Envazyon Juda ak destriksyon Babylon anonse davans
713 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Pwofesi konsènan vale a vizyon an.
Sa k pase nou koulye a, ke nou tout monte sou twati kay yo? 2 Nou menm ki te plen ak gwo bri, nou menm vil plen ak zen. Mò pa nou yo pa t mouri akoz nepe, ni yo pa t mouri nan batay la. 3 Tout chèf nou yo te kouri ale ansanm e te kaptire san sèvi ak banza yo. Nou tout ke yo te twouve yo te kaptire ansanm, malgre yo te sove ale rive byen lwen. 4 Akoz sa, mwen di nou: “Tounen zye nou byen lwen m; kite mwen kriye byen fò, pa eseye rekonfòte m pou destriksyon a fi a pèp mwen an.”
5 Paske Senyè BONDYE dèzame yo te fè yon jou panik opresyon ak konfizyon nan vale vizyon an, miray ki kraze ak kriye nan mòn lan. 6 Élam te leve fouwo flèch yo, cha yo, sòlda sou pa yo ak chevalye yo; epi Kir te dekouvri boukliye a. 7 Vale pi bèl nou yo te vin plen ak cha e chevalye yo te pran pozisyon yo nan pòtay la. 8 Epi li te retire defans Juda. Nan jou sa a, nou te depann de zam a kay forè yo. 9 Nou te wè ke brèch nan miray vil a David yo te anpil; epi nou te fè koleksyon dlo nan etan dlo pi ba a. 10 Konsa nou te konte kay Jérusalem e nou te detwi kay yo pou ranfòse miray la. 11 Nou te fè yon rezèvwa antre de miray yo pou dlo a ansyen etan dlo a. Men nou pa t depann sou Li ki te fè l, ni ou pa t fè konsiderasyon de Li ki te fè plan an depi tan ansyen nan.
12 Akoz sa, nan jou ke Senyè BONDYE dèzame yo te rele nou pou kriye ak gwo plenyen yo, pou pase razwa nan tèt ak mete twal sak yo. 13 Men olye sa, nou fè gwo fèt ak kè kontan, touye bèf, kòche mouton, manje vyann ak bwè diven: “Kite nou fè fèt; paske demen nou va mouri.” 14 Men SENYÈ dèzame yo te revele Li menm nan zòrèy mwen yo: “Anverite, nou p ap padone pou krim sa a jiskaske nou mouri”, pale Senyè BONDYE dèzame yo.
1 Pwofesi konsènan dezè lanmè a.
Kon tanpèt van nan dezè a kontinye ravaje, sa sòti nan dezè a, de yon peyi etonan. 2 Yon vizyon tèlman rèd devwale devan m. Moun nan ki trèt la, fè trèt toujou, e sila k ap detwi a, detwi toujou. Monte Élam, fè syèj! Mwen te fè tout plenyen Médie sispann. 3 Pou rezon sa a, kwis mwen plen doulè. Gwo lapèn sezi mwen tankou doulè a fanm ansent. Mwen tèlman twouble ke m pa ka tande. Mwen tèlman pè ke m pa ka wè. 4 Panse mwen ap vire tounen. Gwo laperèz plen tèt mwen. Ti limyè aswè a ke m te anvi wè a, koulye a vin fè m tranble. 5 Yo prepare tab la, yo plase gadyen an, yo manje, yo bwè. Leve, o kapitèn yo, mete lwil sou boukliye yo! 6 Paske konsa SENYÈ a pale avèk mwen: “Ale pozisyone gadyen an; kite li bay rapò a sa li wè a. 7 Lè l wè sila ki monte cheval yo, chevalye aliye pa de yo, yon lign bourik yo, yon lign chamo yo, kite li veye ak atansyon, veye byen pre.” 8 Gadyen an rele kon yon lyon: “O SENYÈ, mwen kanpe tout jou yo san deplase sou wo tou a! Nan lannwit sou pòs gad la! 9 Atansyon! Veye byen! Men yon ekip moun monte, chevalye alinye pa de yo ap vini.” Li te reponn: “Tonbe, Babylone fin tonbe! Tout imaj a dye li yo kraze atè.”
10 O moun pa m ke yo fin bat nèt kon sereyal! Sa ke m te tande soti nan SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, sa mwen fè nou konnen. 11 Pwofesi konsènan Edom an.
Gen yon moun ki toujou ap rele m depi nan Séir: “Gadyen, kijan nwit lan ap avanse? Gadyen, kijan nwit lan ap avanse?” 12 Gadyen an reponn: “Maten an vin pwoche; men osi anplis, nwit lan. Si ou ta vle fè ankèt, fè ankèt. Retounen ankò.”
13 Pwofesi konsènan Arabie a.
Fòk nou pase nwit lan nan rakbwa pikan Arabie yo, O karavàn a Dedan yo. 14 Pote dlo pou moun swaf yo, O moun ki rete nan peyi Théma yo; rankontre ak sila k ap sove ale ak pen an. 15 Paske yo te sove ale chape devan nepe yo, devan nepe ki rale yo, banza ki koube a ak presyon batay la. 16 Paske konsa SENYÈ a te di mwen: “Nan yon ane, jan yon anplwaye ta kab konwole li, tout grandè a Kédar va fini; 17 epi retay sòlda banza yo, mesye pwisan an, fis a Kédar yo, va vin yon tikras; paske SENYÈ a, Bondye Israël la, te pale.”