Laperèz konsyans koupab Hérode fè l genyen konsènan Jésus
Hérode Antipas, nan Tibériade, gen laperèz konsyans koupab li fè l genyen konsènan Jésus, paske li te fè koupe tèt Jean Baptiste nan Makeront.
27 rive 29 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Matthieu 14:1–12
14:1 Nan lè sa a, Hérode, tetrak la, te tande nouvèl a Jésus. 2 Konsa, Li te di a sèvitè pa li yo: “Se Jean Baptiste sa a ye. Li gen tan leve soti vivan nan lanmò. Se pou sa li kapab fè tout mirak sa yo.”
3 Paske lè Hérode te fè yo arete Jean, li te mare li e mete li nan prizon akoz Hérodias, madanm a frè li, Philippe.
4 Paske Jean t ap di li ke li pa pèmèt pou l ta genyen l kon madanm. 5 Epi malgre ke Hérode te vle touye li, li te pè pèp la paske yo te konsidere li kon yon pwofèt.
6 Men lè fèt nesans Hérode te rive, Pitit a Hérodias la te vin danse devan yo, e Hérode te trè kontan.
7 Konsa, li menm te sèmante pou bay li nenpòt sa ke li te mande li. 8 Akoz ke fi a te ankouraje pa manman l, li te di: “Ban m isit la menm sou yon plato, tèt a Jean Baptiste.”
9 Malgre sa te fè l tris, wa a te kòmande sa fèt akoz sèman an, e akoz tout vizitè ki te la avèk yo.
10 Li te voye fè yo koupe tèt a Jean nan prizon an. 11 Yo te pote tèt li sou yon plato e te bay fi a. Konsa, fi a te pote l bay manman l.
12 Disip li yo te vin pran kò a e te antere l. Apre, yo te ale bay rapò a Jésus.
Marc 6:14–29
6:14 Wa Hérode te tande de bagay sa yo pwiske non Li te deja vini byen koni. Moun t ap di ke Jean Baptiste te gen tan leve soti nan lanmò, ki fè L vin gen pouvwa pou fè tout mirak sa yo.
15 Men lòt t ap di: “Li menm se Élie”. Lòt t ap di: “Li se yon pwofèt, kon youn nan ansyen pwofèt yo”.
16 Men lè Hérode te tande sa, Li t ap di: “Jean, tèt de sila ke m te fin koupe a, gen tan resisite!” 17 Paske se te Hérode menm ki te voye fè arete Jean, e li te mare l nan prizon pou koz Hérodias, madanm a frè li a, Philippe, akoz ke li te marye avè l.
18 Paske Jean t ap di a Hérode: “Li pa pèmèt pou ou gen madanm a frè ou”. 19 Konsa, Hérodias te gen yon kont avèk li, e te vle mete L a lanmò men l pa t kab fè l; 20 Paske Hérode te pè Jean, pwiske li te konnen ke li te yon nonm ladwati ki sen, e li te pwoteje l. Lè Hérode te konn koute l, li te konn byen twouble; men li te bay li plezi pou koute l.
21 Men yon jou okazyon an te vin parèt pandan fèt nesans Hérode. Li te ofri yon gwo fèt pou gwo chèf dirijan avèk kòmandan militè yo nan Galilée.
22 Lè fi a Hérodias la te vini pou kont li e te danse, li te fè Hérode kontan ak tout vizitè li yo nan fèt la. Konsa Wa a te di fi a: “Mande mwen nenpòt sa ou vle, e m ap bay ou li”.
23 Li te sèmante a li menm: “Nenpòt sa ou vle, m ap bay ou li, jiska mwatye wayòm mwen an”.
24 Konsa, li te ale deyò e te mande manman l: “Kisa mwen dwe mande?” Epi li te di l: “Tèt a Jean Baptiste”.
25 Lapoula, li te vini avèk vitès devan Wa a avèk yon demann. Li te di: “Mwen vle ke ou ban mwen koulye a menm, tèt a Jean Baptiste sou yon plato”.
26 Malgre ke Wa a te byen tris akoz sèman an, men akoz vizitè li yo, li pa t gen kouraj pou l refize l.
27 Imedyatman Wa a te voye yon gad avèk lòd pou vini avèk tèt li. Li te ale, e te fè yo koupe tèt li nan prizon an. 28 Konsa yo te pote tèt li sou yon plato pou te bay fi a, e fi a te bay li a manman l.
29 Lè disip li yo te tande sa, yo te vin pran kò l, e te mete l nan yon tonm.
Luc 9:7–9
9:7 Alò, Hérode, tetrak la te tande tout sa ki t ap fèt yo. Konsa, li te gravman twouble, paske kèk moun te di ke se te Jean ki te leve soti nan lanmò.
8 Selon kèk lòt Élie ki vin parèt, oswa youn nan ansyen pwofèt yo te leve ankò.
9 Hérode te di: “Mwen menm te fè yo koupe tèt a Jean, men kilès nonm sa a ye, ke m tande tout koze sa yo?” Li te kontinye ap eseye pou l ta kab wè L.