Premye envazyon Sanchérib la

713 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

II Kwonik Yo 32:1–8

1 Apre zak fidelite sila yo, Sanchérib, wa Assyrie a, te vin atake Juda. Li te fè syèj a tout vil fòtifye yo, e li te fè plan pou pouse antre nan yo pou l domine yo pou kont li. 2 Alò, lè Ézéchias te wè ke Sanchérib te vini, e ke li te gen plan pou fè lagè sou Jérusalem, 3 li te deside avèk ofisye pa li yo ak gèrye pa li yo, pou koupe kouran dlo ki te ale deyò lavil la, e yo te ede li. 4 Pou sa, anpil moun te rasanble e te bouche tout sous avèk flèv ki te kouri nan zòn nan. Konsa, yo te di: “Poukisa wa Asiryen yo ta dwe vini pou jwenn tout dlo sa a?”

5 Konsa, li te pran kouraj, e te rebati tout mi ki te kraze yo e te fè yo monte nan nivo tou li yo. Li te ranfòse lòt miray pa deyò pou te fè Millo lavil David la pi solid, e li te fè zam avèk boukliye defans an gran kantite. 6 Li te chwazi chèf militè sou pèp la, e te rasanble yo kote li nan plas kote pòtay vil la. Li te pale pawòl ki pou ankouraje yo. Li te di: 7 “Rete fò e pran kouraj, pa pè ni dekouraje akoz wa Assyrie a, ni tout gran foul la ki avè l yo; paske sila ki avèk nou an pi gran ke sila ki avè l yo. 8 Avèk li menm, se yon bra fèt an chè; men avèk nou, se SENYÈ Bondye pa nou an, pou ede nou goumen nan batay nou yo.” Konsa, pèp la te konte sou pawòl a Ézéchias yo, wa Juda a.

Ézéchias soumèt li, epi yo pran Asdod

II Wa Yo 18:13–16

13 Alò, nan katòzyèm ane a Wa Ézéchias, Sanchérib la, wa Assyrie a te vin monte kont tout vil fòtifye Juda yo, e li te sezi yo. 14 Alò, Ézéchias, wa Juda a te voye kote wa Assyrie a nan Lakis. Li te di: “Mwen te fè mal. Rale bak sòti sou mwen; nenpòt sa ke ou mande m peye, m ap sipòte l.” Pou sa, wa Assyrie a te fè demand a Ézéchias pou peye twa san talan ajan avèk trant talan lò. 15 Ézéchias te bay tout ajan ki te twouve nan kay SENYÈ a ak nan kès lakay wa a. 16 Nan tan sa a, Ézéchias te koupe retire lò nan pòt tanp SENYÈ a, avèk chanbrann pòt ke Ézéchias, wa Juda a, te kouvri a e li te bay li a wa Assyrie a.

Ésaïe 20

1 Nan ane ke kòmandan Asiryen an te vini Asdod la, lè Sargon, wa Assyrie a, te voye li goumen kont Asdod la pou te pran li, 2 nan lè ke SENYÈ a te pale pa Ésaïe, fis a Amots la, epi te di: “Ale retire twal sak la sou kwis ou e retire soulye nan pye ou.” Se konsa li te fè, epi li te ale toutouni, epi pye a tè. 3 Konsa, SENYÈ a te di: “Menm jan tankou sèvitè Mwen an, Ésaïe, te ale toutouni e pye atè pandan twazan kon yon sign nan, e kon yon avètisman kont Égypte ak Éthiopie, 4 menm jan, wa a Assyrie va mennen fè sòti kaptif Ejipsyen yo ansanm ak egzile Éthiopie yo jenn kon vye, toutouni, e pye atè ak tout do yo dekouvri, pou fè Égypte vin wont. 5 Epi yo va vin dezole e wont akoz Éthiopie, ki te espwa yo, e anplis ak Égypte, fyète yo a. 6 Pou sa, moun ki rete nan peyi bò lanmè sa a, va di nan jou sa a: ‘Gade byen, se konsa espwa nou vin rive! Gade kote nou te kouri ale pou sekou, pou delivre anba men wa a Assyrie a! Epi koulye a, nou menm, se kòman nou va chape?’”

Yon apèl pwofetik pou Jérusalem

Yon apèl pwofetik pou Jérusalem pandan lame Sanchérib la nan peyi a.

Ésaïe 29

1 Malè a Ariel! Ariel, vil kote David yon fwa te fè kan an! Ogmante lane sou lane, obsève fèt ou yo nan lè yo. 2 Mwen va mennen gwo pwoblèm sou Ariel e li va vin yon vil gwo doulè ak lamantasyon. Pou Mwen, li va tankou yon lotèl k ap brile a. 3 Mwen va fè kan kont ou e antoure ou. Mwen va monte aparèy syèj kont ou e fè yo monte fò batay kont ou. 4 Konsa ou va vin bese. Se jis nan tè a, pale ou va bougonnen depi nan pousyè. Vwa ou va, anplis, tankou yon vwa a yon lespri, konsi ou konnen l deja, k ap soti nan tè a. Se konsa pawòl ou yo va chichote soti nan pousyè a.

5 Men fòs kantite a lènmi ou yo va devni tankou pousyè fen e fòs kantite a mechan san prensip yo va tankou pay k ap vannen ale. Sa va fèt nan yon moman; sibitman. 6 Li va vizite pa SENYÈ dèzame yo. Li va pini yo ak tonnè, tranbleman detè, gwo bri, toubiyon ak tanpèt ak flanm dife a ki manje tout bagay. 7 Konsa, fòs kantite a tout nasyon ki va fè lagè kont Ariel yo, menm tout moun ki fè lagè kont li ak gwo fò li yo ak sila ki bay li gwo twoub, sa va devni tankou yon rèv, yon vizyon nan nwit. 8 Sa va tankou lè yon nonm grangou fè rèv—e gade byen, l ap manje. Men lè l leve nan dòmi a, gade byen, li toujou fèb e grangou; li pa satisfè. Oswa lè yon nonm swaf fè rèv—epi gade byen, l ap bwè, men lè l leve li toujou fèb, e swaf la pa t satisfè. Se konsa kantite tout nasyon ki fè lagè kont Mòn Sion yo va ye.

9 Pran reta epi tann! Avegle tèt nou pou nou avèg! Yo vin sou, men pa avèk diven; yo kilbite, men pa akoz bwason fò. 10 Paske SENYÈ a te vide sou nou, yon lespri pwofon somèy. Li te fèmen zye nou menm, pwofèt yo, e Li te kouvri tèt nou menm, konseye yo. 11 Tout vizyon va pou nou tankou pawòl a yon liv ki fèmen ak so. Lè yo bay li a yon moun ki konn li, yo di l: “Souple, li sa a.” Men li va di: “Mwen pa kapab, paske li fèmen ak so.” 12 Konsa liv la va bay a sila ki pa ka li, e y ap di l: “Souple, li sa a.” Epi li va di: “Mwen pa kapab li.”

13 Senyè a te di: “Akoz pèp sa a rapwoche ak pawòl pa yo, e onore Mwen ak lèv yo, men yo retire kè yo byen lwen Mwen, e akoz adorasyon yo pou Mwen fèt pa tradisyon ki aprann pa kè, 14 pou sa, gade byen, Mwen va yon fwa ankò aji ak mèvèy pami pèp sa; yon mèvèy ki etonan! Konsa, sajès a moun saj pa yo va disparèt, e konesans a moun ki gen bon konprann yo va vin kache.”

15 Malè a sila ki kache plan yo byen fon pou SENYÈ a pa wè, e ki fè zak yo nan fènwa a, e y ap di: “Se kilès ki wè nou?” Oswa “Se kilès ki rekonèt nou?” 16 Ou chavire bagay la nèt! Èske sila ki fè kanari a ta dwe konsidere egal ak ajil la, pou sa ki te fèt la, ta ka di a sila ki fè li a: “Li pa t fè mwen”; oswa sa ki te fòme a ta ka di a sila ki te fòme li a: “Li pa konprann anyen?”

17 Èske se pa yon ti kras tan ki rete ankò avan Liban vin transfòme an yon chan fètil, e chan fètil la va konsidere kon yon forè? 18 Nan jou sa a, moun soud yo va tande pawòl a liv la e zye avèg yo va wè sa ki te kon fènwa ak tenèb. 19 Anplis, moun enb yo va fè kè yo pi kontan ak SENYÈ a, e malere yo pami moun yo va rejwi nan Sila Ki Sen an Israël la. 20 Paske moun san pitye yo va rive nan fen yo, e mokè yo va disparèt. Anverite, tout moun ak lentansyon fè mal, va vin koupe retire nèt— 21 sila ki pou valè a yon sèl pawòl, rele moun nan tribinal la, epi fè pyèj pou sila ki korije moun nan pòtay la, e ak fwod, rache dwa inosan an ak fo temwayaj.

22 Akoz sa a, SENYÈ a ki te rachte Abraham nan, di konsènan lakay Jacob: “Jacob p ap ankò vin wont, ni figi li vin pal. 23 Men lè li wè pitit li yo, zèv men Mwen yo nan mitan li, yo va sanktifye non Mwen. Anverite, yo va sanktifye non a Sila Ki Sen a Jacob la, e va kanpe byen etone devan Bondye Israël la. 24 Anplis, sila ki fè tò nan panse yo, va konnen verite a, e sila ki kritike yo va resevwa enstriksyon.”