Frè Joseph yo retounen, epi Jacob swiv yo (continued)

Grangou a kontinye. Frè Joseph yo desann nan Égypte yon dezyèm fwa, epi papa yo swiv yo.

1706 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Jenèz 46:1–47:12

1 Epi Israël te pati avèk tout sa li te genyen. Li te vini Beer-Schéba e te ofri sakrifis a Bondye a papa li a, Isaac.

2 Bondye te pale avèk Israël nan vizyon nan nwit lan. Li te di: “Jacob, Jacob.”

Jacob te reponn: “Men mwen isit la.”

3 Li te di: “Mwen se Bondye, Bondye a papa ou a. Pa pè desann an Égypte, paske mwen va fè nou vin yon gran nasyon la. 4 Mwen va desann avèk nou an Égypte. Mwen va anplis, an verite, fè nou monte ankò. Epi se men Joseph ki va fèmen zye ou.”

5 Alò, Jacob te leve kite Beer-Schéba. Fis Israël yo te pote papa yo, Jacob, ak pitit pa yo, ak madanm yo nan cha ke Farawon te voye pou pote yo. 6 Yo te pran tout bèt yo avèk tout byen yo, ke yo te vin gen nan peyi Canaan an, e yo te vini an Égypte, Jacob avèk tout desandan li yo, ansanm 7 avèk fis li yo, fis a fis li yo, fi li yo avèk fi a fis li yo, ak tout desandan li yo. Li te mennen tout desandan avèk li, ale an Égypte.

8 Alò, sa yo se non a fis a Israël yo, Jacob avèk fis li yo ki te ale an Égypte: Reuben, premye ne a Jacob la.

9 Fis Reuben yo: Hénoc, Pallu, Hetsron, ak Carmi.

10 Fis Siméon yo: Jemuel, Jamin, Ohad, Jakin avèk Tsochar; e Saul, fis a yon fanm Kananeyèn.

11 Fis a Levi yo: Guerschon, Kehath, ak Merari.

12 Fis a Juda yo: Er, Onan, Schéla, Pérets, ak Zarach. Men Er avèk Onan te mouri nan peyi Canaan. Fis a Pérets yo te Hetsron, avèk Hamul.

13 Fis a Issacar yo: Tholy, Puva, Job, ak Schimron.

14 Fis a Zabulon yo: Séred, Élon avèk Jahleel.

15 Sila yo se fis a Léa yo, ke li te fè pou Jacob nan Paddan-Aram, avèk fis li, Dina; tout fis li yo ak fi li yo te vin monte a trann-twa.

16 Fis a Gad yo: Tsiphjon, Haggi, Schuni, Etsbon, Éri, Arodi avèk Areéli.

17 Fis Aser yo: Jimna, Jischva, Jischvi, ak Beria; e sè yo, Sérach.

Epi fis Beria yo: Héber avèk Malkiel. 18 Sila yo se fis a Zilpha, sila ke Laban te bay a fi li Léa a; epi li te fè pou Jacob sèz moun sa yo.

19 Fis a Rachel yo, madanm a Jacob la: Joseph avèk Benjamin.

20 Alò, a Joseph nan peyi Égypte la, te ne Manassé ak Éphraïm, ke Asenath, fi a Poti-Phéra a, prèt On an te fè pou li.

21 Fis a Benjamin yo: Béla, Béker, Aschbel, Guéra, Naaman, Éhi, Rosch, Muppim, Huppim, ak Ard.

22 Sila yo se fis a Rachel yo, ki te fèt a Jacob; te gen katòz moun antou.

23 Fis a Dan yo: Huschim.

24 Fis a Nephtali yo: Jathtseel, Guni, Jetser, ak Schillem.

25 Sila yo se fis a Bilha yo, ke Laban te bay a fi li, Rachel, e li te fè sa yo pou Jacob; te gen sèt moun antou.

26 Tout moun ki te pou Jacob yo te vini an Égypte, desandan ki te sòti dirèk sou li menm yo, san kontwole madanm a fis Jacob yo te swasann-sis moun antou.

27 Fis a Joseph ki te fèt pou li an Égypte yo te de. Tout moun lakay Jacob ki te vini an Égypte yo te swasann-dis.

28 Alò, li te voye Juda devan li vè Joseph, pou montre li chemen an devan l nan Gosen, epi yo te vini nan peyi Gosen. 29 Joseph te prepare cha li, li te monte Gosen pou rankontre papa li, Israël. Depi li te parèt devan li, li te tonbe nan kou li e li te kriye nan kou li pandan anpil tan.

30 Konsa Israël te di a Joseph: “Koulye a kite mwen mouri, paske mwen gen tan wè figi ou, ke ou toujou vivan.”

31 Joseph te di a frè l yo e a lakay papa li: “Mwen va monte pou pale ak Farawon, e mwen va di li: ‘Frè m yo avèk lakay papa m, ki te nan peyi Canaan an vin kote mwen. 32 Mesye sa yo se bèje, paske yo te konn okipe bèt. E yo te mennen bann mouton pa yo avèk twoupo pa yo, ak tout sa yo posede.’

33 “Lè Farawon rele nou e di: ‘Kisa nou fè kòm metye.’ 34 Nou va di: ‘Sèvitè ou yo ap okipe bèt depi lè nou te jenn jis rive koulye a, ni nou menm, ni papa nou yo,’ pou nou kapab viv nan peyi Gosen; paske tout bèje se yon abominasyon pou Ejipsyen yo.”

47:1 Konsa, Joseph te antre pou pale ak Farawon. Li te di: “Papa m avèk frè m yo, bann mouton yo, twoupo yo, avèk tout sa yo posede, te sòti nan peyi Canaan an. Epi gade byen, yo nan peyi Gosen.” 2 Li te pran senk mesye pami frè li yo, e li te prezante yo bay Farawon.

3 Alò, Farawon te di a frè li yo: “Ki metye nou?”

Epi yo te di a Farawon: “Sèvitè nou se bèje, ni nou menm, ni zansèt nou yo.” 4 Yo te di a Farawon: “Nou te vini pou rete tankou etranje nan peyi a, paske nanpwen patiraj pou bann mouton yo paske gwo grangou a rèd nan peyi Canaan. Alò pou sa, souple, kite sèvitè nou yo viv nan peyi Gosen an.”

5 Konsa, Farawon te di a Joseph: “Papa ou avèk frè ou yo te vin kote ou. 6 Peyi Égypte la devan ou, plase papa ou avèk frè ou yo nan pi bon pòsyon tè a, kite yo viv nan peyi Gosen an. Epi si ou konnen moun ak kapasite pami yo, alò, fè yo responsab bèt mwen yo.”

7 Epi Joseph te mennen papa li, Jacob. Li te prezante li bay Farawon, epi Jacob te beni Farawon. 8 Farawon te di a Jacob: “Konbyen ane ou gen tan viv?”

9 Konsa, Jacob te di a Farawon: “Lane lavi m yo sou latè se san-trant. Pa anpil, e degoutan se te ane lavi m yo. Ni yo pa menm fòs avèk lane ke zansèt mwen yo te viv pandan jou lavi pa yo.” 10 Konsa, Jacob te beni Farawon, e li te sòti nan prezans li.

11 Epi Joseph te pozisyone papa li, ak frè li yo e li te bay yo yon tèren an Égypte, nan pi bon pati nan peyi a, kote Ramsès la, tankou Farawon te kòmande a. 12 Joseph te founi papa li ak frè li yo, avèk tout lakay li avèk manje, selon fòs kantite pitit pa yo.

Joseph gouvène Égypte 1704 anvan Christ

Jenèz 47:13–26

13 Koulye a, pa t gen manje nan tout peyi a, akoz gwo grangou a te tèlman rèd, ke peyi Égypte la ak peyi Canaan an te febli nèt akoz gwo grangou a.

14 Joseph te ranmase tout lajan ki te twouve nan peyi Égypte la, ak nan peyi Canaan pou sereyal ke yo te achte a, e Joseph te pote lajan an lakay Farawon. 15 Lè tout lajan an te fin depanse nan tout peyi Égypte la, ak tout peyi Canaan an, tout Ejipsyen yo te vin vè Joseph, e te di li: “Bannou manje, paske pou ki rezon nou ta dwe mouri nan prezans ou? Paske lajan nou fini.”

16 Alò, Joseph te di: “Bay bèt nou yo, e mwen va bannou manje pou bèt yo, paske kòb nou gen tan fini.” 17 Epi yo te mennen bèt yo kote Joseph, Joseph te bay yo manje an echanj ak cheval ak bann mouton, twoupo ak bourik. Konsa, li te bay yo manje an echanj ak tout bèt pa yo nan ane sa a.

18 Lè ane sa a te fini, yo te vin kote li nan lane pwochèn, e te di li: “Nou p ap kache a mèt nou ke lajan nou fin depanse, e tout twoupo bèt yo se pou mèt nou. Nanpwen anyen ki rete pou mèt la, sof ke kò nou, ak tè nou yo. 19 Poukisa nou ta mouri devan zye ou, ni nou menm, ni tè nou yo? Achte nou menm avèk tè nou yo, e nou va vin esklav a Farawon. Epi bannou semans pou nou ka viv, pou nou pa mouri, e pou tè a pa rete vid.” 20 Alò, Joseph te achte tout tè an Égypte yo pou Farawon, e chak Ejipsyen te vann tè li, akoz ke gwo grangou a te rèd sou yo. Konsa, tè a te vin pou Farawon. 21 Epi pou pèp la, li te deplase yo pou antre nan vil yo, sòti nan yon pwen fwontyè Égypte la, jis rive nan lòt la. 22 Se sèl tè prèt yo ke li pa t achte, paske prèt yo te gen yon bous ki te sòti sou Farawon, e yo te viv sou bous ke Farawon te bay yo a. Akoz sa, yo pa t vann tè pa yo a.

23 Epi Joseph te di a pèp la: “Veye byen, jodi a mwen te achte nou menm avèk tè nou yo pou Farawon. Men semans lan se pou nou, e nou kapab simen nan tè a. 24 Nan rekòlt la, nou va bay yon senkyèm a Farawon, e kat senkyèm nan ap rete pou nou pou simen nan tè a pou manje pou nou menm avèk sa ki lakay nou yo, ak pou pitit nou yo.”

25 Epi yo te di: “Ou gen tan sove lavi nou! Kite nou twouve favè nan zye a mèt nou, e nou va vin esklav Farawon.”

26 Joseph te fè yon règleman selon peyi Égypte la ki valab jis rive jou sa a ke Farawon te gen dwa a yon senkyèm nan. Sèl tè a prèt yo ki pa t vin pou Farawon.