Jésus anonse yo pral kloure l sou kwa nan de jou

Jésus anonse yo pral kloure l sou kwa nan de jou (vandredi selon kalandriye Jwif la).

Sanble se nan Béthanie, madi swa (kòmansman mèkredi selon kalandriye Jwif la). Dirijan yo nan Jérusalem fè konplo pou touye l

30 oswa 29 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Matthieu 26:1–5

26:1  Lè Jésus te fin pale tout pawòl sa yo, Li te di a disip Li yo: 2 “Nou konnen ke apre de jou, Jou Pak Jwif la ap vini, e Fis a Lòm nan ap livre a yo menm pou yo kab krisifye L.”

3 Nan moman sa a, chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo te reyini ansanm nan lakou tribinal wo prèt ke yo te rele Caïphe la.

4 Epi yo te fè konplo ansanm pou sezi Jésus an sekrè e touye Li.

5 Men yo t ap di: “Pa fè l pandan fèt la otreman sa kab fè yon gwo revòlt pami pèp la.”

Marc 14:1–2

14:1 Alò, Pak Jwif la avèk Pen San Ledven an, t ap fete nan de jou. Konsa, chèf prèt avèk skrib yo t ap chache kijan pou yo ta sezi L pa riz pou touye Li.

2 Paske yo t ap di: “Pa pandan fèt la, otreman sa kab fè pèp la fè twoub.”

Luc 22:1–2

22:1 Alò, fèt Pen San Ledven an ki rele Pak Jwif la, t ap pwoche.

2 Konsa, Chèf prèt avèk skrib yo t ap chache kijan yo ta kapab mete L a lanmò; paske yo te pè pèp la.

Marie moun Béthanie vide pafen sou Jésus pou antèman li

Nan resepsyon lakay Simon, nonm ki gen lèp la, Marie moun Béthanie vide pafen sou Jésus pou antèman li.

Béthanie (madi swa, mèkredi selon kalandriye Jwif la)

Matthieu 26:6–13

26:6 Alò, lè Jésus te Béthanie nan kay a Simon, lepre a, 7 yon fanm te vin kote L avèk yon bokal pòslèn plen avèk pafen ki te trè chè. Li te vide li sou tèt Jésus, pandan Li te sou tab la.

8 Men disip yo te mekontan lè yo te wè sa. Yo te di: “Poukisa l ap fè gaspiyaj konsa?

9 Pwiske pafen sa a ta kapab vann pou yon gwo pri, e lajan sa a ta kapab separe bay a malere yo.”

10 Men Jésus te konprann sa, e te di yo: “Poukisa nou ap twouble fanm nan? Li fè M yon bon bagay.

11 Paske malere yo ap toujou avèk nou, men Mwen menm, Mwen p ap la pou tout tan.

12 Pwiske lè li te vide pafen sila a sou kò M, li te fè l pou prepare Mwen pou lantèman.

13 Anverite, Mwen di nou ke nenpòt kote ke bòn nouvèl sila a preche nan tout mond lan, sa ke fanm sila a te fè a, ap toujou pale pou yo sonje li nèt.”

Marc 14:3–9

14:3 Pandan Li te Béthanie lakay Simon, lepre a, e yo te chita sou tab la, yon fanm te vini avèk yon bokal alabat ranpli avèk nard, ki te koute byen chè. Fanm nan te kraze bokal la, e te vide li sou tèt Jésus.

4 Men kèk moun te mekontan e te pale youn ak lòt: “Poukisa l ap gaspiye pafen sila a?

5 Paske pafen sila a ta kapab vann pou plis ke twa san denye (fòs kòb yon jou travay) e li ta kab bay a malere yo.” E yo t ap kritike l.

6 Men Jésus te di: “Lese li. Poukisa nou ap twouble li? Li fè M yon bon zèv.

7 Paske malere yo ap toujou la avèk nou, e nenpòt lè nou vle, nou kapab fè byen pou yo; men Mwen menm, M p ap la tout tan.

8 Li fè sa li ta kapab. Li te fè onksyon kò M davans, pou lantèman an.

9 Anverite Mwen di nou: Nenpòt kote ke bòn nouvèl la ta preche nan tout lemonn, sa ke fanm sa a fè a, li va pale nan memwa li.”

Jean 12:2–8

12:2 Konsa, yo te prepare yon manje pou li la.

Marthe t ap sèvi, men Lazare te youn nan yo ki te sou tab avèk Li. 3 Nan lè sa a, Marie te pran yon liv pafen yo rele na ki te koute trè chè, e te vide sou pye a Jésus e te siye yo avèk cheve li. Kay la te ranpli avèk sant pafen sa a.

4 Men Judas Iscariot, youn nan disip Li yo, ki te gen lentansyon pou trayi Li, te di:

5 “Poukisa pafen sila a pa t vann pou twa san denye, pou yo ta bay malere yo?”

6 Alò, li pa t di sa paske li te konsène pou malere yo, men paske se te yon vòlè li te ye. Epi konsi li te responsab lajan nan bwat kès la, li te konn piyaje sa ke yo mete ladann.

7 Pou rezon sa a, Jésus te di “Pa deranje l, li te konsève sa a pou jou lantèman M.

8 Paske malere yo ap toujou avè w, men Mwen, ou p ap toujou genyen M.”