Pati 8: Jésus fòme Douz yo nan zòn alantou Galilée
Fòmasyon espesyal Douz yo nan distri alantou Galilée yo.
Pwobableman depi Pak nan ane 29 nan epòk nou an rive toupre Fèt Tonèl yo nan ane 29 nan epòk nou an, oswa yon ane anvan (sis mwa, depi prentan rive otòn). Sèlman yon ane pase depi kòmansman peryòd sa a jouk Krisifiksyon an. Kounye a, aksan an sou Wa Wayòm nan (Mesi a li menm)
Yo rakonte kat fwa diferan li retire kò l nan Galilée. Remake chak fwa li rete deyò teritwa Hérode a, epi chak fwa li ale nan mòn yo.
Jésus bay senk mil moun yo manje
Premye fwa li retire kò l: Douz yo retounen, epi Jésus retire kò l avèk yo lòt bò lak la pou yo repoze. Li bay senk mil moun yo manje.
29 oswa 28 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Matthieu 14:13–21
14:13 Lè Jésus tande sa, Li te retire kò L nan yon kannòt pou kont Li nan yon landwa izole. Lè foul la te tande sa, yo te sòti lavil la apye pou swiv Li.
14 Lè L te debake atè, Li te wè yon gran foul. Li te gen konpasyon pou yo, e Li te geri malad yo.
15 Lè li te vin fènwa, disip yo te vin di Li: “Plas sa a dezète, e lè a gen tan depase. Konsa, voye foul la ale pou yo kapab rive nan bouk yo pou achte kèk manje.”
16 Men Jésus te di yo: “Yo pa bezwen ale. Nou menm, bay yo manje!”
17 Yo te di Li: “Nou gen sèlman senk pen ak de grenn pwason.”
18 Li te di: “Pote yo ban Mwen!”
19 Li te kòmande tout foul la chita atè. Li te pran senk pen avèk de pwason yo. Li te gade anwo nan syèl la, e te beni manje a. Li te kase pen yo, Li te bay disip yo, epi disip yo te bay foul la.
20 Tout te manje e tout te byen satisfè. Yo te ranmase sa ki te rete nan mòso kase yo, e yo te rete douz panyen byen plen.
21 Te gen anviwon senk-mil gason ki te manje san konte fanm avèk timoun.
Marc 6:30–44
6:30 Apòt yo te rasanble avèk Jésus. Yo te bay Li yon rapò de tout sa yo te fè ak sa yo te enstwi.
31 Li te di yo: “Vini apa pou kont nou nan yon plas apa pou pran yon ti repo”. Paske anpil moun t ap antre, sòti, e yo pa t menm gen tan manje.
32 Yo te kite la nan yon kannòt pou ale nan yon plas apa pou kont yo.
33 Konsa, lè pèp la te wè ke yo t ap prale, anpil moun te rekonèt yo. Yo te kouri jwenn yo apye, sòti nan tout vil yo, epi yo te rive avan yo.
34 Lè Jésus te rive atè, Li te wè yon gwo foul. Konsa, Li te gen konpasyon pou yo paske yo te tankou mouton san gadò. Li te kòmanse enstwi yo anpil bagay.
35 Lè li te deja byen ta, disip Li yo te vin kote Li. Yo te di: “Plas sa a byen izole, e li deja fin byen ta.
36 Voye yo ale pou yo kapab ale nan landwa pa yo avèk vil pa yo pou achte kèk manje pou tèt yo.”
37 Men Li te di yo: “Nou menm bay yo manje!”
Yo te reponn Li: “Ou vle nou ale depanse de-san denye nan pen pou nou bay yo manje?”
38 Li te di yo: “Konbyen pen nou genyen? Al gade!” Lè yo konnen, yo di: “Senk pen ak de pwason”.
39 Konsa, Li te kòmande yo pou chita pa gwoup nan zèb vèt la.
40 Yo te chita pa gwoup de santèn, e pa gwoup de senkantèn.
41 Li te pran senk pen yo avèk de pwason yo. Li te gade vè syèl la, e Li te beni manje a. Li te kase pen yo, e Li te kontinye bay disip yo pou mete devan yo. Li te divize bay nan de pwason yo pami yo tout.
42 Yo tout te manje, e yo te satisfè. 43 Yo te ranmase douz panyen byen plen avèk mòso kase yo; e anplis, pwason.
44 Te gen senk-mil mesye ki te manje pen yo.
Luc 9:10–17
9:10 Lè apòt yo te retounen, yo te bay Jésus yon istwa de tout sa ki te rive a.
Li te fè yo ale avè L, pou yo fè retrèt vè yon vilaj yo rele Betsaïda.
11 Men foul la te konnen sa. Yo te swiv Li, e Li te resevwa yo avèk kè ouvè.
Li te kòmanse pale avèk yo sou wayòm syèl la, e te fè gerizon pou sila yo ki te bezwen geri.
12 Alò jou a te kòmanse ap avanse, e douz yo te vin di Li: “Voye foul la ale pou yo kapab ale nan vilaj yo oswa andeyò pou yo twouve lojman. Konsa, yo ka jwenn yon bagay pou yo manje, paske nou isit la nan yon kote ki izole.”
13 Men Li te di yo: “Nou menm bay yo manje!” Yo te reponn Li: “Nou pa gen plis ke senk pen avèk de pwason, sof ke petèt ke nou ta ale achte pen pou tout moun sa yo.”
14 (Paske te gen anviwon senk-mil moun.)
Li te di a disip Li yo: “Fè yo chita nan gwoup de senkant chak.”
15 Konsa yo te fè; yo te fè tout moun chita.
16 Answit, Li te pran senk pen avèk de pwason yo. Li te gade vè syèl la, e Li te beni yo. Li te kase yo, e te lonje bay disip yo pou mete devan foul la.
17 Yo te manje jis vant tout moun te plen. E mòso tou kase ke yo te ranmase yo te fè douz panyen byen ranpli.
Jean 6:1–13
6:1 Apre bagay sa yo, Jésus te ale lòtbò Lamè Galilée a (oubyen Tibériade).
2 E yon gran foul te swiv Li paske yo te wè sign ke Li t ap fè sou sa ki te malad yo.
3 Jésus te monte sou mòn nan, epi la Li te chita avèk disip Li yo.
4 Alò, Pak Jwif la t ap pwoche.
5 Jésus te leve zye Li, e lè L wè yon gran foul ki t ap pwoche Li, te di a Philippe: “Kibò n ap achte pen pou sila yo kapab manje.”
6 Li t ap di L sa pou sonde l. Paske Li menm te konnen deja kisa Li te gen lentansyon pou fè.
7 Philippe te reponn Li: “Fòs pen pou desan denye frè jounalye pou desan jou pa t ap sifi pou chak moun twouve menm yon ti mòso.”
8 Youn nan disip yo, André, frè a Simon Pierre te di L:
9 “Gen yon jènjan isit la ki gen senk pen fèt avèk lòj avèk de pwason, men kisa sa ye pou tout fòs kantite moun sa yo?”
10 Jésus te di: “Fè moun yo chita.”
Te gen anpil zèb nan plas sa a. Epi anviwon senk-mil moun te chita.
11 Konsa, Jésus te pran pen yo epi aprè Li te bay Bondye remèsiman, Li te pataje l a tout sa yo ki te chita la. Menm jan tou avèk pwason yo. Tout kantite ke yo te vle.
12 Lè yo te plen, Li te di a disip Li yo, “Ranmase tout mòso ki rete yo pou anyen pa pèdi.”
13 Konsa yo te ranmase yo, e yo te plen douz panyen yo avèk ti mòso fèt pa senk pen lòj ke sa ki t ap manje yo te kite.