Frè Joseph yo retounen, epi Jacob swiv yo (continued)
Grangou a kontinye. Frè Joseph yo desann nan Égypte yon dezyèm fwa, epi papa yo swiv yo.
1706 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, li te pase lòd a chèf domestik la e te di: “Ranpli sak yo avèk manje, tout sa ke yo kapab pote, e mete kòb a chak moun nan bouch sak li. 2 Plase tas mwen an, tas fèt an ajan an nan bouch sak pi jenn nan, ansanm ak kòb li pou sereyal la.” Epi sa te fèt jan Joseph te mande a.
3 Depi li te fè klè, mesye yo te voye ale, yo menm avèk bourik yo. 4 Yo te fenk kite vil la, e yo pa t byen lwen lè Joseph te di a chèf domestik li a: “Leve, swiv mesye sa yo. Lè nou rive sou yo, di yo konsa: ‘Poukisa nou rekonpanse mal pou byen? 5 Èske tas sa a se pa sila ke mèt mwen an bwè ladann, e sèvi pou divinasyon an? Nou te fè mal lè nou te fè sa.’”
6 Alò, li te rive sou yo, e li te pale pawòl sa ak yo. 7 Yo te di li: “Poukisa mèt mwen an pale kalite pawòl sila yo? Sa lwen mwen pou m ta fè yon bagay konsa. 8 Gade byen, lajan ke nou te twouve nan bouch sak nou yo, nou te pote yo bannou soti nan peyi Canaan. Alò, kijan nou ta ka vòlè lò, oswa lajan lakay mèt la? 9 Avèk nenpòt kilès nan sèvitè nou yo ke nou ta twouve l, ke li mouri, e nou osi, nou va devni esklav a mèt nou.”
10 Alò, li te di: “Konsa kite sa fèt tankou pawòl ou; sila avèk kilès li twouve l la, li va devni esklav mwen, e tout rès nan nou va rete inosan.”
11 Alò, byen prese, chak moun te desann sak li atè, pou te ouvri sak li. 12 Li te fè ankèt, kòmanse avèk pi gran, fini avèk pi jenn nan, e tas la te twouve nan sak Benjamin an. 13 Konsa, yo te chire rad yo, e lè chak moun te fin chaje bèt li, yo te retounen nan vil la.
14 Lè Juda avèk frè li yo te vini lakay Joseph, li te toujou la, e yo te tonbe atè devan li. 15 Joseph te di yo: “Ki zak sa ke nou te fè la a? Èske nou pa konnen ke yon nonm tankou mwen kapab vrèman pratike divinasyon?”
16 Konsa, Juda te di: “Kisa nou kapab di a mèt nou? Kisa nou kapab pale? Kijan nou kapab jistifye pwòp tèt nou? Bondye te twouve inikite nan sèvitè ou yo. Gade byen, nou se esklav a mèt nou, ni nou, men osi sila ki te posede tas nou te twouve a.”
17 Men li te di yo: “Kite sa byen lwen pou m fè sa. Mesye sou sila nou te twouve tas la, li va esklav mwen. Men pou nou, ale anpè vè papa nou.”
18 Alò, Juda te pwoche li. Li te di: “O mèt mwen, silvouplè, èske sèvitè ou kapab pale yon mo nan zòrèy a mèt la, e li p ap vin fache avèk sèvitè ou a; paske ou menm jan avèk Farawon. 19 Mèt mwen an te mande sèvitè li yo, e te di: ‘Èske nou genyen yon papa, oswa yon frè?’ 20 Nou te di a mèt mwen: ‘Nou gen yon papa ki granmoun, ak yon timoun li te fè nan vyeyès li. Alò, frè li a gen tan mouri, li sèl ki rete kòm pitit a manman l, e papa li renmen li.’
21 “Konsa, ou te di sèvitè ou yo: ‘Mennen fè l desann pou m kapab fikse zye m sou li.’
22 “Men nou te di a mèt nou: ‘Jènjan an pa kapab kite papa l; papa l ta mouri.’
23 “Malgre sa, ou te di a sèvitè ou yo: ‘Amwens ke pi jenn nan vin desann avèk nou, nou p ap wè figi m ankò.’
24 “Se te konsa li te rive ke lè nou te monte vè sèvitè ou, papa m, ke nou te pale li pawòl a mèt nou an. 25 Papa nou te di nou: ‘Retounen achte yon ti manje.’ 26 Men nou te di: ‘Nou pa kapab desann. Si pi jenn frè nou an avèk nou, nou va desann. Paske nou pa kapab wè figi a nonm nan ankò, sof ke pi jenn frè nou an avèk nou.’
27 “Sèvitè ou, papa m, te di nou: ‘Ou konnen ke madanm mwen te fè de fis pou mwen. 28 Youn nan yo te sòti kite mwen, e mwen te di: “Asireman li te chire an mòso”, e mwen pa wè li depi lè sa. 29 Si ou pran sila a osi de mwen, e si malè rive li, nou va mennen cheve tèt blanch sa a anba nan sejou mò yo avèk tristès.’
30 “Alò, pou sa, lè mwen rive vè sèvitè ou, papa m, e pou jènjan an pa la avèk nou, paske lavi li mare ansanm avèk lavi jènjan an, 31 lè li wè ke jènjan an pa avèk nou, l ap mouri. Konsa sèvitè ou yo va mennen cheve blanch a sèvitè ou, papa nou anba nan sejou mò yo avèk tristès. 32 Paske sèvitè ou te devni yon sekirite pou jènjan a papa m nan, e mwen te di: ‘Si mwen pa fè l retounen a ou menm, alò, kite m pote koupabilite sa a devan papa m pou tout tan.’
33 “Alò, pou sa, kite sèvitè ou a rete, olye ke jènjan an, kòm yon esklav a mèt mwen. E kite jènjan an monte avèk frè li yo. 34 Paske kijan mwen kapab monte vè papa m si jènjan an pa avè m?—paske mwen pè pou m ta wè malè ki vin pran papa m.”
45:1 Alò, Joseph pa t kapab kontwole emosyon li devan tout moun sa yo ki te kanpe akote li yo. Li te kriye: “Fè tout moun kite mwen.” Konsa pa t gen pèsòn avèk li lè Joseph te revele li menm a frè l yo. 2 Li te kriye tèlman fò ke Ejipsyen yo te tande l. Menm lakay Farawon te tande l.
3 Alò, Joseph te di a frè li yo: “Mwen se Joseph! Èske papa m toujou vivan?” Men frè l yo pa t kapab reponn li, paske yo te plen de gwo perèz akoz prezans li.
4 Alò, Joseph te di a frè li yo: “Souple, vin pi pre m.” Epi yo te vin pi pre. Li te di: “Mwen se frè nou, Joseph, ke nou te vann pou ale an Egypte la. 5 Alò, pinga nou tris ni fache avèk pwòp tèt nou, akoz ke nou te vann mwen isit la, paske Bondye te voye m avan nou pou prezève lavi nou. 6 Paske gwo grangou a te nan peyi sa pou dèzane sa yo, e gen senk ane toujou ki p ap gen ni raboure tè ni rekòlt. 7 Bondye te voye m devan nou pou prezève yon retay sou latè, e pou kenbe nou vivan pa yon gwo delivrans.
8 “Alò, pou sa, se pa te nou ki te voye m isit la, men Bondye. Li te fè m yon papa pou Farawon, mèt pou tout lakay li, e gouvènè sou tout peyi Égypte la.
9 “Fè vit, monte vè papa m pou di l: ‘Se konsa ke fis ou a, Joseph pale: “Bondye gen tan fè m mèt pou tout Égypte la. Fè vit, vin desann kote mwen, e pa mize.” 10 Nou va viv nan peyi Gosen an, e nou va pre mwen, nou menm avèk pitit nou yo, pitit a pitit nou yo, bann mouton nou yo, avèk twoupo nou yo, ak tout sa ke nou genyen.’” 11 La, mwen va osi fè pwovizyon pou nou, paske toujou ap gen senk ane ak gwo grangou e nou menm avèk lakay nou ak tout sa nou genyen ta kapab vin megri.
12 Gade byen, zye nou wè, e zye a frè m nan Benjamin wè, ke se pwòp bouch mwen k ap pale ak nou. 13 Koulye a nou gen pou di papa m tout richès mwen gen an Égypte, ak tout sa nou te wè. Nou gen pou prese mennen papa m desann isit la.”
14 Konsa, li te tonbe nan kou a frè l, Benjamin, e li te kriye nan kou li. 15 Li te bo tout frè li yo, li te kriye sou yo, e apre frè l yo te pale avèk li.
16 Alò, lè nouvèl la te tande kote lakay Farawon, ke frè Joseph yo te vini, sa te fè Farawon kontan, ni sèvitè li yo. 17 Epi Farawon te di a Joseph: “Pale a frè ou yo, ‘Men sa pou fè; chaje bèt nou pou ale nan peyi Canaan. 18 Pran papa ou avèk fanmi nou yo, e vini kote mwen, mwen va bannou pi bon tè an Égypte yo, e nou va manje tout grès tè a.’”
19 “Koulye a mwen pase lòd: ‘Fè sa: pran cha ki sòti an Égypte yo pou pitit nou yo ak madanm nou yo, e mennen papa nou vini. 20 Pa okipe nou de byen nou yo, paske tout sa ki pi bon nan tout peyi Égypte la se pou nou.’”
21 Alò, fis Israël yo te fè sa. Epi Joseph te bay yo cha yo selon kòmann Farawon an, e li te bay yo pwovizyon pou vwayaj la. 22 A yo chak, li te bay echanj abiman, men a Benjamin li te bay twa san pyès an ajan, ak senk echanj abiman. 23 A papa li, li te voye kòm swivan: dis bourik chaje avèk pi bon bagay Égypte kab pwodwi, dis bourik femèl chaje avèk sereyal ak pen, ak nouriti pou papa l nan vwayaj la. 24 Konsa, li te voye frè li yo pati, e pandan yo t ap sòti, li te di yo: “Pa goumen nan vwayaj la.”
25 Alò yo te kite Égypte monte, e yo te vini nan peyi Canaan kote papa yo, Jacob.
26 Yo te pale li, e yo te di li konsa: “Joseph toujou vivan! Vrèman, li se Gouvènè tout peyi Égypte la!” Men kè Jacob te febli. Li pa t kwè yo. 27 Yo te di li tout pawòl ke Joseph te pale yo. Men lè li te wè cha yo ke Joseph te voye pou mennen li an, lespri papa yo, Jacob, te remonte.
28 Alò, Israël te di: “Sa sifi! Fis mwen an, Joseph toujou ap viv. M ap prale wè l avan ke m mouri.”