Moïse repete lwa jidisyè a (continued)
1451 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 “Si yon moun yo te touye, twouve kouche nan mitan chan nan peyi ke SENYÈ a bannou pou posede a, epi yo pa konnen ki moun ki te frape li, 2 alò, ansyen nou yo avèk jij nou yo va ale deyò pou mezire distans pou rive nan vil ki antoure sila ke yo te touye a.
3 “Li va fèt ke vil ki pi pre moun ke yo te touye a, la pou ansyen nan vil sa a pran yon bèf gazèl ki sòti nan twoupo a, ki poko travay, e ki poko rale chaj. 4 Konsa, ansyen nan vil sa yo va mennen gazèl la desann nan yon vale avèk kouran dlo, ki potko raboure ni plante. Li va kase kou gazèl la nan plas kote vale a.
5 “Alò, prèt yo, fis a Levit yo, va pwoche toupre, paske SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi yo pou sèvi Li e pou beni nan non SENYÈ a; chak kont, chak ka blese, se yo menm k ap regle yo. 6 Tout ansyen nan vil ki pi pre moun ke yo te touye a va lave men yo sou gazèl kou kase nan vale a. 7 Yo va reponn e di: ‘Men nou pa t vèse san sa a, ni zye nou yo pa t wè li. 8 Padone pèp Ou a, Israël, ke ou te peye ranson pou li a; O SENYÈ, pa mete koupabilite san inosan an nan mitan pèp Ou a, Israël.’ Epi koupabilite san pa yo a va padone. 9 Konsa, nou va retire koupabilite san inosan an soti nan mitan nou, lè nou fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a.
10 “Lè nou sòti nan batay kont lènmi nou yo, epi SENYÈ, Bondye nou an, livre yo nan men nou pou nou mennen yo ale an kaptivite, 11 epi nou vin wè pami kaptif yo yon bèl fanm, nou gen yon dezi pou li pou ta pran li kòm madanm pou nou menm, 12 alò, nou va mennen li lakay nou. Li va pase razwa sou tèt li, e taye zong li. 13 Li va, osi, retire rad kaptivite li yo, e li va fè lamantasyon pou papa li avèk manman li pandan jis yon mwa. Apre, nou kapab vin antre ladann pou vin mari li, e li va madanm nou. 14 Li va rive ke, si nou pa kontan avèk li, alò, nou va kite li ale kote li vle a; men anverite, nou p ap gen dwa vann li pou lajan. Nou p ap maltrete li, akoz nou te imilye li.
15 “Si yon nonm gen de madanm, youn ke li renmen anpil e lòt la ke li pa renmen, epi toude fè fis pou li, si premye ne a, se pou sila ke li pa renmen an, 16 epi li va rive nan jou ke li vin separe byen li gen avèk fis li yo, li pa kapab fè fis a sila li te renmen an vin premye ne avan fis a sila li pa t renmen an, ki se premye ne a. 17 Men li va rekonèt premye ne a, fis a sila li pa t renmen an, avèk yon doub pòsyon a tout sa li posede; paske se te kòmansman fòs li. A li devni dwa a premye ne a.
18 “Si yon nonm vin gen yon fis tèt di k ap fè rebelyon, epi li refize obeyi papa li oswa manman li, epi lè l resevwa chatiman, li pa menm koute yo, 19 alò, papa li avèk manman li va sezi li, e mennen li deyò vè ansyen vil yo nan pòtay vil pa li a. 20 Yo va di a ansyen vil yo: ‘Fis pa nou sa a tèt di e rebèl, li refize obeyi nou, li voras, e li bwè anpil gwòg.’ 21 Alò, tout mesye lavil yo va lapide li ak kout wòch jiska lanmò. Konsa, nou va retire mal sa a nan mitan nou. Tout Israël va tande bagay sa a e yo va vin gen krentif.
22 “Si yon nonm te fè yon peche ki merite lanmò, epi nou fè l pann sou yon bwa, 23 kò li pa pou pann tout nwit lan sou bwa a, men nou va, anverite, antere li nan menm jou a. (Paske sila ki pann nan, modi pou Bondye.) Se konsa pou nou pa degrade tè ke Bondye te bannou kòm eritaj la.
22:1 “Nou pa pou wè bèf a vwazen parèy nou, oswa mouton k ap pati, pou nou pa okipe yo. Anverite, nou va mennen yo retounen bay vwazen parèy nou an. 2 Si vwazen nou an pa pre nou, oswa nou pa konnen li, alò, nou va mennen li lakay nou, e li va rete la jiskaske vwazen nou vin chache li, pou nou remèt li a li menm. 3 Konsa, nou va fè avèk bourik li. Nou va fè menm jan an avèk manto li. Nou va fè menm jan an avèk nenpòt bagay ke li pèdi lè nou twouve l. Ou pa gen dwa neglije bagay sa yo.
4 “Nou pa pou wè bourik, ni bèf a vwazen nou ki tonbe nan chemen, pou nou pa okipe yo. Anverite, nou va ede li leve yo.
5 “Yon fanm pa pou mete rad gason, ni gason mete rad fanm. Lè yon moun fè bagay sa a, yo abominab a SENYÈ Bondye nou an.
6 “Si nou vin jwenn yon nich zwazo akote chemen an, nan nenpòt pyebwa oswa atè, avèk ti jèn zwazo yo oswa ze yo, epi manman an chita sou ti zwazo oswa sou ze yo, nou pa kapab pran manman an ansanm avèk ti jèn zwazo yo. 7 Nou va, anverite, kite manman an sòti lib. Men jèn ti zwazo yo, nou kapab pran yo pou nou menm, pou sa kapab byen pou nou e pou nou kapab viv pandan anpil jou.
8 “Lè nou bati yon kay tounèf, nou va fè yon balistrad ki antoure tèras twati a pou nou pa vin koupab de san si yon moun ta vin tonbe.
9 “Nou pa pou plante chan rezen an avèk de kalite semans; oswa, tout pwodwi ki sòti nan sa nou plante a, ak pwodwi chan rezen an, va vin gate.
10 “Nou pa pou raboure avèk yon bèf ak yon bourik ansanm.
11 “Nou pa pou mete twal ki mele len avèk twal fen tankou koton ansanm. 12 Nou va fè ponpon nan kat kwen vètman ki kouvri nou yo.
13 “Si yon nonm pran yon madanm pou ale sou kabann avèk li, epi pita li vin vire kont li 14 pou l akize li de zak k ap gate repitasyon li, pou l di: ‘Mwen te pran fanm sa a, men lè m te pwoche l, mwen pa t twouve li vyèj,’ 15 alò, papa avèk manman fi a va pran li e prezante temwayaj prèv ke li te vyèj bay ansyen lavil yo devan pòtay la. 16 Papa a fi a va di a ansyen yo: ‘Mwen te bay pitit mwen a mesye sila a kòm madanm, men li te vire kont li. 17 Konsa, veye byen, li te akize li a zak ki gate repitasyon li. Li te di: “Mwen pa t twouve fi nou an vyèj.” Men temwayaj vijinite li.’ Yo va ouvri vètman an devan ansyen lavil la. 18 Konsa, ansyen yo va pran nonm nan pou ba li chatiman. 19 Konsa, yo va fè l peye san sik an ajan, pou bay a papa fi a, akoz li te fè difamasyon piblikman sou yon fi an Israël. Epi konsa, li va rete toujou kòm madanm li. Li p ap ka divòse ak li pandan tout jou li yo.
20 “Men si akizasyon sa a vrè, ke fi a pa t vyèj, 21 alò, yo va mennen fi a deyò pòtay lakay papa l la, epi mesye lavil yo va lapide li jiskaske li mouri akoz li te komèt yon betiz lèd an Israël, lè l te fè pwostitisyon lakay papa l la. Konsa, nou va retire mal la pami nou.
22 “Si yo twouve yon nonm kouche avèk yon fanm ki marye, alò, yo toude va mouri, nonm ki te kouche avè l la, ansanm ak fanm nan. Konsa, nou va retire mal la sou Israël.
23 “Si gen yon fi ki vyèj ki fiyanse ak yon nonm, epi yon lòt mesye twouve li nan vil la, e kouche avèk li, 24 alò, nou va mennen yo toude deyò pòtay vil sa a, epi nou va lapide yo ak kout wòch jiska lanmò. Fi a, akoz li pa t kriye fò nan vil la, e mesye a, akoz li te vyole fanm vwazen li an. Konsa, nou va retire mal la pami nou.
25 “Men si se nan chan deyò ke mesye a vin jwenn fi ki fiyanse a; epi mesye a fòse li kouche avèk li; alò, sèlman mesye ki kouche avèk li a, va mouri. 26 Men nou p ap fè fi a anyen. Nanpwen peche nan fi a ki merite lanmò; paske menm jan ke yon nonm leve kont vwazen li pou touye li a, se konsa ka sa a ye. 27 Lè li te twouve li nan chan an, fi fiyanse a te kriye fò, men li pa t gen pèsòn la pou sove l.
28 “Si yon nonm twouve yon fi ki vyèj, ki pa fiyanse, epi sezi li pou kouche avèk li, e li vin dekouvri , 29 alò, mesye ki te kouche avè l la, va bay papa fi a senkant sik an ajan. Konsa, li va devni madanm li akoz li te imilye li. Li pa kapab divòse ak li pandan tout jou li yo. 30 Yon gason pa pou pran madanm a papa li. Li pa pou dekouvri jip papa l.