li touprè, kit li lwen, soti nan yon pwent latè jis rive nan lòt pwent lan), 8 nou pa pou dakò avè l, ni koute li. “Ni zye noupa pou fè pitye de li. Nou p ap fè pa li, ni pwoteje li. 9 Men anverite, nou va touye li. Men ou va premye itilize pou mete li a lanmò, epi apre, men a tout pèp la. 10 Konsa, nou va lapide li ak kout wòch jiska lanmò, akoz li te chache sedwi nou pou kite SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la. 11 Konsa, tout Israël va tande pou vin gen lakrent; epi pèsòn pami nou p ap janm fè yon bagay mechan konsa ankò.
12 “Si nou tande de youn nan vil ke SENYÈ a ap bannou pou viv ladann yo, 13 ke kèk sanzave te sòti pami nou pou te sedwi abitan a vil pa yo, e te di: ‘Annou ale sèvi lòt dye’ (ke nou pa t janm konnen yo), 14 alò, nou va fè ankèt pou byen chache.
“Si se vrè, zafè a vin etabli ke abominasyon te fèt pami nou, 15 nou va, vrèman, frape sila ki viv nan vil sa a avèk lam nepe. Nou va detwi li nèt avèk tout sa ki ladan l, ni bèt li yo avèk lam nepe. 16 Konsa, nou va ranmase tout byen ki sezi nan mitan lari li, epi brile vil la avèk tout byen li avèk dife, kòm yon ofrann brile konplè bay SENYÈ a, Bondye nou an. Li va rete yon pil mazi jis pou tout tan. Li p ap janm rebati.
17 “Anyen nan zafè entèdi sa a p ap kole nan men nou, pou SENYÈ a kapab detounen nan kòlè Li k ap brile a, epi montre mizerikòd anvè nou, gen konpasyon pou nou, e fè nou vin miltipliye jan Li te sèmante a zansèt nou yo, 18 si nou va koute vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, e kenbe tout kòmandman Li yo ke mwen ap kòmande nou jodi a; epi fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, Bondye nou an.
14:1 “Nou se fis a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou p ap blese kò nou, ni pase razwa sou fwon nou pou koz lanmò. 2 Paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. SENYÈ a te chwazi ou kòm yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, sòti nan tout pèp ki sou sifas tè a.
3 “Nou pa pou manje okenn bagay abominab. 4 Sila yo se bèt ke nou kapab manje: bèf, mouton, kabrit, 5 Sèf, kabrit mawon, den, bèf mawon, boukten, antilòp, ak mouton mòn. 6 Nenpòt bèt ak zago divize ki remonte manje li pami tout bèt yo, sila nou kapab manje.
7 “Sepandan, pami sila ki remonte manje yo, oswa sila ki divize zago an de yo: chamo, lapèn ak daman; akoz, malgre yo remonte manje, yo pa divize zago yo, yo pa pwòp pou nou. 8 Kochon, paske li divize zago a, men pa remonte manje, li pa pwòp pou nou. Nou pa pou manje anyen nan chè li, ni touche kò mouri yo.
9 “Sila nou kapab manje nan tout sa ki nan dlo yo: Nou ka manje nenpòt sa ki gen zèl naje avèk kal, 10 men okenn nan yo ki pa gen zèl naje avèk kal, nou pa pou manje yo; se pa pwòp pou nou.
11 “Nou kapab manje nenpòt zwazo ki pwòp. 12 Men sila ke nou pa pou manje yo: èg, lòfre ak malfini lanmè, 13 milan wouj, otou, votou ak tout kalite parèy yo, 14 kòbo ak tout kalite parèy yo, 15 otrich, ibou, poul dlo, ak malfini avèk tout kalite parèy yo, 16 koukou, frize, gwo kana mawon blan, 17 grangozye, plonjon, chwèt, 18 sigòy, krabye, ak kalite parèy yo, sèpantye, tchotcho ak chòv-souri.
19 “Tout reptil avèk zèl pa pwòp pou nou. Yo pa pou manje. 20 Nou kapab manje nenpòt zwazo ki pwòp.
21 “Nou pa pou manje okenn bagay ki mouri pou kont li. Nou gen dwa bay li a etranje ki rete nan vil nou, pou li kab manje l, oswa nou kapab vann li a yon etranje; paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou bouyi yon jenn ti kabrit ki nan lèt manman.
22 “Chak ane, nou va, anverite, bay ladim nan tout pwodwi a sila ke nou plante yo, ki sòti nan chan. 23 Nou va manje nan prezans SENYÈ a, kote Li chwazi pou etabli non Li an, dim a sereyal nou, a diven nèf nou, a lwil nou, premye ne a twoupo nou ak bann mouton nou, pou nou kapab vin aprann krent SENYÈ a, Bondye nou an, jis pou tout tan.
24 “Si distans lan tèlman gran pou nou, pou nou pa kapab pote yon dim, akoz kote SENYÈ Bondye nou an chwazi pou mete non Li an twò lwen nou, lè SENYÈ Bondye nou an, beni nou, 25 alò, nou va twoke li pou lajan; epi mare lajan an nan men nou pou ale kote SENYÈ Bondye nou an, chwazi a. 26 Nou kapab depanse lajan an pou nenpòt sa ke kè nou dezire: pou bèf kabwèt, oswa mouton, oswa diven, oswa bwason ki fò, oswa nenpòt sa kè nou dezire; epi la, nou va manje nan prezans SENYÈ a, Bondye nou an; epi rejwi nou menm avèk tout lakay nou. 27 Osi, nou p ap neglije Levit ki nan vil nou an, paske li pa gen pati ni eritaj pami nou.
28 “Nan fen chak twazyèm ane, nou va pote tout dim a sila nou pwodwi pou ane sa a, e nou va depoze li nan pwòp vil pa nou an. 29 Levit la, akoz li pa gen pati oswa eritaj pami nou, e etranje, òfelen, ak vèv ki nan vil nou yo, yo va manje e satisfè, jis pou SENYÈ a, Bondye nou an, beni nou nan tout travay ke men nou fè.