Moïse repete lwa jidisyè a (continued)
1451 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 “Lè SENYÈ a, Bondye nou an, koupe retire nasyon yo, pou bannou tè pa yo a, pou nou deplase yo pou nou vin rete nan vil yo ak nan kay yo, 2 “Nou va mete akote twa vil pou nou menm nan mitan peyi nou an, ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou pou posede a. 3 Nou va prepare wout pou nou menm, e divize an twa pati tèritwa a peyi ke SENYÈ a va bannou kòm posesyon an, jis pou nenpòt moun ki touye moun kapab sove ale ladann.
4 “Men sa se kondisyon ka a moun ki kapab sove ale rive la pou viv: Lè li vin touye zanmi li san entansyon eksprè, san ke li pa t rayi li avan—— 5 tankou lè yon nonm antre nan forè avèk zanmi li pou koupe bwa, epi men li voye rach la pou koupe bwa a, fè tèt fè a vin pati pou l frape zanmi li an, e li mouri—-li kapab sove ale nan youn nan vil sa yo pou viv. 6 Otreman, vanjè san an ta petèt kouri dèyè sila ki touye moun nan, epi nan chalè kòlè li, rankontre l akoz distans lan twòp, e pran lavi li, malgre li pa t merite mouri, akoz ke li pa t rayi li avan. 7 Pou sa, mwen kòmande nou, e di: ‘Nou va mete apa twa vil pou nou menm.’
8 “Si SENYÈ, Bondye nou an, fè tèritwa nou an vin pi gran, jan li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou tout tè ke li te pwomèt pou bay zansèt nou yo; 9 epi si nou fè atansyon pou swiv tout kòmandman sa ke mwen kòmande nou jodi a yo, pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e mache nan vwa pa Li pou tout tan—-alò, nou va ogmante anplis twa vil ankò pou nou menm. 10 Jis pou san inosan pa vèse nan mitan tèritwa nou an, ke SENYÈ a bannou kòm eritaj la, e pou koupabilite san an pa vin rete sou nou.
11 “Men si vin gen yon nonm ki rayi vwazen li, li kouche an kachèt pou li, li leve kont li pou frape li jiskaske li vin mouri, e li sove ale rive nan youn nan vil sa yo, 12 alò, ansyen nan vil li yo va voye pran li soti la. Konsa, yo va livre li nan men vanjè san an, pou li kapab mouri. 13 Nou pa pou gen pitye pou li, men nou gen pou fè netwayaj san inosan an soti an Israël pou sa kapab ale byen pou nou.
14 “Nou pa pou deplase lizyè tè vwazen nou, ke zansèt yo te etabli kòm eritaj nou ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou pou posede.
15 “Yon sèl temwen pa kapab leve kont yon moun sou koz nenpòt inikite oswa peche ke li te fè. Sou temwayaj a de oswa twa temwen, yo kapab konfime yon ka.
16 “Si yon temwen malveyan leve kont yon nonm pou akize li kòm malfektè, 17 alò, tou de moun ki gen dispit yo, va kanpe devan SENYÈ a, devan prèt avèk jij ki ofisye nan jou sa yo.
18 “Jij yo va fè ankèt konplè; epi si temwayaj la se yon fo temwayaj, e li te fè fo temwayaj kont frè l, 19 alò, nou va fè li menm bagay ke li t ap fè rive a frè li a. Konsa, nou va netwaye mechanste fèt pami pèp nou an. 20 Lòt yo va tande, vin gen krentif, e yo p ap janm fè ankò yon bagay mechan konsa pami nou. 21 Konsa, zye nou p ap gen pitye: vi pou vi, zye pou zye, dan pou dan, men pou men, pye pou pye.
20:1 “Lè nou ale fè batay kont lènmi nou yo, nou wè cheval avèk cha ak pèp ki plis pase nou, pa pè yo; paske SENYÈ a, Bondye nou an, ki te fè nou sòti kite peyi Égypte la, avèk nou. 2 Lè nou ap pwoche batay la, prèt la va pwoche pou pale avèk pèp la. 3 Li va di yo: ‘Tande O Israël, n ap pwoche batay la kont lènmi nou yo jodi a. Pa fè kè sote. Pa pè, ni pa sezi, ni tranble devan yo, 4 paske se SENYÈ a, Bondye nou an, ki prale avèk nou, pou goumen pou nou kont lènmi nou yo, pou sove nou.’
5 “Ofisye militè yo, osi, va pale avèk pèp la, e di: ‘Se kilès nan mesye yo ki te bati yon kay tounèf e ki poko etabli ladann? Kite li sòti retounen lakay li. Otreman, li kab mouri nan batay la, e yon lòt va vin etabli ladann. 6 Kilès nan mesye yo ki te plante yon chan rezen e ki poko sèvi nan fwi li? Kite li sòti retounen lakay li. Otreman, li kapab mouri nan batay la e yon lòt moun va vin sèvi nan fwi li a. 7 Epi kilès nan mesye yo ki fiyanse a yon fi e ki poko marye avè l? Kite li sòti retounen lakay li. Otreman, li kapab mouri nan batay la e yon lòt mesye kapab vin marye avè l.’
8 “Konsa, ofisye yo va pale plis avèk pèp la pou di: ‘Kilès nan mesye yo ki gen laperèz oswa ki manke gen kouraj? Kite li sòti retounen lakay li pou li pa fè kè frè li yo fann tankou kè pa li.’ 9 Lè ofisye yo fin pale ak pèp la, yo va chwazi kòmandan lame yo kòm chèf an tèt pèp la.
10 “Lè nou pwoche yon vil pou goumen kont li, nou va ofri li kondisyon lapè. 11 Si li dakò pou fè lapè avèk nou e louvri pou nou; alò, tout pèp ki ladann yo va devni fòs travay kòve nou, e va sèvi nou. 12 Men si li pa fè lapè avèk nou, men fè lagè kont nou, alò, nou va fè syèj kont li.
13 “Lè SENYÈ a, Bondye nou an, livre li nan men nou, nou va frape tout mesye yo avèk lam nepe. 14 Sèlman fanm avèk pitit avèk bèt avèk tout piyaj la, nou va pran kòm byen ki sezi pou kont nou. Nou gen dwa sèvi piyaj lènmi nou yo ke SENYÈ a te bannou.
15 “Konsa, nou va fè a tout vil ki lwen nou yo, ki pa pati nan vil a nasyon ki toupre yo.
16 “Sèlman, nan vil a pèp sa yo ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou kòm eritaj la, nou pa pou kite anyen viv ki respire. 17 Nou va detwi yo nèt; Etyen yo, Amoreyen yo, Kanaaneyen yo, Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an, 18 jis pou yo pa vin enstwi nou selon tout bagay abominab ke yo te fè pou dye pa yo, pou nou vin peche kont SENYÈ a, Bondye nou an.
19 “Lè nou fè syèj yon vil pandan anpil tan, pou fè lagè kont li pou nou kapab pran li an kaptivite, nou pa pou detwi pyebwa li yo nan voye rach sou yo; pou nou kapab manje nan yo, e nou pa pou koupe yo. Paske èske pyebwa chan an se yon moun, ke nou ta dwe fè syèj ladann? 20 Sèlman bwa ke nou konnen ki pa bay fwi yo, nou va detwi yo e koupe yo, pou nou kapab konstwi syèj yo kont vil ki kont nou an, jiskaske l fin tonbe.