Tout moun dwe repanti oswa peri
Tout moun dwe repanti oswa peri (de trajedi ki te rive nan epòk la). Parabòl pye fig frans ki pa bay fwi a.
Pwobableman nan Juda
29 oswa 28 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Luc 13:1–9
13:1 Alò, nan menm lè sa a, te gen kèk moun prezan ki te bay Li yon rapò sou Galileyen sila yo, ke Pilate te mele san yo avèk sakrifis pa yo.
2 Jésus te reponn yo: “Èske nou sipoze ke Galileyen sa yo te pi gwo pechè pase tout lòt Galileyen yo akoz yo te soufri sò sa a? 3 Mwen di nou: ‘Non’, men amwenske nou repanti, nou tout ap peri konsa. 4 Oubyen èske nou sipoze ke lè tou nan Siloé a te tonbe sou diz-uit yo, e te touye yo, ke yo te koupab pase tout lòt moun ki t ap viv Jérusalem yo?
5 “Mwen di nou non, men amwenske nou repanti, nou tout va peri menm jan an.”
6 Li te kòmanse pale parabòl sila a: “Yon sèten mesye te gen yon pye fig frans ki te plante nan chan li. Li te vini pou chache fwi sou li, e li pa t twouve anyen. 7 Konsa, li te di a jeran chan rezen yo: ‘Gade, depi twa lane m ap vini la pou chache fwi, sou pye sila a, san twouve anyen. Koupe retire li nèt! Poukisa menm l ap okipe espas tè a?’ 8 Li te reponn pou di l: ‘Kite li nan plas li mesye, pou lane sila a toujou, jis lè ke m fouye tè otou de li pou mete angrè. 9 Si li pote fwi lane pwochèn, sa bon, men si sa pa fèt, koupe l jete.’”
Jésus geri yon fanm enfim jou Saba a
Jésus geri yon fanm enfim jou Saba a epi li defann tèt li devan chèf sinagòg la. Li rakonte parabòl grenn moutad la ak parabòl ledven an ankò.
Luc 13:10–21
13:10 Konsa, li t ap enstwi nan youn nan sinagòg yo nan Saba a. 11 Epi vwala, te gen yon fanm ki t ap vèse san pandan diz-uit lane. Li te gen yon maladi ki te fèt pa yon move lespri, ki fè l koube doub, e li pa t kapab drese menm.
12 Lè Jésus te wè l, Li te rele li vini. Li te di l: “Fanm, ou lib de enfimite ou a”. 13 Li te poze men Li sou li, e imedyatman, li te drese dwat ankò, e te kòmanse bay lwanj a Bondye.
14 Men ofisye sinagòg la, byen move akoz Jésus te geri nan Saba a, te di foul la kòm repons: “Gen sis jou pou travay kapab fèt. Konsa, vini pandan jou sa yo pou geri, men pa nan jou Saba a.”
15 Men Senyè a te reponn li: “Nou ipokrit, èske nou chak nan Saba a pa demare bèf li, oswa bourik li sou manjwa a pou l kab mennen l al bwè? 16 Alò, fanm sa a, yon fi Abraham, jan li ye a, mare pa Satan pandan diz-uit ane byen long, èske li pa t dwe lage nan chèn sila a nan jou Saba a?”
17 Pandan ke Li t ap di sa a, tout advèsè Li yo te imilye, men tout foul la te rejwi yo nan tout mèvèy ke Li t ap fè yo.
18 Konsa Li t ap di: “A kisa wayòm Bondye a sanble, e a kilès Mwen kapab konpare li? 19 Se tankou yon grenn moutad ke yon mesye te ale jete nan pwòp jaden li. Li te grandi e li te vin tounen yon pyebwa, epi zwazo anlè yo te vin fè nich nan branch li.”
20 Ankò Li te di: “A kilès pou M ta konpare wayòm syèl la? 21 Se tankou ledven ke yon fanm te pran e mete nan twa mezi farin jiskaske tout te vin leve.”
Nan fèt Dedikas la, Jwif yo eseye touye Jésus ak kout wòch
Nan fèt Dedikas la, Jésus poko vle di aklè se li ki Mesi a. Jwif yo eseye touye l ak kout wòch.
La a, Levanjil Jean an reprann istwa a, epi li mennen nou Jérusalem, apre sa nan Pere.
Jérusalem
Jean 10:22–39
10:22 Nan lè sa, Fèt Dedikasyon an t ap pase nan Jérusalem. 23 Se te nan tan livè, epi Jésus t ap mache nan tanp lan sou galeri Salomon an.
24 Pou sa, Jwif yo te rasanble antoure Li, epi t ap di Li: “Pou konbyen de tan W ap kenbe nou an sispann? Si ou menm se Kris la, fè nou konnen klè.”
25 Jésus te di yo: “Mwen te di nou, e nou pa kwè M. Zèv ke M fè nan non Papa M yo, sa yo fè temwayaj de Mwen.” 26 Men nou pa kwè, paske nou pa mouton Mwen yo.
27 “Mouton pa M yo tande vwa M, e yo swiv Mwen. 28 E Mwen bay yo lavi etènèl, e yo p ap janm peri. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men M.
29 “Papa M ki te ban Mwen yo, pi gran pase tout moun. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men a Papa a. 30 Mwen avèk Papa a se youn.”
31 Jwif yo te leve pran wòch ankò pou lapide L.
32 Jésus te reponn yo: “Mwen te montre nou anpil bon zèv ki te sòti nan Papa a. Pou kilès ladan yo n ap lapide M nan?”
33 Jwif yo te reponn: “Pou bon zèv, nou pa lapide Ou, men pou blasfèm nan. Paske Ou menm ki se yon nonm, pran poz ke se Bondye ou ye.”
34 Jésus te reponn yo: “Èske li pa te ekri nan Lalwa pa w la ke: ‘Mwen di ke se dye yo nou ye’?
35 “Si Li te rele yo dye yo, sila ki te resevwa pawòl Bondye yo (epi Ekriti Sen yo p ap kapab chanje), 36 èske ou di a Li menm, Sila a ke Papa a te fè sen, epi voye nan lemonn nan: ‘W ap blasfeme’ akoz Mwen di ke Mwen menm se Fis Bondye a?
37 “Si Mwen pa fè zèv a Papa M, pa kwè M. 38 Men si M fè yo, malgre ou pa kwè M, kwè zèv yo pou ou kapab konnen epi konprann ke Papa a nan Mwen, e Mwen nan Papa a.”
39 Pou sa, yo t ap chache ankò pou kenbe L, men Li te evite men yo.