Jésus avèti foul moun yo pou yo kalkile sa sa ap koute yo
Gwo foul moun ap swiv Jésus, epi li avèti yo pou yo kalkile sa sa ap koute yo pou yo vin disip li.
Pwobableman nan Pere
29 rive 30 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Luc 14:25–35
14:25 Alò, gwo foul la t ap prale avè l, e Li te vire di yo: 26 “Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen. 27 Nenpòt moun kipa pote pwòp kwa li pou swiv Mwen, li pa kapab disip Mwen.
28 “Paske kilès nan nou lè li vle bati yon tou fòterès, pa chita avan pou kalkile frè yo pou wè si li gen kont mwayen pou fin fè l? 29 Otreman, lè l fin fè fondasyon an, e li p ap kab fin fè l, tout sila k ap obsève l yo ap vin pase l nan betiz. 30 Yo va di: ‘Mesye sa a te kòmanse bati, e li pa kapab fini.’
31 “Oubyen ki wa, lè li pati pou rankontre yon lòt wa nan batay, li p ap dabòkalkile si l ap gen ase de fòs avèk di-mil moun pou rankontre lòt la k ap vin kont li avèk ven-mil? 32 Otreman, pandan lòt la toujou lwen, l ap voye yon delegasyon pou mande kondisyon pou fè lapè.
33 “Konsa, nanpwen youn nan nou ki kapab disip Mwen si li parenonse ak tout sa li posede.
34 “Konsa, sèl la bon; men si menmsèl la, pèdi gou li, avèk kisa li va reprann gou l. 35 Li initil ni pou tè a, ni pou fimye a; fòk li jete. Sila ki gen zòrèy la, kite l tande.”
Mouton ki pèdi a, pyès lajan ki pèdi a ak Fis ki pèdi a
Farizyen yo ak dirèktè lalwa yo ap bougonnen kont Jésus paske li akeyi pechè yo. Li defann tèt li avèk twa gwo parabòl: mouton ki pèdi a, pyès lajan ki pèdi a ak Fis ki pèdi a.
Pwobableman nan Pere
Luc 15:1–32
15:1 Alò tout kolektè kontribisyon yo avèk pechè yo t ap vin toupre L pou koute Li. 2 Ni Farizyen yo, ni skrib yo te kòmanse plenyen. Yo t ap di: “Mesye sa a resevwa pechè yo e manje avèk yo.”
3 Donk Li te di yo parabòl sila a. Li te di: 4 “Ki moun pami nou, si li gen yon santèn mouton e li vin pèdi youn, li p ap kite Katreven-diznèf la nan chan patiraj la, pou ale dèyè sila ki pèdi a, jiskaske li twouve l? 5 E lè l twouve li, l ap mete l sou zepòl li, e l ap rejwi. 6 Lè l rive lakay li, l ap rele ansanm tout zanmi avèk vwazen li yo, e l ap di yo: ‘Rejwi avè m, paske mwen twouve mouton m ki te pèdi a!’
7 “Mwen di nou ke menm jan an, va gen plis jwa nan syèl la sou yon pechè ki repanti, ke sou katreven-diznèf moun ki pa bezwen repanti.
8 “Oubyen, ki fanm, si li gen dis pyès lajan, e vin pèdi youn nan yo, li p ap limen yon lanp, e bale kay la pou l chache avèk atansyon jiskaske li twouve l? 9 Lè l twouve l, l ap rele tout zanmi li yo ansanm, e l ap di yo: ‘Rejwi avè m, paske mwen twouve pyès lajan ke m te pèdi a!’
10 “Menm jan an konsa, Mwen di nou, gen lajwanan prezans zanj Bondye yo, sou yon sèl pechè ki repanti.”
11 Ankò li di: “Yon sèten mesye te gen de fis; 12 Pi jenn nan te di a papa li: ‘Papa, ban mpati pa m nan eritaj ki tonbe pou mwen an.’ Donk, li tedivize byen li pami yo.
13 “Pa anpil jou apre, pi jenn fis la te rasanble tout bagay pou te fè yon vwayaj nan yon peyi byen lwen, kote li te gaspiye tout eritaj li a nan yon vi banbòch. 14 Alò, lè l te fin depanse tout, yon gwo grangou te parèt nan peyi sila a, e li te kòmanse vin nan bezwen. 15 Donk, li te ale anplwaye tèt li a yon sitwayen nan peyi sila a, e li te voye li nan chan an pou bay kochon yo manje. 16 Epi li te anvi plen vant li avèk po kochon yo t ap manje yo, e pèsòn pa t bay li anyen.
17 “Men lè li te vin reflechi byen, li te di: ‘Konbyen nan ouvriye papa m yo ki gen kont pen, men mwen ap mouri isit la avèk grangou. 18 Mwen va leve ale vè papa m’, e mwen va di l: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. 19 Mwen pa ankò dign pou rele fis ou. Fè m tankou youn nan anplwaye ou yo.’ 20 Donk, li te leve, e te ale kote papa l.
“Men pandan l te toujou byen lwen, papa li te wè li. Li te gen konpasyon pou li. Li te kourianbrase l e te bo li. 21 Epi fis la te di li: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. Mwen pa ankò dign pou m kapab rele fis ou.
22 “Men papa a te di a esklav li yo: ‘Fè vit potepi bèl vètman ki genyen an, mete li sou li, e mete yon bag nan men li ak soulye nan pye li. 23 Anplis mennen jenn ti bèf byen gra a; touye li, e annou manje pou fè fèt. 24 Paske konsa, fis mwen an temouri; koulye a li vivan ankò. Li te pèdi, men mwen jwenn li ankò.’ Epi yo te kòmanse fè fèt la.
25 “Alò, pi gran fis la te nan chan an. Lè li te vin toupre kay la, li te tande mizik avèk moun k ap danse. 26 Li te rele youn nan sèvitè yo, e te kòmanse fè ankèt pou mande kisa bagay sa yo ta kapab ye.
27 “Li te di li: ‘Frè ou a vini, e papa ou touye jenn ti bèf byen gra a, paske li rejwenn li ankò sen e sof.’
28 “Men li te vin fache, e li pa t dakò antre. Papa l te soti. Li te kòmanse plede avè l.
29 “Men li te reponn e te di a papa l: “Gade, pandan konbyen ane m ap sèvi ou, e mwen pa janm neglije yon lòd ou; men malgre sa, ou pa janm ban mwen yon kabrit pou m ta kapab fè fèt avèk zanmi mwen yo. 30 Men lè fis sila a te vini, li menm ki devorebyen ou avèk pwostitiye yo, ou te touye ti bèf byen gra a, pou li.
31 “Papa a te di l: ‘Fis mwen, ou toujou avè m, e tout sa ke m gen se pou ou. 32 Men nou te dwe fè fèt, e rejwi, paske frè ou sa ate mouri, e li kòmanse ap viv ankò. Li te pèdi, e koulye a, li retwouve.’”