Pati 6: Lanmò Jacob ak patriyach yo

Jacob beni pitit gason l yo epi li mouri

1689 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Jenèz 47:27–49:33

27 Alò, Israël te viv nan peyi Égypte la, nan Gosen. Yo te gen tèren ladann, yo te vin trè pwodiktif, e yo te peple anpil.

28 Jacob te viv nan peyi Égypte pandan disèt ane'. Pou sa, fòs lavi li te san-karann-sèt ane. 29 Lè pou Israël mouri an t ap pwoche. Li te rele fis li, Joseph, e te di li: “Souple, si mwen te twouve favè nan zye ou, koulye a plase men ou anba fant janm mwen, e aji avèk mwen nan bòn fwa ak tandrès. Souple, pa antere mwen an Égypte, 30 men lè m kouche avèk zansèt mwen yo, nou va pote mwen deyò de Égypte, pou antere mwen nan plas antèman a yo menm nan.”

Epi Joseph te di: “M ap fè jan ou di m nan.”

31 Konsa, li te di: “Sèmante ban mwen.” Epi li te sèmante ba li. Epi Israël te bese pou adore nan tèt kabann nan.

48:1 Alò, li te rive ke apre bagay sa yo, ke Joseph te vin enfòme: “Gade byen, papa ou malad.” Li te pran de fis li yo, Manassé ak Éphraïm avèk li. 2 Epi moun yo te pale a Jacob: “Gade byen, fis ou a, Joseph gen tan vin kote ou.” Konsa, Israël te ranmase fòs li. Li te chita sou kabann nan.

3 Epi Jacob te di a Joseph: “Bondye Toupwisan an te parèt a mwen nan Luz nan peyi Canaan an e Li te beni mwen. 4 Li te di mwen: ‘Gade byen, Mwen va fè nou donnen anpil fwi, e miltipliye anpil. Mwen va fè ou vin yon konpanyen pèp la, e Mwen va bay peyi sa a a desandan aprè ou, kòm posesyon k ap dire pou tout tan.’

5 “Alò, de fis ou yo ki te fèt a ou menm nan peyi Égypte la avan mwen te vin kote ou an Égypte la, se pa m. Éphraïm avèk Manassé se pou mwen, menm jan ke Ruben avèk Siméon va pou mwen. 6 Men pitit ou yo ki te fèt apre yo, va pou ou. Yo va rele selon non frè pa yo nan eritaj yo. 7 Alò, pou mwen, lè m te retounen nan Paddan, Rachel te mouri, nan tristès mwen, nan peyi Canaan an pandan vwayaj la, lè te toujou gen yon distans pou rive nan Ephrata (ki vle di Bethléem).”

8 Lè Israël te wè fis a Joseph yo, li te di: “Kilès moun sa yo ye?”

9 Joseph te di a papa li: “Sa yo se fis mwen yo, ke Bondye te ban mwen isit la.” Epi li te di: “Mennen yo isit souple, pou m kapab beni yo.” 10 Alò, zye Israël yo te tèlman vin fèb akoz laj ke li pa t kapab wè. Epi Joseph te mennen yo toupre li, li te bo yo e li te anbrase yo.

11 Israël te di a Joseph: “Mwen pa t janm sipoze ke m ta wè figi ou, e gade byen, Bondye kite mwen wè pitit ou yo tou.”

12 Epi Joseph te mennen yo soti antre jenou li yo, e te bese ba avèk figi li jis atè. 13 Joseph te pran yo toude, Ephraïm nan men dwat li vè bò goch Israël, e nan men goch li, Manassé vè bò dwat Israël. Konsa, li te mennen yo toupre li. 14 Men Israël te lonje men dwat li, li te mete li sou Éphraïm, ki te pi jenn nan, e men goch li te sou tèt Manassé, avèk men l kwaze, poutan Manassé te premye ne.

15 Li te beni Joseph, e te di:

“Bondye devan sila zansèt mwen yo,

Abraham avèk Isaac te mache a,

Bondye ki te bèje m nan

pandan tout vi m jis rive jounen jodi a,

16 zanj ki te rachte mwen de tout mal la,

beni jènjan sa yo;

epi ke non mwen kapab viv toujou

nan yo, e non a zansèt mwen yo,

Abraham avèk Isaac.

Ke yo kapab grandi vin fè yon

gwo pèp nan mitan mond lan.”

17 Lè Joseph te vin wè ke papa li te poze men dwat li sou tèt Éphraïm, sa te fè l pa kontan. Li te sezi men papa li pou deplase li sou Éphraïm, ale vè tèt Manassé. 18 Joseph te di papa l: “Se pa sa, papa, paske se sila a ki premye ne a. Mete men dwat ou sou tèt li.”

19 Men papa li te refize. Li te di: “Mwen konnen, fis mwen, mwen konnen. Li osi va devni yon pèp, e li osi va vin gran. Poutan, pi jenn frè li a va pi gran pase li, e desandan li yo va devni yon gran pèp a nasyon yo.”

20 Li te beni yo nan jou sa a, e te di: “Pa nou menm, Israël va eksprime benediksyon li yo e va di: ‘Ke Bondye kapab fè nou tankou Éphraïm ak Manassé!’”

21 Konsa, Israël te di a Joseph: “Gade byen, mwen prèt pou mouri, men Bondye va avèk ou, e Li va mennen ou retounen nan peyi a zansèt ou yo. 22 Mwen bay ou yon pòsyon anplis ke frè ou yo, ke m te pran nan men Amoreyen yo avèk nepe mwen ak banza mwen.”

49:1 Epi Jacob te rele fis li yo e te di: “Rasanble nou menm pou m kapab di nou sa k ap rive nou nan jou k ap vini yo.

2 Rasanble nou ansanm e tande, fis a Jacob yo.

Koute Israël, papa nou.

3 Ruben, se ou ki premye ne mwen an;

pouvwa mwen, kòmansman nan gwo fòs mwen,

premye nan respè e premye nan fòs.

4 San kontwòl tankou dlo k ap bouyi, ou p ap genyen premye;

akoz ke ou te monte sou kabann papa ou,

epi ou te souye li. Li te monte sou kabann mwen.

5 Siméon avèk Lévi se frè yo ye.

Nepe pa yo se zouti vyolans.

6 Pa kite nanm mwen antre nan konsèy pa yo;

pa kite glwa mwen vin reyini avèk asanble pa yo.

Akoz nan kòlè yo, yo te touye moun,

e nan volonte egoyis pa yo, yo te koupe blese jarèt bèf.

7 Modi se kòlè yo, paske li fewòs;

epi vanjans yo, paske li te mechan.

Mwen va separe yo nan Jacob,

e gaye yo nan Israël.

8 Juda, frè ou yo va ba ou lwanj;

men ou ap sou kou lènmi ou yo.

Fis a papa ou yo va vin bese ba devan ou.

9 Juda se jèn pòtre a yon lyon;

depi nan manje ou, fis mwen, ou gen tan monte.

Li bese kò l, li kouche tankou yon lyon,

e tankou yon lyon, se kilès ki gen kouraj pou fè l leve?

10 Baton gouvènans p ap janm sòti sou Juda,

ni bwa règleman p ap janm antre pye li

jis lè Schilo vini,

e a li menm va parèt obeyisans a tout nasyon yo.

11 Li mare jenn bourik li

ak pi bèl pye rezen an.

Li lave vètman li yo nan diven,

ak manto li yo nan san rezen yo.

12 Zye li fonse wouj akoz diven an,

e dan li blanchi nan lèt la.

13 Zabulon va demere bò lanmè;

li va yon pwotèj pou gwo bato yo.

Lizyè l va ak Sidon.

14 Issacar se yon bourik gwo fòs

k ap kouche ba nan mitan makout bèt.

15 Lè li te wè ke plas repo sa a te dous,

e tè a te fè l plezi,

li te double zepòl li pou pote chaj yo,

e li te devni yon esklav pou kòve.

16 Dan va jije pèp li kon youn nan tribi Israël yo.

17 Dan va yon sèpan ki nan wout,

yon koulèv avèk kòn nan chemen

k ap mòde talon cheval la,

pou fè chevalye li tonbe an aryè.

18 Paske delivrans ou m ap tann, o SENYÈ.

19 Pou Gad, piyajè yo va piyaje li,

men li va piyaje vè talon pa yo.

20 Pou Aser, manje li va rich, e li va pwodwi

bagay ki delika e ki wayal.

21 Nephthali se yon bich ki vin lage.

Li donnen bèl pitit.

22 Joseph se yon branch ki donnen fwi;

yon branch avèk fwi toupre yon sous.

Branch li yo kouri sou yon miray.

23 Achè yo te atake avèk rayisman,

yo te tire sou li e yo te anmède li;

24 men banza li te rete fèm, e bwa li yo te fò;

depi nan men Toupwisan Jacob la

(depi la se Bèje a, Wòch Israël la),

25 Depi nan Bondye a papa ou ki bay ou soutyen an;

Toupwisan an ki beni ou avèk

benediksyon anwo nan syèl la,

benediksyon ki sòti nan fon ki anba a,

e benediksyon tete matris ak vant ki te fè ou a.

26 Benediksyon a papa ou yo gen tan

fin depase sila a zansèt pa m yo jis rive

nan limit kolin ki dire pou tout tan yo.

Yo va rete sou tèt a Joseph,

sou kouwòn a tèt ki byen distenge pami frè li yo.

27 Benjamin se yon lou voras;

nan maten li va devore sa ke li kenbe,

e nan aswè, li va divize piyaj la.”

28 Tout sa yo se douz tribi Israël yo, e se sa ke papa yo te di yo lè li te beni yo. Li te beni yo, yo chak avèk yon benediksyon ke yo te merite.

29 Konsa, li te bay yo chaj, e li te di yo: “Mwen prèt pou ranmase vè moun mwen yo. Antere mwen avèk zansèt mwen yo nan kav ki nan chan Éphron an, Etyen an, 30 nan kav ki nan chan Macpéla a, ki avan Mamré nan peyi Canaan an, ke Abraham te achte ansanm avèk chan nan men Éphron, Etyen an pou yon plas antèman.

31 “La menm yo te antere Abraham avèk madanm li Sarah, la yo te antere Isaac avèk madanm li Rebecca, e se la mwen te antere Léa; 32 chan an avèk kav ki ladann nan, te achte nan men fis a Heth yo.”

33 Lè li te fin chaje fis li yo, li te rale pye li anndan kabann nan, li te respire dènye souf li, e li te vin ranmase vè moun li yo.