Yo bloke yon plan pou fè Jésus wa
Yo anpeche yon plan revolisyonè pou pwoklame Jésus wa (yon Mesi politik) reyalize.
29 oswa 28 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Matthieu 14:22–23
14:22 Imedyatman, Li te fè disip yo antre nan kannòt la pou ale lòtbò a, pandan Li menm te voye foul la ale.
23 Apre li te voye foul la ale, Li te monte mòn nan Li sèl Li, pou L ta kapab priye. Lè lannwit vin rive, Li te la pou kont Li.
Marc 6:45–46
6:45 Konsa, Jésus te fè disip Li yo antre nan kannòt la pou ale devan Li lòtbò vè Bethsaïda, pandan Li menm t ap voye foul la ale.
46 Lè Li fin di yo orevwa, Li te ale nan mòn nan pou priye.
Jean 6:14–15
6:14 E pou sa, lè moun yo te wè sign ke Li te fè a, yo te di: “Anverite sa se Pwofèt ki gen pou vini nan lemonn nan.”
15 Lè Jésus apèsi ke yo gen lentansyon pou te vin pran L pa lafòs pou fè L wa, Li te retire kò Li ankò, epi ale nan mòn nan pou kont Li.
Kris vin jwenn Douz yo sou dlo a
Douz yo an danje nan yon tanpèt sou lanmè, epi Kris vin jwenn yo sou dlo a nan fènwa a.
Matthieu 14:24–33
14:24 Men kannòt la te deja byen lwen tè a, byen bat pa vag lanmè yo, paske van an te byen move.
25 Nan katriyèm vèy nwit lan, Li te vin kote yo ap mache sou lanmè a.
26 Lè disip Li yo te wè L ap mache sou lanmè a, yo te krent, e yo te di: “Sa se yon fantom” epi yo te kriye fò avèk laperèz. 27 Men imedyatman, Jésus te pale avèk yo e te di: “Pran kouraj! Se Mwen menm! Pa pè.”
28 Konsa, Pierre te reponn Li: “Senyè, si se Ou menm, kòmande m vin kote Ou sou dlo a.”
29 Li te reponn: “Vini!” Pierre te sòti nan kannòt la, e te mache sou dlo a vè Jésus. 30 Men lè l te wè van an, li te vin pè, e te kòmanse desann nan dlo a. Li te rele: “Senyè, sove m!”
31 Lapoula, Jésus te lonje men li e te kenbe l. Li te di l konsa: “Ou menm avèk mank lafwa, poukisa ou te doute?”
32 Lè yo te fin antre nan kannòt la, van an te vin sispann. 33 Sila ki te nan kannòt yo te adore Li. Yo te di: “Anverite, Ou se Fis Bondye a!”
Marc 6:47–52
6:47 Lè lannwit te rive, kannòt la te nan mitan lanmè a, e Jésus te atè pou kont Li.
48 Lè L te wè yo t ap fè fòs sou zaviwon yo akoz van an te kont yo, nan anviwon katriyèm è nan aswè, Li te vin kote yo ap mache sou lanmè a, kòmsi Li te gen entansyon ale devan pou kite yo dèyè.
49 Men lè yo te wè L ap mache sou lanmè a, yo te sipoze ke Li te yon fantom e yo te kriye fò; 50 pwiske yo tout te wè Li e yo te pè. Men nan moman sa a Li te pale avèk yo. Li te di yo: “Pran kouraj! Se Mwen menm! Pa pè.”
51 Li te antre nan kannòt la avèk yo, e van an te sispann. Yo te vrèman sezi. 52 Akoz yo pa t reyisi gen okenn konprann nan afè pen yo, kè yo te di.
Jean 6:16–21
6:16 Alò, lè aswè vini, disip Li yo te ale bò kote lamè a.
17 Yo antre nan yon kannòt, epi yo te travèse lamè a vè Capernaüm.
Li te fènwa deja, e Jésus poko te vin kote yo. 18 Lamè a te kòmanse boulvèse akoz yon gwo van ki t ap soufle.
19 Akoz sa, lè yo t ap naje ak zaviwon, a senk o sis kilomèt distans, yo te wè Jésus t ap vin vè kannòt la, tou mache sou dlo a. E yo te pè.
20 Men Li te di yo: “Se Mwen menm. Pa pè.”
21 Konsa, yo te dakò pou resevwa L nan kannòt la. Epi imedyatman, kannòt la rive atè, kote yo t ap ale a.
Yo akeyi Jésus nan Génésareth
Matthieu 14:34–36
14:34 Lè yo te fin travèse, yo te rive atè nan Génésareth.
35 Lè moun nan plas sa yo te rekonèt Li, yo te voye nouvèl nan tout ozanviwon an, e yo te pote bay Li tout sila ki te malad yo. 36 Yo t ap sipliye L pou yo ta kapab sèlman touche rebò a vètman Li, e tout sila ki te touche L yo te geri nèt.
Marc 6:53–56
6:53 Lè yo te fin travèse lòtbò, yo te rive atè nan Génésareth e te mare kannòt la atè. 54 Nan moman yo te kite kannòt la, pèp la te rekonèt yo. 55 Konsa, pèp la te kouri toupatou nan tout peyi a, e te kòmanse pote sila ki te malad yo sou palèt nan plas kote Li te ye a.
56 Nenpòt kote Li te antre nan bouk ak gran vil oswa andeyò, yo t ap vin depoze moun malad nan mache yo pou sipliye L pou yo ta kapab sèlman touche rebò vètman Li, akoz tout moun ki te touche l t ap vin geri.