Dezolasyon ak relèvman Juda anonse davans

Yon pwofesi jeneral sou dezolasyon ak relèvman Juda.

714 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ésaïe 24–25

1 Gade byen, SENYÈ a va devaste tout latè ak gwo destriksyon, boulvèse sifas li e gaye tout moun ki rete ladann. 2 Pèp la menm jan ak prèt la, sèvitè a tankou mèt li, sèvant lan tankou mètrès li, sa k ap achte tankou sa k ap vann, sila k ap fè prè a tankou sila k ap prete a, sila ki resevwa kredi a tankou sila k ap bay kredi a. 3 Latè va devaste nèt e vin depouye, paske SENYÈ a te pale pawòl sa a. 4 Latè kriye ak doulè e vin fennen nèt. Sila ki egzalte wo sou moun latè yo vin disparèt. 5 Anplis, latè vin plen ak pouriti a moun k ap viv ladann, paske yo te transgrese lalwa yo, vyole règleman yo, e te kraze akò letènèl la. 6 Akoz sa, yon malediksyon devore latè a, e sila ki rete ladann yo vin twouve koupab. Konsa, sila ki rete sou latè yo vin brile e se sèl kèk grenn moun ki rete. 7 Diven nèf la fèb. Chan rezen an gate. Tout kè kontan yo fè gwo plent. 8 Kè kontan a tanbouren yo vin rete, bri a moun k ap fete yo vin sispann. 9 Yo pa bwè diven ak chanson; bwason fò yo vin anmè pou sila ki bwè l yo. 10 Vil gwo dezòd la vin kraze nèt. Tout kay vin fèmen pou pèsòn pa antre. 11 Gen gwo kriye nan lari a pou afè diven. Tout kè kontan vire an gwo tristès. 12 Se dezolasyon ki rete nan vil la e pòtay la fin kraze nèt. 13 Paske se konsa l ap ye nan mitan latè a pami pèp yo; tankou lè bwa doliv souke fò, tankou sila ki ranmase apre rekòlt rezen an fin fèt yo. 14 Yo leve vwa yo; yo kriye ak kè kontan. Yo kriye soti nan lwès akoz majeste SENYÈ a. 15 Pou sa, bay glwa a SENYÈ a nan lès, non SENYÈ a, Bondye Israël la, nan peyi kot lanmè yo. 16 Soti nan dènye pwent latè, nou tande chan yo: “Glwa a Sila Ki Dwat la,” men mwen di: “Malè a mwen menm! Malè a mwen menm! Elas pou mwen! Moun trèt yo aji an trèt e moun trèt yo aji an trèt anpil.” 17 Gwo laperèz, twou fòs ak pèlen vin devan nou menm ki rete sou latè. 18 Konsa, li va rive ke sila ki sove ale lè l tande gwo dega a va vin tonbe nan fòs la, e sila ki rale kò l sòti nan fòs la va pran nan pèlen an; paske fenèt anlè yo vin louvri e fondasyon latè yo ap tranble. 19 Latè vin dechire. Latè vin fann nèt. Latè souke ak vyolans. 20 Latè woule de bò tankou moun ki anba gwòg. Li pyete tankou vye kay pay. Akoz transgresyon li yo peze lou sou li, li va tonbe nèt pou l pa janm leve ankò. 21 Li va rive nan jou sa a ke SENYÈ a va pini lame syèl anwo yo ak wa latè sou latè yo. 22 Yo va ranmase ansanm tankou prizonye nan yon kacho e yo va fèmen nan prizon. Apre anpil jou, yo va pini. 23 Konsa, lalin nan va vin twouble e solèy la va vin wont, paske SENYÈ dèzame yo va renye sou Mòn Sion ak Jérusalem, e laglwa Li va devan ansyen Li yo.

25:1 O SENYÈ, Ou se Bondye mwen. Mwen va leve Ou byen wo! Mwen va bay remèsiman a non Ou, paske Ou te fè gwo mèvèy; plan yo ki te fòme depi lontan, avèk tout fidelite ak verite. 2 Paske Ou te fè yon gran vil vin tounen yon gwo pil wòch, yon vil byen fòtifye vin detwi nèt. Yon palè pou etranje yo pa yon vil ankò; li p ap janm rebati. 3 Akoz sa, yon pèp byen fò va bay Ou glwa. Gran vil a nasyon ki mechan yo va fè Ou omaj . 4 Ou te toujou yon abri pou sila ki san sekou yo; yon defans pou malere nan gwo twoub la, yon pwotèj kont tanpèt, lonbraj kont chalè. Paske souf a mechan yo se tankou gwo tanpèt lapli kont yon miray. 5 Tankou chalè nan gwo sechrès, Ou fè bese zen a etranje yo; tankou chalè toupre lonbraj a yon nwaj, chanson a malveyan an vin bese ba.

6 SENYÈ dèzame yo va prepare yon gwo bankè pou tout pèp sou mòn sa a; yon bankè diven rasi, mòso chwazi ak mwèl zo, diven byen rafine. 7 Sou mòn sa a, Li va vale nèt kouvèti pwotèj ki sou tout pèp yo, menm vwal la ki tann sou tout nasyon yo. 8 Li te vale lanmò jis pou tout tan! Senyè BONDYE a va siye tout dlo nan zye a tout moun e li va retire repwòch a pèp Li a sou tout latè. Paske SENYÈ a te pale.

9 Konsa, li va pale nan jou sa a, “Gade byen, sa se Bondye nou an! Sila nou te tann pou L te ka sove nou an! Sa se SENYÈ a! Sila nou t ap tann nan! Annou rejwi e fè kè kontan nan sali Li a!” 10 Paske men SENYÈ a va rete sou mòn sa a.

Epi Moab va foule kote li ye, tankou pay fin foule nan dlo a yon pil fimye. 11 L ap ouvri men l byen gran nan mitan li kon yon moun k ap naje ta lonje men l yo pou naje; men SENYÈ a va desann ògèy li ansanm ak manèv koken a men li yo. 12 L ap desann ranfòsman fò ki pa t ka menm pwoche la, li va anile yo, bese yo e jete yo atè, jis rive nan pousyè.