Moïse repete lwa jidisyè a (continued)
1451 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 “Si gen yon konfli antre de mesye, epi yo ale devan tribinal lan pou jij yo deside ka yo, yo gen pou jistifye sila ki gen ladwati a, e kondane sila ki mechan an. 2 Konsa, li va rive ke si nonm ki mechan an, merite bat, jij la va fè li kouche, e fè bat li nan prezans li avèk fòs kantite kou ki koresponn avèk koupabilite li a. 3 Li kapab bat li karant fwa, men pa plis, jis pou li pa bat li avèk plis kou ke sa, epi frè nou an pa vin degrade nan zye nou.
4 “Nou pa pou mare bouch a bèf la pandan l ap travay moulen an.
5 “Lè frè yo viv ansanm, youn nan yo mouri e li pa gen fis, madanm a sila ki mouri an p ap marye deyò fanmi an ak yon lòt mesye. Frè mari li a va antre nan li, epi pran li pou li menm kòm madanm pou fè devwa a yon frè mari a pou li. 6 Li va rive ke premye ne ke li fè a, li va pran non a frè mouri an, pou non li pa efase soti an Israël.
7 “Men si nonm nan pa vle pran madanm frè li a, alò, madanm frè li a va monte vè pòtay kote ansyen yo e di: ‘Frè mari mwen an refize etabli yon non pou frè li an Israël. Li pa dakò pou fè devwa a frè mari mwen.’ 8 Alò, ansyen a vil li yo va voye li pale avèk li menm frè a. Epi si li pèsiste e li di: ‘Mwen pa vle pran li,’ 9 alò, madanm frè li a va vin vè li devan zye a ansyen yo, li va retire sandal li nan pye li, ekrache nan figi li; epi li va deklare: ‘Se konsa sa fèt a mesye ki pa bati kay frè li.’ 10 An Israël, non li va rele: “Lakay a sila yo retire sapat la”.
11 “Si de mesye, yon mesye avèk yon sitwayen parèy li ap lite ansanm, si madanm nan prè pou livre mari li a sila ki ap frape li a, e lonje men l pou sezi pati jenital li, 12 alò, nou va koupe men li. Nou pa pou gen pitye pou li menm.
13 “Nou pa pou pote nan sak nou plizyè kalite pwa balans, yon gwo avèk yon piti. 14 Nou pa pou genyen lakay nou plizyè kalite mezi, yon gwo avèk yon piti. 15 Nou va gen yon pwa balans ki bon e ki jis. Nou va gen yon mezi ki bon e ki jis, jis pou jou nou yo kapab pwolonje nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an bannou an. 16 Paske tout moun ki fè bagay sa yo, tout moun ki aji avèk enjistis abominab a SENYÈ a, Bondye nou an.
17 “Sonje sa ke Amalec te fè nou pandan nou te nan chemen pou sòti an Égypte la, 18 kijan li te rankontre nou nan chemen an e te atake pami nou tout sila ki rete dèyè yo lè nou te fatige e san fòs la. Li pa t krent Bondye.
19 “Pou sa, li va vin rive ke lè SENYÈ a, Bondye nou an, vin bannou repo de tout lènmi ki antoure nou yo, nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou kòm eritaj pou posede a, nou va efase memwa a Amalec soti anba syèl la. Nou pa pou bliye sa.
26:1 “Konsa, li va rive ke lè nou antre nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou kòm eritaj la, epi nou vin posede li pou viv ladann, 2 ke nou va pran kèk nan premye a tout pwodwi latè ke nou mennen antre sòti nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an. Nou va mete li nan yon panyen e ale kote SENYÈ a, Bondye nou an, nan plas SENYÈ Bondye nou va chwazi pou etabli non Li an. 3 Nou va ale vè prèt ki anplas nan tan sa a, e nou va di li: ‘Mwen deklare nan jou sa a SENYÈ a, Bondye ou a, ke mwen te antre nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou bannou an.’”
4 “Alò, prèt la va pran panyen an soti nan men ou e mete li devan lotèl SENYÈ a, Bondye ou a.
5 “Ou va reponn e di devan SENYÈ a, Bondye ou a: ‘Papa m te yon vwayajè Arameyen fèt pou peri. Li te desann an Égypte, e li te demere la. Yo te piti an kantite, men la, li te devni yon gran nasyon pwisan avèk anpil moun. 6 Ejipsyen yo te trete nou byen di e te aflije nou. Yo te enpoze travay fòse sou nou. 7 Alò, nou te kriye a SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, epi SENYÈ a te tande vwa nou e te wè afliksyon nou avèk travay di ak opresyon yo. 8 Konsa, SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte avèk yon men pwisan, yon bra lonje, avèk gwo krent, avèk sign ak mèvèy. 9 Li te mennen nou nan kote sa a, e te bannou peyi sa a, yon peyi k ap koule avèk lèt ak siwo myèl.
10 “‘Koulye a, veye byen, mwen te mennen premye pwodwi a tè a, ke Ou menm, O SENYÈ a te ban mwen.’ Ou va mete li la devan SENYÈ a, Bondye ou a, epi adore devan SENYÈ a, Bondye ou a; 11 epi ou menm avèk Levit la ak etranje ki pami nou an va rejwi nan tout bonte ke SENYÈ a, Bondye ou a, te bannou avèk tout lakay nou.
12 “Lè nou fin peye tout dim a pwodwi yo nan twazyèm ane a, ane a dim nan; alò, nou va bay li a Levit la, a etranje a, a òfelen an, e a vèv la, pou yo kapab manje nan vil nou yo e vin satisfè.
13 “Nou va di devan SENYÈ a, Bondye nou an, ‘Mwen te retire pòsyon sen ki te lakay mwen an; epi osi, mwen te bay li a Levit la ak etranje a, avèk òfelen ak vèv la, selon tout kòmandman Ou yo, ke Ou te kòmande mwen. Mwen pa t vyole ni bliye okenn nan kòmandman Ou yo. 14 Mwen pa t manje ladann pandan lamantasyon mwen, ni mwen pa t retire anyen ladann pandan mwen pa t pwòp, ni pa t ofri anyen nan li a mò yo. Mwen te koute vwa SENYÈ a, Bondye mwen an. Mwen te fè selon tout sa ke Ou te kòmande mwen yo. 15 Gade anba depi nan abitasyon sen Ou an, depi nan syèl la, e beni pèp Ou a, Israël avèk tè ke Ou te bannou an, yon tè ki koule avèk lèt ak siwo myèl, jan Ou te sèmante a zansèt nou yo.’
16 “Nan jou sa a, SENYÈ a Bondye nou an, kòmande nou pou fè lwa avèk règleman sila yo. Nou va fè atansyon pou fè yo avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou.
17 “Jodi a, nou te pwoklame SENYÈ a, se Bondye nou, ke nou ta mache nan chemen Li yo, kenbe lwa Li yo, règleman Li yo ak kòmandman Li yo, e koute vwa Li.
18 “Jodi a, SENYÈ a te pwoklame nou se pèp Li, yon posesyon presye, jan Li te pwomèt nou an, epi nou ta dwe kenbe tout kòmandman Li yo. 19 Konsa, Li va plase nou wo anwo tout lòt nasyon ke Li te fè yo, pou lwanj, repitasyon ak onè, pou nou kapab yon pèp konsakre a SENYÈ a, Bondye nou an, jan Li te pale a.”