Moïse repete lwa jidisyè a (continued)
1451 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 “Nanpwen pèsòn avèk boul grenn li kraze oswa koupe ki va antre nan asanble SENYÈ a.
2 Nanpwen pèsòn ki ne nan yon relasyon ilejitim ki va antre nan asanble SENYÈ a. Ni okenn nan desandan li yo menm jis rive nan dizyèm jenerasyon p ap antre nan asanble SENYÈ a.
3 Nanpwen Amonit ni Moabit ki va antre nan asanble SENYÈ a. Okenn nan desandan li yo menm jis rive nan dizyèm jenerasyon p ap antre nan asanble SENYÈ a, 4 akoz yo pa t vin jwenn nou avèk manje ak dlo lè nou te sòti an Égypte la, epi akoz yo te achte sèvis Balaam, fis Beor ki sòti Pethor nan Mésopotamie pou modi nou. 5 Sepandan, SENYÈ a, Bondye nou an, pa t dakò tande Balaam. Men SENYÈ a, Bondye nou an, te vire madichon an pou l devni yon benediksyon pou nou akoz SENYÈ nou an renmen nou. 6 Nou pa pou chache lapè pou yo, ni pwosperite yo pandan tout jou nou yo.
7 Nou pa pou meprize yon Edomit, paske li se frè nou. Nou pa pou meprize yon Ejipsyen, paske nou te yon etranje nan peyi li. 8 Fis a twazyèm jenerasyon ki fèt pou yo a kapab antre nan asanble SENYÈ a.
9 Lè nou sòti kòm yon lame kont lènmi nou yo, nou va evite tout kalite move bagay. 10 Si gen pami nou, yon nonm ki pa pwòp akoz li ejakile nan lannwit; alò, li oblije ale deyò kan an. Li pa kapab reantre nan kan an, 11 men li va fèt ke lè aswè rive, li va benyen tèt li avèk dlo. Konsa, lè solèy kouche, li kapab reantre nan kan an.
12 Nou va, osi, gen yon kote deyò kan an; epi se la nou gen pou nou ale pou elimine pèsonèl. 13 Konsa, nou va genyen yon pèl pami zouti nou yo, epi li va fèt ke lè nou chita deyò a, nou va fouye avèk li, e nou va kouvri poupou nou. 14 Akoz SENYÈ a, Bondye nou an, mache nan mitan kan nou yo pou delivre nou, e venk lènmi nou yo devan nou; pou sa, fòk kan nou yo sen. Fòk Li pa wè anyen ki pa pwòp pami nou; oswa, Li va vire kite nou.
15 Nou pa pou lonje remèt yon esklav ki te kouri kite mèt li pou rive kote nou. 16 Li va viv avèk nou nan mitan nou, nan yon kote li chwazi pami youn nan vil pa nou yo ki fè l plezi. Nou pa pou maltrete li.
17 Okenn nan fi Israël yo p ap sèvi kòm pwostitiye nan tanp payen yo. Ni okenn nan fis Israël yo p ap sèvi pou pwostitiye nan tanp payen yo. 18 Nou pa pou mennen salè a yon pwostitiye ni frè jounalye a yon chen pede pou antre lakay SENYÈ a, Bondye nou an, pou okenn ofrann ve; paske toude sa yo abominab a SENYÈ a, Bondye nou an.
19 Nou pa pou mande enterè lajan a sitwayen parèy nou yo: enterè sou lajan, manje, oswa nenpòt bagay ki kapab prete ak enterè. 20 Nou kapab tire enterè sou yon etranje; men pou sitwayen parèy nou, nou pa pou mande enterè, jis pou SENYÈ, Bondye nou an, kapab beni nou nan tout sa ke nou eseye fè nan peyi ke nou prèt pou antre posede a.
21 Lè nou fè yon ve a SENYÈ a, Bondye nou an, nou p ap pran reta pou peye li, paske sa ta yon peche nan ou, e SENYÈ, Bondye nou an, va, anverite, egzije l nan men nou. 22 Sepandan, si nou te evite fè ve a, sa pa t ap peche nan nou. 23 Nou va fè atansyon pou fè tout sa ki sòti nan lèv nou. Nenpòt jan ke nou te fè ve selon volonte SENYÈ a, Bondye nou an, tout sa nou oblije fè.
24 Lè nou antre nan chan rezen vwazen nou, nou kapab manje rezen yo jiskaske vant nou plen; men nou pa pou mete nan panyen nou. 25 Lè nou antre nan chan sereyal ki pou vwazen nou, nou gen dwa rekòlte tèt grenn yo avèk men nou; men nou pa kapab voye kouto a nan rekòlt sereyal a vwazen nou an.
24:1 “Lè yon nonm pran yon madanm pou marye avèk li, epi li rive ke li pa jwenn favè nan zye li, akoz ke li twouve kèk defo nan li, li ekri li yon sètifika divòs, mete sètifika a nan men li pou mete li deyò lakay li. 2 Konsa, lè l kite kay li, li gen dwa pou ale devni madanm a yon lòt mesye. 3 Si dezyèm mari a vire kont li e ekri li yon sètifika divòs, e mete sètifika a nan men li pou mete li deyò lakay li; oswa, si dezyèm mari li te genyen an, vin mouri, 4 premye mari ki te voye li ale a, pa gen dwa pran li ankò kòm madanm li, akoz sa konwonpi. Paske sa se yon bagay abominab devan SENYÈ a.
“Epi nou pa pou mennen peche sou peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou kòm eritaj la.
5 “Lè yon nonm fenk pran yon madanm tounèf, li pa pou sòti avèk lame a, ni vin responsab okenn chaj. Li gen pou rete lib lakay li pandan 1 nan pou fè madanm ke li te pran an, gen kè kontan.
6 “Pèsòn pa pou pran wòch moulen anwo a kòm sekirite; paske se tankou li te pran vi a moun nan kòm sekirite.
7 “Si yo pran yon moun nan kidnape nenpòt nan sitwayen fis Israël yo, epi li te trete l kon esklav, oswa li te vann li; alò, vòlè sila a va mouri. Konsa, nou va retire mechanste pami nou.
8 “Fè atansyon kont enfeksyon lalèp, pou nou swiv avèk dilijans e fè tout sa ke prèt Levit yo te enstwi nou. Jan mwen te kòmande yo a, se konsa nou va fè atansyon pou nou fè. 9 Sonje sa ke SENYÈ Bondye nou an, te fè Marie nan chemen an pandan nou t ap sòti an Égypte la.
10 “Lè nou fè nenpòt kalite prè a vwazen nou, nou pa pou antre lakay li pou pran garanti. 11 Nou va rete deyò, e nonm k ap resevwa prè a va pote garanti a deyò bannou. 12 Si se yon malere, ou pa pou dòmi avèk garanti li. 13 Lè solèy la fin kouche, nou va, anverite, remèt garanti a li, pou li kapab dòmi nan manto li e beni nou. Sa va sèvi kòm ladwati pou nou devan SENYÈ a, Bondye nou an. 14 Nou pa pou oprime yon sèvitè k ap travay pou nou ki malere e ki nan nesesite, kit se yon sitwayen parèy nou, oswa youn nan etranje nou yo ki rete nan peyi nou nan vil nou yo. 15 Nou va ba li salè li nan jou li avan solèy la kouche. Paske li se malere, e espwa kè li sou sa; jis pou li pa kriye kont nou vè SENYÈ a, pou sa devni yon peche nan nou.
16 “Papa yo p ap mete a lanmò pou zak kriminèl fis yo, ni fis a lanmò yo pou zak kriminèl papa yo. Tout moun ap vin mete a lanmò sèlman pou pwòp peche pa yo.
17 “Nou pa pou tòde lajistis la ki se dwa a yon etranje, oswa yon òfelen, ni pran rad a yon vèv kòm garanti. 18 Men nou va sonje ke nou te esklav an Égypte, e ke SENYÈ a, Bondye nou an, te peye ranson nou soti la. Akoz sa, mwen ap kòmande nou pou fè bagay sa a.
19 “Lè nou fè rekòlt nou nan chan nou, men nou bliye yon pakèt nan chan an, nou pa pou retounen pran l. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la, pou SENYÈ a, Bondye nou an, kapab beni nou nan tout travay men nou yo. 20 Lè nou keyi pye doliv la, nou pa pou pase sou branch yo yon dezyèm fwa. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la. 21 Lè nou rekòlte rezen nan chan rezen an, nou p ap pase sou li yon lòt fwa. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la.
22 “Nou va sonje ke nou te yon esklav nan peyi Égypte la. Pou sa, mwen ap kòmande nou pou fè bagay sa a.