Antèman Jacob ak lanmò Joseph

1689 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Jenèz 50

1 Joseph te tonbe sou figi a papa li. Li te kriye sou li, e li te bo li. 2 Joseph te kòmande sèvitè li yo avèk doktè yo pou anbome kò papa l. Donk, doktè yo te anbome Israël. 3 Alò, karant jou te nesesè pou sa, paske se tan sa a li te pran pou anbome. Epi Ejipsyen yo te kriye pou li pandan swasanndi jou.

4 Lè jou doulè pou li yo te fin pase, Joseph te pale a lakay Farawon, e te di: “Si koulye a mwen jwenn favè nan zye nou, souple, pale avèk Farawon, e di: 5 Papa m te fè m sèmante e te di: ‘Gade byen, mwen prèt pou mouri. Nan tonm mwen ke m te fouye pou mwen menm nan peyi Canaan an, se la nou va antere mwen.’ Alò, pou sa, kite mwen monte pou antere papa m; epi mwen va retounen.”

6 Farawon te di: “Ale monte antere papa ou, jan li te fè ou sèmante a.”

7 Alò, Joseph te monte pou antere papa li, e avèk li te monte tout sèvitè a Farawon yo, ansyen lakay li yo, ak tout ansyen a peyi Égypte yo. 8 Tout lakay Joseph avèk frè li yo, ak lakay papa li te ale. Yo te kite sèlman timoun yo, bann mouton yo ak twoupo yo nan peyi Gosen an. 9 Osi te monte avèk li, cha yo avèk chevalye yo. Epi se te yon gran konpanyen.

10 Lè yo te vin nan glasi vannen kote Athad la, glasi ki lòtbò Jourdain an, yo te fè anpil kriye avèk gwo lamantasyon byen tris. Li te obsève sèt jou lamantasyon pou papa li. 11 Alò, lè abitan nan peyi a, Kananeyen yo te wè lamantasyon sa a nan glasi vannen Athad la, yo te di: “Sa se yon lamantasyon trè di pou Ejipsyen yo.” Pou rezon sa a, yo te rele li Abel-Mitsraïm, ki vle di lòtbò Jourdain an.

12 Se konsa fis li yo te fè pou li jan li te kòmande yo a; 13 paske fis li yo te pote li nan peyi Canaan an. Yo te antere li nan kav kote chan a Macpéla a avan Mamré, ke Abraham te achte ansanm avèk chan an pou yon kote antèman nan men Éphron, Etyen an.

14 Apre li te antere papa li, Joseph te retounen an Égypte—li menm, frè li yo, ak tout moun ki te monte avèk li pou antere papa li yo.

15 Lè frè a Joseph yo te wè ke papa yo te mouri, yo te di: “Kisa ki va rive si Joseph toujou pote lahèn kont nou, e deside fè vanjans pou sa nou te fè l la?” 16 Epi yo te voye vè Joseph e te di: “Papa ou te pase lòd avan li te mouri. Li te di: 17 ‘Konsa ou va di a Joseph: Souple, mwen mande ou padon pou transgresyon a frè ou yo avèk peche pa yo, paske yo te fè ou tò.’ Koulye a, souple, padone transgresyon sèvitè Bondye a papa ou yo.” Epi Joseph te kriye lè yo te pale avèk li.

18 Frè li yo anplis, te vin tonbe ba devan li, e yo te di: “Gade byen, nou se sèvitè ou.”

19 Konsa, Joseph te di yo: “Pa pè; èske mwen nan plas Bondye? 20 Pou nou menm, nou te anvizaje mal kont mwen, men Bondye te anvizaje sa ki bon pou Li ta kapab fè rive rezilta ke nou wè koulye a devan nou an, pou L ta kapab prezève vi a anpil moun. 21 Pou sa, pa pè. Mwen va fè pwovizyon pou nou avèk pitit nou yo.” Li te rekonfòte yo e li te pale avèk tandrès avèk yo.

22 Alò, Joseph te rete an Égypte, li menm avèk lakay papa li, epi Joseph te viv pandan san-dis ane. 23 Joseph te wè twazyèm jenerasyon nan fis Ephraim yo, e anplis, fis a Makir yo, fis a Manassé a te fèt sou jenou a Joseph.

24 Joseph te di frè li yo: “Mwen prèt pou mouri men Bondye va asireman pran swen nou, e Li va fè nou sòti nan peyi sa a vè peyi ke li te pwomèt nan sèman li a Abraham, Isaac, ak Jacob la.” 25 Konsa, Joseph te fè fis Israël yo sèmante. Li te di: “Anverite, Bondye va pwoteje nou, e nou va pote zo mwen monte kite isit la.”

26 Alò, Joseph te mouri nan laj san-dis ane. Li te anbome e yo te plase li nan yon sèkèy an Égypte.

Yo toupizi fis Israël yo apre lanmò Joseph 1577 anvan Christ

Egzòd 1

1 Alò sa yo se non fis Israël yo ki te vini an Égypte avèk Jacob; yo chak te vini avèk fanmi pa yo: 2 Ruben, Siméon, Lévi, Juda, 3 Isacar, Zabulon, Benjamin, 4 Dan, Nephthali, Gad, ak Aser. 5 Tout moun ki te sòti nan zantray Jacob yo te swasann-dis moun, men Joseph te deja an Égypte.

6 Joseph te mouri, ni tout frè li yo avèk tout jenerasyon sila a. 7 Men fis Israël yo te pwodwi anpil, yo te vin miltipliye anpil, e yo te vin trè fò, jiskaske peyi a te vin ranpli avèk yo.

8 Alò yon wa tounèf ki pa te konnen Joseph te vin leve sou Égypte. 9 Li te di a pèp pa li a: “Gade byen, moun a fis Israël yo vin plis, e pi fò ke nou. 10 Vini, annou aji avèk sajès avèk yo, sinon yo va miltipliye, e si gen lagè, yo va fè alyans avèk sa ki rayi nou yo, pou goumen kont nou e kite peyi a.”

11 Konsa, yo te chwazi sipèvizè sou yo pou aji di avèk yo pou fè yo travay pi rèd. Yo te bati pou Farawon vil Pithom avèk Ramsès yo pou konsève sereyal. 12 Men plis ke yo t ap aflije yo, plis ke yo t ap ogmante, e plis yo t ap grandi.

Konsa Ejipsyen yo te vin gen gwo laperèz pou fis Israël yo. 13 Yo te vin fòse fis Israël yo travay di. 14 Yo te fè vi yo vin amè avèk travay di nan mòtye avèk brik, e ak tout kalite travay nan chan an. Tout se te kòve ke yo te enpoze byen rèd sou yo.

15 Alò wa Égypte la te pale avèk fanm saj Ebre yo. Youn nan yo te rele Schiparaavèk, e lòt la yo te rele Pua. 16 Li te di yo: “Lè nou ap ede fanm Ebre yo akouche, e wè yo sou chèz doulè a, si se yon gason, nou va mete l a lanmò; men si se fi, li va viv.”

17 Men fanm saj yo te pè Bondye, yo pa t fè jan wa Égypte la te kòmande yo a, men yo te kite gason yo viv.

18 Epi wa Égypte la te rele fanm saj yo. Li te di yo: “Poukisa nou te fè bagay sa a, e kite gason yo viv la?”

19 Fanm saj yo te di a Farawon: “Akoz fanm Ebre yo pa tankou fanm Ejipsyen yo. Yo gen anpil fòs, e yo akouche pitit yo avan ke fanm saj la rive kote yo.”

20 Alò Bondye te bay gras a fanm saj yo. Konsa, pèp Ebre a te vin miltipliye e te vin trè fò. 21 Akoz fanm saj yo te krent Bondye, Li te bay yo gran fanmi yo. 22 Alò Farawon te kòmande tout pèp li a e te di: “Chak fis ki ne, nou va jete l nan lariviyè Nil lan, e chak fi nou va kenbe l vivan.”