Dezolasyon ak relèvman Juda anonse davans (continued)

Yon pwofesi jeneral sou dezolasyon ak relèvman Juda.

714 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ésaïe 26–27

1 Nan jou sa a, chanson sa a va chante nan peyi Juda:

“Nou gen yon vil ki fò;

li monte miray ak ranfò pou sekirite.

2 Ouvri pòtay yo pou nasyon ladwati a ka antre;

sila ki rete fidèl la.

3 Sila ki rete fèm nan panse li yo,

Ou va kenbe nan lapè pafè,

akoz li gen konfyans nan Ou.

4 Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan,

paske nan BONDYE SENYÈ a,

nou gen yon Wòch etènèl.

5 Paske Li te bese sila ki te rete anwo yo,

vil ki pa t kapab venk lan.

Li te desann li ba.

Li te desann li jis atè.

Li te jete li nan pousyè.

6 Pye va foule l, pye a malere a,

pla pye a sila ki san sekou yo.”

7 Chemen moun jis se ladwati.

O Sila Ki Dwat la, fè wout a moun dwat yo a byen pla.

8 Anverite, selon jijman Ou yo,

O SENYÈ, nou t ap tann Ou.

Non Ou, menm memwa Ou, se dezi a nanm nou.

9 Nan lannwit, nanm mwen anvi Ou.

Anverite, lespri m anndan mwen chache Ou ak enpasyans;

paske lè jijman Ou yo rive sou latè,

sila ki rete ladann yo, aprann ladwati.

10 Malgre mechan an ta jwenn favè, li p ap aprann ladwati.

Li aji ak enjistis nan peyi ladwati.

Konsa, li p ap janm wè majeste Senyè a.

11 O SENYÈ, men Ou leve wo, men yo pa wè li;

men yo va wè zèl Ou pou pèp la

e y ap vin wont.

Anverite, dife va devore lènmi Ou yo.

12 SENYÈ, Ou va etabli lapè pou nou,

akoz ou te akonpli pou nou tout zèv nou yo.

13 O SENYÈ, Bondye nou an, lòt mèt apa de ou te gouvène nou;

men se non Ou sèl, ke n ap konfese.

14 Sila ki mouri yo p ap viv.

Lespri ki pati yo p ap leve ankò.

Konsa, Ou te pini yo, detwi yo

e Ou te efase tout memwa a yo menm.

15  Ou te ogmante nasyon an, O SENYÈ,

Ou te agrandi nasyon an!

Ou leve wo!

Ou te fè tout lizyè peyi a vin pi laj.

16 O SENYÈ, nan mitan gwo twoub yo, yo te chache Ou.

Yo pa t ka fè plis pase respire yon priyè lè chatiman Ou te sou yo.

17 Tankou fanm ansent k ap pwoche tan pou akouche;

li vire kò l e li rele anmwey nan doulè ansent lan;

se konsa nou te ye devan Ou, O SENYÈ.

18 Nou te ansent, nou te vire kò,

men nou pa t bay nesans a plis ke van.

Nou pa t ka akonpli delivrans sou tè a,

ni pitit mond yo pa t tonbe.

19 Moun mouri Ou yo va viv;

kadav pa yo va leve.

Nou menm ki kouche nan pousyè a,

leve e fè kri lajwa,

paske lawouze ou se lawouze solèy leve a,

e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo.

20 Vini, pèp mwen an, antre nan chanm nou

e fèmen pòt nou dèyè nou.

Kache pou yon ti tan jiskaske gwo kòlè a fin pase.

21 Paske gade byen, SENYÈ a prèt pou sòti nan plas Li,

pou pini sila ki rete sou latè yo pou inikite yo.

Konsa, latè va fè parèt tout san vèse li yo,

e li p ap kache mò li yo ankò.

27:1 Nan jou sa a, SENYÈ a va pini Leviathan ak gwo nepe a byen di. Leviathan, sèpan tòde a, kap pran flit; li va touye dragon an ki rete nan lanmè a.

2 Nan jou sa a, chante pou li ”Yon bèl chan rezen! 3 Mwen, SENYÈ a, se jeran li. Mwen wouze li tout tan. Pou pèsòn pa fè l donmaj, Mwen veye li lajounen kon lannwit. 4 Mwen pa moun lakòlè. Men si Mwen ta jwenn raje ak pikan yo, Mwen ta fè batay! Mwen ta mache sou yo, e brile yo nèt. 5 Oswa, kite li depann de fòs Mwen pou l ka fè lapè avè M. Kite li fè lapè avè M.”

6 Nan jou k ap vini yo, Jacob va pran rasin. Israël va fleri e boujonnen. Yo va plen tout mond lan ak fwi. 7 Èske Li te frape yo, jan li te frape sa yo ki frape yo? Oswa èske se tankou masak Sila ki touye yo a, Li te touye yo? 8 Ou te konfwonte yo ak egzil; ou te pouse yo ale. Ak souf fewòs Li, Li te chase yo ale nan jou van lès la. 9 Akoz sa e atravè sa, inikite a Jacob la va padone. Konsa, sa va tout fwè a pou retire peche li: lè l fè lotèl wòch yo vin tankou poud wòch lakrè, pou Asherim nan ak lotèl lansan yo pa kanpe ankò. 10 Paske vil fòtifye a vin sèl, yon anplasman kay ki dezole e ki vin bliye tankou dezè. Jenn bèf la va manje la, li va kouche e manje sou branch li yo. 11 Lè branch li yo vin sèch, yo vin kase yo. Fanm yo va vini pou fè dife avèk yo, paske se yon pèp san konprann. Akoz sa Kreyatè yo a p ap fè konpasyon sou yo. Li ki te fòme yo a p ap bay yo gras.

12 Nan jou sa a, SENYÈ a va kòmanse bat gwo rekòlt Li depi nan flèv Rivyè Euphrate la jis rive nan dlo Égypte la, e nou va vin ranmase youn pa youn, O fis Israël yo.

13 Anplis, li va vin rive ke nan jou ke gran twonpèt la ap sone a, sila ki t ap peri nan peyi Assyrie yo, e ki te gaye an Égypte yo, va vin adore SENYÈ a nan mòn sen Jérusalem nan.