Judas negosye pou trayi Jésus
Judas, ki santi l blese poutèt reprimann Jésus nan resepsyon an, negosye ak dirijan yo pou trayi l.
Madi lannuit nan Jérusalem
30 oswa 29 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Matthieu 26:14–16
26:14 Konsa, youn nan douz yo ki te rele Judas Iscariot te ale kote chèf prèt yo.
15 Li te di yo: “Kisa nou ap ban mwen si mwen livre Li bannou?”
Yo te peze bay li trant pyès ajan.
16 Depi lè sa a, li te kòmanse chache yon bon moman pou trayi li.
Marc 14:10–11
14:10 Judas Iscariot, ki te youn nan douz yo, te ale bò kote chèf prèt yo pou li ta kapab trayi Jésus a yo menm.
11 Yo te kontan lè yo te tande sa, e te pwomèt li lajan. Konsa, li t ap chache kijan pou trayi Li nan yon moman favorab.
Luc 22:3–6
22:3 Konsa, Satan te antre nan Judas ki te rele Iscariot, ki te konte pami douz yo.
4 Li te sòti, e te diskite avèk chèf prèt avèk ofisye yo sou jan li ta kapab trayi Li a yo menm.
5 Yo te kontan, e te vin dakò pou bay li lajan.
6 Donk, li te antann li avèk yo, e te kòmanse chache yon bon okazyon pou livre Li bay yo kote pa t gen foul moun.
Preparasyon manje Jou Pak Jwif la lakay yon zanmi
Preparasyon pou repa Jou Pak Jwif la lakay yon zanmi (petèt lakay papa ak manman Jean Marc).
Jérusalem, jedi apremidi. (Yon jou preparasyon)
Matthieu 26:17–19
26:17 Alò, nan premye jou Fèt Pen San Ledven an, disip yo te vin kote Jésus pou mande L: “Kibò Ou vle nou prepare manje Jou Pak Jwif la pou Ou?”
18 Li te di yo: “Ale nan vil la a yon sèten mesye e di li: ‘Mèt la di nou “Lè Mwen prèske rive. M ap fè fèt Jou Pak la lakay ou avèk disip Mwen yo.”’”
19 Disip yo te fè sa, jan Jésus te mande yo a. Konsa, yo te prepare Jou Pak la.
Marc 14:12–16
14:12 Nan premye jou Pen San Ledven an, lè jenn mouton Pak la t ap touye kon sakrifis la, disip Li yo te di Li: “Kote Ou vle nou ale fè preparasyon pou Ou kapab manje Pak la?”
13 Li te voye de nan disip Li yo. Li te di yo: “Antre nan vil la, e yon mesye k ap pote yon krich dlo ap rankontre nou. Swiv li.
14 Epi nenpòt kote li antre, di a mèt kay la: Mèt la mande: ‘Kote chanm vizitè Mwen an, pou M kab manje Pak la avèk disip Mwen yo?’
15 Li menm va montre nou yon gran chanm anlè, byen founi e prè. Prepare pou nou la.”
16 Konsa, disip yo te sòti e te vini nan vil la. Yo te twouve l jan ke Li te eksplike yo a. Konsa, yo te prepare Pak la la.
Luc 22:7–13
22:7 Alò, te rive premye jou Pen San Ledven an pandan lè yo te oblije fè sakrifis jenn mouton an.
8 Li te voye Pierre avèk Jean e te di: “Ale prepare Pak la pou nou pou nou kab manje li.”
9 Yo te mande li: “Ki kote Ou vle nou prepare l?”
10 Li te di yo: “Gade, lè nou antre nan vil la, yon mesye k ap pote yon vaz dlo va vin rankontre nou. Swiv li pou antre nan kay kote li antre a.”
11 Nou va di a mèt kay la: “Mèt la di nou, ‘Kote chanm vizitè a kote Mwen kapab manje Pak la avèk disip Mwen yo?’
12 Epi li va montre nou yon gwo chanm anlè, byen founi. Prepare li la.”
13 Yo te pati e te twouve tout bagay jan li te di yo a. Yo te prepare Pak la.
Jésus manje repa Pak Jwif la ak Douz yo
Jésus manje repa Pak Jwif la ak douz apòt yo epi li reprimande yo pou jalouzi yo.
Jérusalem, jedi swa apre solèy fin kouche (kòmansman vandredi pou Jwif yo)
Matthieu 26:20
26:20 Alò, lè fènwa te vin rive, Jésus te lonje sou tab la avèk douz disip yo.
Marc 14:17
14:17 Lè li te fènwa, li te vini avèk douz yo.
Luc 22:14–16, 24–30
22:14 Lè lè a te rive, Li te repoze a tab, e apòt yo te avè L.
15 Li te di yo: “Mwen te seryezman anvi manje Pak sa a avèk nou avan Mwen soufri; 16 paske Mwen di nou, Mwen p ap janm manje li ankò, jiskaske li vin akonpli nan wayòm Bondye a.”
24 Te leve osi yon diskisyon pami yo sou kilès nan yo ki te konsidere kòm pi gran. 25 Men Li te di yo: “Wa a payen yo domine yo, e sila ki gen otorite sou yo, yo rele ‘byenfetè’. 26 Men se pa konsa pou nou menm, men fòk sila a ki pi gran pami nou an vin tankou pi piti a, e direktè a tankou sèvitè a. 27 Paske, kilès ki pi gran an, sila a ki repoze a tab la, oubyen sila k ap sèvi a? Se pa sila ki repoze a tab la? Men Mwen menm, mwen pami nou kòm sila k ap sèvi a.
28 Nou menm se sila yo ki te kanpe avè M nan touteprèv Mwen yo. 29 Epi menm jan an ke Papa M ban Mwen yon wayòm, Mwen bannou li, 30 pou nou kapab manje e bwè sou tab Mwen nan wayòm Mwen an. Konsa, nou va chita sou douz twòn yo pou jije douz tribi Israël yo.