Pati 10: Ministè ki fèt pita nan Pere a

Pwobableman depi fèt Dedikas la nan ane 29 apre Kris rive nan dènye vwayaj la nan ane 30 apre Kris (anviwon twa mwa edmi)

Jésus retire kò l al Béthanie, lòt bò Jourdain an

Jésus retire kò l kite Jérusalem pou l al Béthanie, lòt bò Jourdain an.

Pere

29 rive 30 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Jean 10:40–42

10:40 Li te ale ankò lòtbò Jourdain an nan plas kote Jean te premye konn batize a. Li te demere la.

41 Anpil te vin kote L e t ap di: “Malgre Jean pa t fè yon sign, tout bagay li te di selon mesye sa a se te vrè.” 42 Anpil moun te kwè nan Li la.

Jésus anseye nan Pere epi yo avèti l sou Hérode

Jésus anseye nan Pere pandan yon vwayaj nan direksyon Jérusalem, epi yo avèti l sou Hérode Antipas.

Luc 13:22–35

13:22 Li t ap pase de yon vil a yon lòt, pou bay enstriksyon pandan Li t ap fè wout Li vè Jérusalem. 23 Konsa, yon moun te di Li: “Senyè, èske se sèlman kèk moun k ap sove?”

Li te reponn yo: 24 “Fè efò pou antre pa pòt etwat la; paske anpil, Mwen di nou, va eseye antre, e yo p ap kapab. 25 Depi mèt kay la leve efèmen pòt la, epi konsa, n ap kanpe deyò pou di: ‘Senyè, ouvri pou nou’. Alò, li va reponn, e va di nou: ‘Mwen pa konnen nou, ni kote nou sòti’.

26 “Konsa, nouva kòmanse di: ‘Nou te manje bwè nan prezans Ou, e Ou te enstwi nan lari nou yo.’

27 “Epi Li va di: ‘Mwen di nou, Mwen pa konnen kote nou sòti. Kite Mwen, nou tout ki fè inikite.’ 28 Va gen kriye fò, ak manje dannan plas sa a lè nou wè Abraham, Isaac avèk Jacob ak tout pwofèt yo nan wayòm syèl la, men nou menm, k ap jete deyò. 29 Yova sòti nan lès, ak lwès, e nan nò avèk sid, epi yo va repoze sou tab la nan wayòm syèl la.

30 “Gade byen, genkèk moun ki dènye ki va vin premye, e kèk moun ki premye ki va vin dènye.”

31 Nan menm jou sa a, kèk Farizyen te pwoche. Yo te di L: “Ale kite isit la, paske Hérode vle touye Ou.”

32 Li te reponn yo: “Ale di rena sa a ‘Gade, Mwen chase move lespri yo, e Mwen fè gerizon jodi a, ak demen. Epi nan twazyèm jou a bi m va fin acheve. 33 Malgre sa, Mwen oblije fè wout Mwen jodi a, demen ak jou apre a, paske li pa kapab fèt pou yonpwofèt ta peri andeyò Jérusalem.’”

34 O Jérusalem, Jérusalem, vilki touye pwofèt yo, e lapide sila ki te voye kote li yo! Kijan souvan Mwen te vle rasanble pitit nou yo ansanm tankou yon poul ranmase pitit li yo anba zèl li, men nou pa t fè sa!

35 “Gade, lakay nou rete nan men nou dezole, epi Mwen di nou, nou p ap wè M ankò jiskaske nou di: ‘Beni se Sila a ki vini nan non Senyè a!’”

Pandan l ap manje ak yon Farizyen enpòtan, Jésus fè yon gerizon ankò

Pandan Jésus ap manje (nan dejene) ak yon Farizyen enpòtan, li fè yon gerizon jou Saba a ankò epi li defann tèt li. Sikonstans lan ba l okazyon pou l rakonte twa parabòl.

Pwobableman nan Pere

Luc 14:1–24

14:1 Li te rive ke lè L te antre lakay a youn nan dirijan Farizyen yo, nan Saba a pou manje pen, yo t ap veye L de prè.

2 Epi la devan li, te gen yon nonm ki t ap soufri avèk maladi kò anfle.

3 Konsa, Jésus te reponn e te pale avèk avoka ak Farizyen yo. Li te mande: “Èske se pèmi pou geri nan Saba a oubyen non?”

4 Men yo te rete san pale. Li te kenbe li, geri li, e te voye l ale.

5 Li te di yo: “Kilès nan nou k ap gen yon fis, oswa yon bèf tonbe nan yon pwi, ki p ap imedyatman rale l sòti nan yon jou Saba?”

6 Epi yo pa t kapab reponn sa menm.

7 Alò, Li te kòmanse pale an parabòl a sila ki te envite yo, lè L te wè jan yo t ap chwazi chita nan plas donè sou tab la. Li t ap di yo: 8 “Lè nou envite pa yon moun nan yon fèt maryaj, pa pran plas donè paske yon moun pi distenge pase ou kapab deja envite pa mèt la. 9 Epi sila ki te envite nou toulède a ka petèt vin di ou: ‘Bay plas ou a nonm sila a, e answit akgwo wont, w ap vin okipe dènye plas la’.

10 “Men, lè nou envite, ale chita nan dènye plas la, dekwa ke lè sila a ki te envite nou an vini, li kapab di nou: ‘Zanmivin pi devan’. Konsa, nou va gen onè nan zye a tout moun ki chita sou menm tab sa a avèk nou.

11 “Paske tout sila yo ki leve tèt yo va vin desann, e sila yo ki desann tèt yo, va vin leve.”

12 Anplis, Li te ale di a sila a ki te envite L la: “Lè w ap fè yon bankè oswa yon soupe, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ki rich yo, otreman yo ta kab envite ou anretou, e sa va sèvi kòm rekonpans a ou menm.

13 “Men lè w ap fè yon resepsyon, envite malere yo, sila ki bwate yo, ki kokobe yo, ak avèg yo. 14 Konsa ou va beni, paske yo pa gen mwayen pou remèt ou sa; paske yo va remèt ou sa nanrezirèksyon moun ki jis yo.”

15 Lè youn nan sila ki te chita sou tab avèk Li yo te tande sa, li te di Li: “Beni se tout moun ki va manje pen nan wayòm Bondye a!”

16 Men Li te di li: “Yonmesye t ap fè yon gwo bankè, e li te envite anpil moun. 17 Nan lè bankè a, li te voye esklav Li pou di sila ki te envite yo: ‘Vini! Tout bagay pare koulye a.’

18 “Men yo tout ansanm te kòmanse fè eskiz.

“Premye a te di li: ‘Mwen achte yon mòso tè, e Mwen bezwen ale wè l. Silvouplè, eskize mwen.’

19 “Yon lòt te di: ‘Mwen fenk achte senk pè bèf kabwa, e mwen pral eseye yo. Silvouplè, eskize mwen.’

20 “Epi Yon lòt te di: ‘Mwen fenk marye ak yon fi, e pou rezon sa a, mwen pa kapab vini.’

21 “Esklav la te retounen rapòte sa a mèt li. Answit mèt kay la te vin fache, e te di a esklav li a: ‘Ale depi koulye a nan tout lari ak wout vil yo, e mennen isit la malere yo, bwate yo, avèg ak kokobe yo.’

22 “Konsa, esklav la te di: “Mèt, sa ou te mande a gen tan fèt, e malgre sa, gen espas toujou.

23 “Mèt la te di a esklav la: ‘Ale nan gran ri yo ak sou kote kloti yo, epi fòse yo antre, pou kay mwen an kapab byen plen. 24 Paske mwen di nou ke pa gen nan moun sila yo ki te envite k ap goute manje mwen an.’”