Pati 12: Nan lonbraj la avèk Jésus

Soti madi apremidi rive jedi lannuit nan Semèn Pasyon an, ane 30 apre Kris (oswa 29). Jérusalem

Kounye a Jésus chèche prepare disip yo pou trajedi lanmò li ak pou yo kontinye travay li apre li fin ale.

Gran diskou sou tan lafen yo

Pandan li chita sou Mòn Oliv, Jésus pale ak disip li yo, nan langaj apokaliptik, sou destriksyon Jérusalem ak sou dezyèm vini pa l la. Gran diskou sou dènye bagay yo.

(Madi apremidi)

30 oswa 29 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Matthieu 24:1–25:46

24:1 Jésus te sòti nan tanp lan e t ap fè wout Li. Disip Li yo te vini pou montre Li bèl konstriksyon tanp lan. 2 Men Li te di yo: “Konsa, nou wè tout bagay sa yo? Anverite, Mwen di nou ke pa menm yon wòch isit la ap rete sou youn lòt ki p ap jete dekonble nèt.”

3 Pandan Li t ap chita sou Mòn Oliv la, disip Li yo te vin kote Li an prive. Yo te mande L: “Di nou kilè bagay sa yo ap rive, e ki sign k ap fè nou konnen ke Ou ap vini, e k ap enfòme nou sou fen tan yo?”

4 Jésus te reponn yo: “Fè atansyon pou pèsòn pa kondwi nou nan erè!”

5 Konsa, anpil moun ap vini nan non Mwen k ap di: ‘Se Mwen ki Kris La’, e yo va kondwi anpil moun nan erè.

6 “Nou va tande afè lagè, avèk bwi ki pale sou lagè, men fè atansyon pou nou pa pè. Fòk bagay sa yo rive, men sa se pa lafen an.

7 Paske nasyon ap leve kont nasyon, epi wayòm kont wayòm. Nan plizyè andwa, va gen gwo grangou avèk tranbleman de tè yo.

8 Men tout bagay sa yo se sèlman kòmansman an; tankou premye doulè a fanm k ap akouche a.

9 “Epi konsa yo va livre nou nan touman, e yo va touye nou. Nou va rayi pa tout nasyon yo pou koz a non Mwen.

10 “Konsa, nan tan sa a, anpil moun ap chite. Youn ap denonse lòt, e youn ap rayi lòt. 11 Epi anpil fo pwofèt ap leve, e y ap mennen anpil moun nan erè. 12 Epi akoz inikite ogmante, lanmou a pi fò moun ap vin fwèt.

13 Men sila ki kenbe fèm jiska lafen an ap sove.

14 “Epi bòn nouvèl a wayòm sila a va preche nan tout lemonn kon yon temwayaj a tout nasyon yo, e apre sa a, lafen an va rive.

15 “Pou sa, kon pwofèt Daniel te pale a, lè nou wè abominasyon dezolasyon an ki te pale pa Daniel, pwofèt la, k ap kanpe nan lye sen an, (kite moun k ap li a konprann)

16 nan moman sa a kite sila nan Judée yo sove pou ale nan mòn yo.

17 Nenpòt moun ki anwo kay la pa dwe desann pou pran byen li nan kay li,

18 ni nenpòt moun ki nan chan an pa dwe retounen pou pran rad li.

19 Men malè a sila ki ansent yo e a sila k ap bay pitit yo tete nan jou sa yo!

20 “Men priye pou ou pa oblije sove ale nan livè, ni nan yon jou Saba, 21 paske nan tan sa a, ap gen yon gwo tribilasyon yon jan ki pa janm fèt depi nan kòmansman mond lan, jouk rive koulye a, ni p ap janm genyen ankò. 22 Konsa, si jou sa yo pa t rakousi, pa t ap gen vi ki t ap sove. Men pou lakoz a sila ki chwazi yo, y ap rakousi.

23 “Nan lè sa a, si yon moun di nou: ‘Gade, men Kris la isit la’, oubyen ‘Men Li la’, pa kwè li.

24 Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo ap prezante e montre gwo sign avèk mirak pou yo ta kab, si li te posib, redwi nan erè menm sila ki eli yo.

25 Veye, Mwen avèti nou davans.

26 “Si yo di nou ‘Men Li nan dezè a’ pa ale la; oubyen ‘Gade la, Li la nan chanm pa anndan an, pa kwè yo. 27 Paske menm jan ke kout eklè a sòti nan lès pou klere jouk rive nan lwès, konsa n ap wè vini Fis a Lòm nan. 28 Nenpòt kote kadav la ye, se la ou va twouve votou yo.

29 “Men imedyatman apre tribilasyon nan jou sa yo, solèy la va vin nwa. Lalin lan p ap bay limyè, zetwal yo va tonbe sòti nan syèl la, e pouvwa syèl yo va souke.

30 “Epi nan moman sa a, sign a Fis a Lòm nan va parèt nan syèl la, e tout tribi sou tè a va kriye avèk doulè, paske yo va wè Fis a Lòm nan vini sòti sou nyaj syèl yo avèk pouvwa ak gran glwa,

31 epi Li va voye zanj Li avèk yon gwo twonpèt, e yo va rasanble ansanm ak sila ki eli yo, ki sòti nan kat van yo, sòti nan yon pwent syèl la ale nan lòt pwent lan.

32 “Koulye a, vin konprann parabòl a pye fig frans lan: lè branch li vin vèt, e prezante fèy, nou konnen ke gran sezon chalè a rive sou nou.

33 Ou menm tou, lè nou wè tout bagay sa yo, rekonèt ke Li pwòch, Li parèt menm nan pòt la.

34 “Anverite, Mwen di nou: Jenerasyon sila a p ap disparèt jouk lè ke tout bagay sa yo fin pase.

35 Syèl la avèk tè a va disparèt, men pawòl pa M yo p ap janm disparèt.

36 Men konsènan jou sa a, avèk lè sa a, pèsòn pa konnen, pa menm zanj nan syèl yo, ni Fis la, men sèl Papa a.

37 “Paske vini a Fis a Lòm nan va menm jan avèk jou a Noé yo. 38 Paske menm jan ke jou yo te ye avan gwo delij la, yo t ap manje e bwè; yo t ap marye, e t ap bay moun nan maryaj, jouk jou ke Noé te antre nan lach la. 39 Epi yo pa t konprann jiskaske delij la te vini e pote yo tout ale; konsa l ap ye avèk vini a Fis a Lòm nan.

40 “Nan moman sa a, ap gen de mesye nan yon chan; youn ap prale; lòt la ap rete. 41 De fanm k ap moulen nan moulen an; youn ap prale, lòt la ap rete.

42 “Pou sa,

43 men konnen byen yon bagay; si mèt kay la te konnen a kilè nan nwit lan vòlè a t ap parèt, li t ap veye plis, e pa t ap kite kay la kase. 44 Pou rezon sa a, fòk nou menm, nou byen prepare tou. Paske Fis a Lòm nan ap vini nan yon lè ke nou pa sipoze.

45 “Kilès, konsa, ki se esklav fidèl e rezonab ke mèt la te mete responsab tout lakay li, pou bay yo manje nan lè ke yo bezwen? 46 Beni se esklav k ap fè sa lè mèt li vini an. 47 Anverite Mwen di nou ke l ap mete li kòm chèf sou tout byen li yo.

48 “Men si esklav mechan sa a di nan kè li, ‘Mèt mwen p ap vini pandan anpil jou’, 49 epi li kòmanse bat esklav parèy li yo, manje e bwè avèk moun sou yo, 50 mèt a esklav sa a ap vini nan yon jou ke li pa t panse, e nan yon lè ke li pa t konnen, 51 epi li va koupe li an mòso e bay li yon plas avèk ipokrit yo. Se la, y ap gen kriye avèk manje dan.”

25:1 “Konsa, Wayòm syèl la tankou dis vyèj ki te pran lanp yo pou soti e rankontre jennonm k ap marye a. 2 Senk nan yo te manke sajès, men lòt senk yo te gen bon konprann. 3 Lè sila ki manke sajès yo te pran lanp yo, yo pa t pran lwil avèk yo. 4 Men saj yo te pran lwil nan veso ansanm avèk lanp yo. 5 Konsa, pandan jennonm nan t ap pran reta, yo tout te vin fatige, e dòmi te pran yo.

6 “Men a minwi, te gen yon gwo kri: ‘Men gade, jennonm k ap marye a parèt! Vin rankontre li.’

7 “Alò, tout vyèj sa yo te leve pou prepare lanp pa yo. 8 Men sila ki pa t saj yo te di a sila ki te pridan yo: ‘Bannou kèk nan lwil pa nou an, paske lanp nou yo ap etenn.’

9 “Men saj yo te reponn: ‘Non, pwiske si nou fè sa, nou p ap rete kont pou nou. Pito nou ale kote machann pou nou achte pou tèt nou.’

10 “Konsa, pandan yo t ap pral achte, jennonm nan te vin parèt e sila ki te prepare yo te antre avè l nan fèt maryaj la. Epi pòt la te vin fèmen.

11 “Pita lòt vyèj yo te vini. Yo te di: ‘Senyè, Senyè, louvri pòt la pou nou.

12 “Men li te reponn yo konsa: ‘Anverite mwen di nou, mwen pa rekonèt nou.’

13 “Pou sa, fè atansyon, paske nou pa konnen ni jou, ni lè.

14 “Konsa, li menm jan avèk yon nonm ki fenk pare pou fè yon vwayaj. Li rele esklav li yo, e konfye tout sa li posede nan men yo menm. 15 A youn li te bay senk talan (yon gwo sòm dajan) a yon lòt de, e a yon lòt, youn, selon kapasite ke chak te genyen. Epi li te sòti pou fè vwayaj la. 16 Imedyatman, sila ki te resevwa senk talan yo te fè afè avèk yo, e te ranmase yon lòt senk talan anplis. 17 “Menm jan an, sila ki te resevwa de talan yo te vin jwenn de lòt. 18 Men sila ki te resevwa yon sèl talan an te ale fouye yon twou nan tè pou te sere lajan mèt li.

19 “Apre anpil tan, mèt a esklav sa yo te vini pou te regle kont avèk yo. 20 Sila ki te resevwa senk talan yo te vin pote li avèk yon lòt senk talan ankò, epi te di: ‘Mèt, ou te fè m konfyans ak senk talan. Ou wè, mwen fè l rapòte senk talan anplis.’

21 “Mèt li te di li: ‘Byen fèt, bon e fidèl sèvitè. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap fè ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.’

22 “Sila ki te resevwa de talan yo te vini epi te di: ‘Mèt, ou te fè m konfyans ak de talan. Ou wè, mwen fè l rapòte de talan anplis.’

23 “Mèt li te di li: ‘Byen fèt, bon sèvitè fidèl la. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap fè ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.’

24 “Konsa, sila osi ki te resevwa yon sèl talan an te vini e te di: ‘Mèt, mwen te byen konprann ke ou menm se te yon mèt ki di; ke ou rekòlte kote ou pa plante, e ranmase kote ou pa simen. 25 Epi mwen te krent, e te ale sere talan an nan tè. Gade byen, ou twouve sa ki pou ou a.’

26 “Men mèt li te reponn li e te di: ‘Esklav malveyan e parese! Ou te konnen ke mwen rekòlte kote mwen pa plante, e ranmase kote mwen pa simen. 27 Pou sa, ou te dwe mete kòb mwen an labank pou lè m rive mwen ta kapab resevwa l avèk enterè.

28 “Konsa, retire talan an nan men li, epi bay li a sila a ki gen dis talan yo. 29 Paske a sila a ki genyen an, l ap resevwa plis e l ap gen an abondans, men pou sila a ki pa genyen an, menm sa li genyen an ap retire nan men l. 30 Voye esklav initil sila a nan fon tenèb, nan plas kote ap genyen kriye ak manje dan.’

31 “Men lè Fis a Lòm nan vini nan tout glwa Li avèk tout zanj Li yo, Li va chita sou twòn glwa pa Li a. 32 Tout nasyon yo va rasanble devan Li. E Li va separe yo youn de lòt, kon yon gadyen patiraj separe mouton avèk kabrit. 33 Konsa, l ap mete mouton yo adwat li, e kabrit yo agoch Li.

34 “Epi Wa a va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan. 35 Paske Mwen te grangou, e nou te ban M bagay pou M manje. Mwen te swaf, e nou te ban M bwè. Mwen te yon etranje, e nou te envite M antre, 36 Mwen te touni, e nou te ban M rad. Mwen te malad e nou te vizite M. Mwen te nan prizon e nou te vin kote M.

37 “Epi jis yo ap di Li: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou e te bay Ou manje, ni swaf pou te bay Ou bwè? 38 Epi kilè nou te wè Ou yon etranje, epi envite Ou antre, oubyen touni pou te bay Ou rad? 39 Epi kilè nou te wè Ou malad, e te vizite Ou; oubyen nan prizon pou te vizite Ou?’

40 “Konsa, wa a va reponn yo: ‘Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’

41 “Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a. 42 Paske Mwen te grangou, men nou te refize ban M manje. Mwen te swaf, e nou pa t ban M bwè. 43 Mwen te yon etranje, e nou pa t envite M antre, touni, e nou pa t ban M rad, nan prizon e nou pa t vizite M.

44 “Alò yo menm va reponn: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou, oswa swaf, oswa yon etranje, touni, malad oubyen nan prizon, e nou pa t okipe Ou?’

45 “Konsa L ap reponn yo: ‘Anverite Mwen di nou, menm jan ke nou pa t fè li pou youn nan pi piti nan sa yo, nou pa t fè l pou Mwen tou.’ 46 Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl.”

Marc 13:1–37

13:1 Pandan Li t ap sòti nan tanp lan, youn nan disip Li yo te di Li: “Mèt, gade! A la bèl wòch, e a la bèl konstriksyon!”

2 Jésus te di li: “Ou wè gwo konstriksyon sa yo? Pa menm yon wòch va rete sou yon lòt ki p ap dekonble.”

3 Pandan Li te chita sou Mòn Oliv la, anfas tanp lan, Pierre avèk Jacques e Jean ak André t ap kesyone L an prive.

4 “Di nou kilè bagay sa yo ap rive, e kisa k ap yon sign pou lè tout bagay sa yo va akonpli.”

5 Epi Jésus te kòmanse di yo: “Veye ke pèsòn pa mete nou nan erè.

6 Anpil va vini nan non Mwen, e y ap di: ‘Mwen se Li menm!’ Y ap mennen nou nan anpil erè.

7 Lè nou tande afè lagè ak bwi lagè, pa enkyete nou. Fòk sa fèt, men se pa lafen.

8 Paske nasyon va leve kont nasyon, e wayòm kont wayòm. Va gen tranbleman de tè nan plizyè andwa. Va gen famin ak twoub. Bagay sa yo se kòmansman a doulè nesans lan.

9 “Men veye nou; paske y ap livre nou devan tribinal yo, e nou va resevwa kout fwèt nan sinagòg yo, e nou va kanpe devan gouvènè avèk wa yo pou koz a non Mwen, kon yon temwayaj a yo menm. 10 Men premyèman, fòk bòn nouvèl la preche a tout nasyon yo. 11 “Lè yo arete nou, e livre nou, pa enkyete nou an avans pou sa ke nou va di, men di nenpòt sa ke nou resevwa nan lè sa a. Paske se pa nou k ap pale, men Lespri Sen an.

12 “Konsa, frè va livre frè a lanmò, e yon papa, pitit li. Pitit yo va leve kont paran yo, e fè mete yo a lanmò. 13 Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila a ki pèsevere jiska lafen an, va sove.

14 “Men lè nou wè Abominasyon Dezolasyon an, sila ke Daniel te pale a, k ap kanpe kote li pa ta dwe ye,” (ke sila k ap li sa a konprann), “alò, kite sila ki nan Juda yo kouri ale nan mòn yo.

15 Epi kite sila ki sou do kay yo pa desann antre ladann pou pran anyen nan kay la.

16 Epi kite sila ki nan chan an pa retounen pran vètman li.

17 Men malè a sila avèk pitit nan vant yo, ak sila ki nouris nan jou sa yo.

18 “Men priye ke sa pa rive nan sezon fwedi. 19 Paske jou sa yo va yon tribilasyon ki pa janm konn fèt depi kòmansman kreyasyon an ke Bondye te fè, jouk rive koulye a e ki p ap janm fèt ankò.

20 “Anmwens ke Bondye te fè jou sa yo pi kout, nanpwen lavi ki t ap sove. Men pou koz a eli ke Li te chwazi yo, Li te fè jou yo vin pi kout.

21 E alò, si nenpòt moun ta di nou: “Men Kris la isit la”, oubyen: “Gade, Li la”; pa kwè li.

22 Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo va parèt, e va montre nou sign ak mèvèy jis, si te posib, pou sedwi menm eli yo.

23 Men fè atansyon, gade byen, Mwen te di nou tout bagay davans.

24 “Men nan jou sa yo, apre tribilasyon sila yo, solèy la ap vin nwa fonse, e lalin nan p ap bay limyè. 25 Epi zetwal yo va ap tonbe soti nan syèl la, e pouvwa ki nan syèl yo va sekwe nèt.

26 “Nan lè sa a yo va wè Fis a Lòm nan k ap vini nan nyaj yo avèk gwo pouvwa avèk glwa.

27 Li va voye zanj Li yo, e yo va ranmase tout eli Li yo, soti nan kat van yo, jis rive nan pwent tè ki pi lwen an, jouk nan pwent syèl ki pi lwen an.

28 “Alò, konprann parabòl de pye fig etranje a. Lè branch li vin vèt, e l ap pouse fèy, nou konnen ke gran sezon an prèt pou rive.

29 Menm jan an nou menm, lè nou wè bagay sa yo ap fèt, rekonèt ke Li menm Li prè, Li nan pòt la menm.

30 Anverite Mwen di nou, jenerasyon sila p ap gen tan pase jouk lè ke tout bagay sa yo fèt.

31 Syèl la ak latè ap pase, men pawòl pa M yo p ap pase.

32 “Men de jou sa a, oubyen lè sa a, pèsòn pa konnen, pa menm zanj ki nan syèl yo, ni Fis la, men sèl Papa a.

33 Fè atansyon, rete vijilan, paske nou pa konnen lè a. 34 Se tankou yon mesye ki sòti nan yon vwayaj ki kite kay li e mete esklav li yo responsab. Li te bay a chak moun, tach li, e osi a gadyen pòt la, pou l ta rete vijilan.

35 “Pou sa, rete vijilan. Paske nou pa konnen kilè mèt kay la ap parèt; si se nan aswè, a minwi, oubyen lè kòk la chante granmmaten; 36 sof ke li ta vini sibitman, e twouve nou nan dòmi. 37 E sa ke Mwen di nou an, Mwen di li a tout moun: “Rete vijilan!”

Luc 21:5–36

21:5 Alò, pandan kèk moun t ap pale de tanp lan, kijan li te byen dekore avèk bèl bijou, ak kado konsakre yo, Li te di: 6 Pou bagay sa yo ke nou ap gade la a, jou a va vini lè p ap rete yon sèl wòch sou lòt ki p ap chire dekonble.

7 Yo te mande L: “Mèt, kilè bagay sa yo ap rive? Epi ki sign k ap demontre ke yo prèt pou rive?”

8 Li te di: “Veye byen pou nou pa twonpe; paske anpil moun ap vini nan non Mwen, e yo va di: ‘Mwen se Li menm’, e, ‘Lè a toupre’. Pa kouri dèyè yo.

9 Lè nou tande afè lagè, avèk boulvèsman, pa enkyete; paske fòk bagay sa yo rive avan, men lafen an poko ap rive.”

10 Ankò, Li te di yo: “Nasyon va leve kont nasyon, e wayòm kont wayòm. 11 Va gen gran tranbleman detè, e nan plizyè andwa, epidemi avèk gwo grangou. Va gen gwo laperèz avèk gwo sign ki sòti nan syèl la.

12 Men avan tout bagay sa yo, yo va mete men sou nou, yo va pèsekite nou, e yo va livre nou nan sinagòg avèk prizon yo. Yo va mennen nou devan wa ak gouvènè yo pou koz a non Mwen.

13 Sa va ouvri yon chemen pou temwayaj nou. 14 Pou sa, pran desizyon avan lè pou pa prepare defans nou. 15 Paske Mwen va bannou pawòl avèk sajès pou okenn nan advèsè nou yo pa kapab reziste ni demanti.

16 Men Nou va trayi menm pa paran nou, frè, manm fanmi nou avèk zanmi nou. Yo va mete kèk nan nou a lanmò. 17 Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen. 18 Men pa menm yon cheve nan tèt nou p ap peri.

19 Pa pèseverans nou, nou va reyisi genyen lavi nou.

20 Men lè nou wè Jérusalem antoure pa lame, nan moman sa a, rekonèt ke dezolasyon li toupre.

21 Answit nan lè sa a, sila ki nan Juda yo va oblije sove pou ale nan mòn yo, sila ki nan mitan vil yo va oblije sòti, e sila ki andeyò yo p ap pou antre nan vil la.

22 Paske jou sa yo se jou vanjans yo, pou tout bagay ki ekri yo kapab vin akonpli.

23 Malè a sila yo k ap pote pitit, ak sila yo ki nouris nan jou sa yo, paske va gen gwo twoub sou tè a, e kòlè sou pèp sila a.

24 Yo va tonbe pa lam nepe, e yo va mennen kòm kaptif pou antre nan tout nasyon yo. Jérusalem va foule anba pye pa payen yo jiskaske tan payen yo fin acheve.

25 Konsa, va gen sign nan solèy la, lalin ak zetwal yo, e sou latè, sezisman pami nasyon yo, ak gwo malantandi akoz laraj lanmè a ak lanm lanmè yo. 26 Moun va pèdi kapasite akoz laperèz, avèk twòp refleksyon sou sa k ap rive nan mond lan. Paske pouvwa nan syèl yo ap vin ebranle.

27 Answit yo va wè Fis a Lòm nan k ap vini nan yon nyaj avèk pouvwa, ak gran glwa.

28 Men lè bagay sa yo kòmanse fèt, ranje kò nou, e leve tèt nou, paske delivrans nou ap toupre.

29 Answit Li te di yo yon parabòl: Veye byen pye figye frans lan, avèk tout pyebwa yo. 30 Depi yo pouse fèy, nou va wè sa, e nou vakonnen pou kont nou ke gran sezon chalè a toupre kounye a.

31 Menm jan an, nou menm tou, lè nou wè bagay sa yo ap fèt, rekonèt ke wayòm Bondye a toupre.

32 Anverite Mwen di nou, ke jenerasyon sila a p ap pase avan tout bagay sa yo rive.

33 Syèl la avèk tè a va pase, men pawòl Mwen yo p ap pase.

34 Veye nou, swa kè nou va vin lou nan banbòch ak bwason avèk enkyetid lavi yo, paske jou sa a va vini sou nou sibitman. 35 Paske li va vini kon yon piyej sou tout sila yo ki rete sou fas tout tè a.

36 Men rete vijilan tout tan avèk lapriyè pou nou kapab gen fòs pou chape de tout bagay sila yo ki prèt pou rive, e pou kanpe devan Fis a Lòm nan.”