Yo anonse davans malè ak destriksyon Jérusalem

595 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ézéchiel 3:22–5:17

22 Men a SENYÈ a te sou mwen la, e Li te di m: “Leve ou menm, ale deyò nan plèn nan, epi la, Mwen va pale avèk ou.”

23 Konsa, mwen te leve ale nan plèn nan. Epi gade byen, glwa a SENYÈ a te kanpe la, tankou glwa ke m te wè akote rivyè Kebar a. Epi mwen te tonbe sou figi m.

24 Nan lè sa a, Lespri a te antre nan mwen. Li te fè m kanpe sou pye m, Li te pale avè m e te di mwen: “Ale, fèmen tèt ou anndan lakay ou. 25 Selon ou menm, fis a lòm, y ap mete kòd sou ou pou mare ou ak yo. Konsa, ou p ap ka sòti deyò pami yo. 26 Mwen va fè lang ou kole anlè bouch ou pou ou vin bèbè e pou ou p ap ka fè yo repwòch, paske lakay yo rebèl. 27 Men lè M pale ak ou, Mwen va ouvri bouch ou e ou va di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a’. Sila ki tande a, kite li tande; epi sila ki refize tande a, kite li refize; paske yo se yon kay rebèl.”

4:1 “Alò, ou menm, fis a lòm, chache pou ou yon mòso mozayik. Mete l devan ou e dezinye yon vil sou li, menm Jérusalem nan. 2 Konsa, poze fè syèj kont li. Bati yon miray syèj, leve teras, fòme kan an, prepare e pozisyone dè belye mouton kont li tout ozanviwon. 3 Ankò, chache pou ou yon plak an fè, pozisyone li tankou yon miray ki fèt an fè antre ou menm ak vil la e mete fas ou anvè li. Li anba syèj. Konsa ou va mete li anba syèj menm. Sa va yon sign pou lakay Israël.

4 “Pou ou menm, kouche sou kote goch ou e mete inikite lakay Israël la sou li. Ou va pote inikite yo pou menm fòs jou ke ou kouche sou li yo. 5 Mwen te kontwole fòs kantite jou ki koresponn a fòs kantite ane a inikite yo; twa-san-katre-ven-di jou. Konsa ou va pote inikite a lakay Israël la.

6 Lè ou fin konplete sila yo, ou va kouche yon dezyèm fwa sou kote dwat ou pou pote inikite lakay Juda a. Mwen te kontwole li pou ou pandan karant jou; yon jou pou chak ane. 7 Konsa, ou va mete figi ou vè syèj a Jérusalem ak bra ou dekouvri pou pwofetize kont li. 8 Alò, gade byen, Mwen va mete kòd sou ou pou ou pa kapab vire soti yon kote a yon lòt jiskaske ou fin konplete jou a syèj ou yo.

9 “Men pou ou menm, pran ble, lòj, pwa, pwa tann, pitimi, ak ble mòn. Mete yo nan yon sèl veso e fè pen ak yo. Ou va manje l selon nonb jou ke ou kouche sou kote ou yo, twa-san-katre-ven-di jou. 10 Manje ke ou va manje a va ven sik pa jou selon pwa li. Ou va manje ladann de tanzantan. 11 Dlo ou bwè a va yon sizyèm en (1 lit pa mezi). Ou va bwè l de tanzantan. 12 Ou va manje li kon gato lòj. Ou va kwit li devan yo ak fimye poupou moun.” 13 Epi SENYÈ a te di: “Konsa fis Israël yo va manje pen pa pwòp yo pami nasyon kote m ap chase yo ale yo.”

14 Men mwen te di: “Ah Senyè BONDYE! Mwen pa t janm konn souye nanm mwen. Paske depi nan jenès mwen jis rive koulye a, mwen pa t janm manje sa ki te mouri pou kont li, oswa ki te chire pa bèt sovaj, ni okenn vyann ki pa t pwòp pa t janm antre nan bouch mwen.”

15 Konsa, Li te di mwen: “Men gade, m ap bay ou kaka bèf pou ranplase poupou moun nan. Sou li menm ou va prepare pen ou an.”

16 Anplis ke sa, Li te di mwen: “Fis a lòm, gade byen, Mwen va kase pen sa a nan Jérusalem. Yo va manje pen mezire selon pwa, e ak kè twouble. Yo va bwè dlo pa mezi ak gwo laperèz 17 ke pen ak dlo va vin ra. Konsa, yo va etone youn lòt e yo vin deperi nan inikite yo.”

5:1 “Pou ou menm, Fis a lòm, pran yon nepe byen file. Pran l pou sèvi kon razwa sou tèt ou ak bab ou. Epi pran yon balans pou peze e divize cheve a. 2 Yon tyè, ou va brile nan dife nan mitan vil la, lè jou syèj yo vin fini. Epi ou va pran yon tyè e frape l avèk nepe toupatou nan vil la e yon tyè, ou va gaye nan van. Konsa, Mwen va rale yon nepe fè l sòti nan fouwo pa dèyè yo. 3 Pran osi, kèk grenn nan cheve a, pa anpil, e mare yo nan pwent wòb ou. 4 Ankò, pran kèk nan yo pou jete nan dife, e brile yo nan dife a. Soti nan li, yon dife va gaye rive nan tout lakay Israël la.

5 “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Sa se Jérusalem. Mwen te mete li nan mitan a nasyon yo ak peyi ki antoure li yo. 6 Men li te fè rebèl kont lòd Mwen yo pi mal pase nasyon yo, e kont règleman Mwen yo, plis ke peyi ki antoure li yo. Paske yo te rejte lòd Mwen yo, e pa t mache nan règleman Mwen yo.’

7 “Akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz ou gen plis twoub pase nasyon ki te antoure ou yo, ou pa t mache nan règleman Mwen yo, ni ou pa t swiv lòd Mwen yo, ni ou pa t swiv lòd a nasyon ki te antoure ou yo’; 8 akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen, Mwen menm kont ou, e Mwen va egzekite jijman pami nou pou tout lòt nasyon yo ka wè. 9 Akoz tout abominasyon nou yo, Mwen va fè pami nou sa ke Mwen pa t fè, e tankou sa Mwen p ap janm fè ankò. 10 Pou sa, papa yo va manje fis yo pami nou, e fis yo va manje papa yo. Paske Mwen va egzekite jijman sou nou e gaye tout retay nou yo nan tout van. 11 Jan Mwen viv la’, deklare Senyè BONDYE a: ‘Anverite, akoz nou te souye Sanktyè pa M nan ak tout zidòl abominab nou yo, e ak tout abominasyon nou yo, konsa M ap desann nou. Pou sa, Zye m p ap gen pitye, e Mwen p ap epanye pèsòn. 12 Yon tyè nan nou va mouri akoz epidemi. Yo va vin mouri nan gwo grangou nan mitan nou. Yon tyè va tonbe devan nepe ki toupatou nou. Yon tyè, mwen va gaye nan tout van yo, e Mwen va rale yon nepe dèyè yo.’”

13 Konsa, kòlè M va acheve. Mwen va satisfè gwo mekontantman Mwen sou yo, e Mwen va satisfè. Epi yo va vin konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, Mwen te pale ak zèl lè Mwen te acheve kòlè Mwen sou yo a.

14 “‘Anplis, Mwen va fè ou vin yon kote dezole ak yon objè repwòch pami nasyon ki antoure ou yo, nan zye a tout sila ki pase la yo. 15 Konsa, sa va yon repwòch, yon ensilt, yon avètisman e yon objè degoutan pou nasyon ki antoure ou yo lè Mwen egzekite jijman kont ou nan kòlè Mwen, mekontantman, ak repwòch plen ak raj— Mwen, SENYÈ a fin pale— 16 lè Mwen voye kont yo flèch mechan yo, kon gwo grangou a, yon flèch ki te voye pou detwi nou. Mwen va osi fè gwo grangou a vin pi rèd sou ou e va kase retire sous pen an. 17 Anplis, Mwen va voye sou ou gwo grangou, ak bèt sovaj yo e yo va fè ou soufri gwo pèt. Epidemi ak vèse san va rive sou ou. Mwen va mennen nepe sou ou. Mwen, SENYÈ a, Mwen te pale sa a.’”