Yo anonse davans malè ak destriksyon Jérusalem (continued)
595 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2 “Fis a lòm, mete figi ou vè mòn Israël yo, e pwofetize kont yo. 3 Di yo: ‘Mòn Israël yo, koute pawòl Senyè BONDYE a! Konsa pale Senyè BONDYE a a mòn yo, kolin yo, ravin dlo yo, ak vale yo: “Gade byen, Mwen menm, Mwen va mennen yon nepe sou nou, e Mwen va detwi wo plas nou yo. 4 Konsa lotèl nou yo va vin dezole, e lotèl lansan yo va vin kraze nèt. Mwen va fè mò nou yo tonbe devan zidòl nou yo. 5 Anplis, Mwen va poze kadav mò fis Israël yo devan zidòl yo. E Mwen va gaye zo nou yo toutotou lotèl nou yo. 6 Nan tout kote nou rete, vil nou yo va vin yon savann, e wo plas yo va vin dezole, pou lotèl nou yo kapab vin abandone nèt. Yo va fè yon kote dezole, pou zidòl nou yo ka vin kraze e fini nèt, pou lotèl lansan yo ka vin kraze nèt e zèv nou yo ka vin efase nèt. 7 Sila yo touye yo va tonbe pami nou, e nou va konnen ke se Mwen ki SENYÈ a.
8 “‘“Malgre sa, Mwen va kite yon retay, paske nou va genyen sila ki chape anba nepe pami nasyon yo nan lè nou vin gaye pami lòt peyi yo. 9 Nan moman sa a, sila ki te chape yo va sonje Mwen pami nasyon yo kote yo pote kon kaptif yo. A la blese Mwen blese pa kè adiltè yo, ki te vire kite Mwen e pa zye yo, ki te fè pwostitiye dèyè zidòl yo. Yo va rayi tèt yo nan pwòp zye yo pou mechanste ke yo te komèt yo, pou tout abominasyon yo. 10 Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Se pa anven ke M te di Mwen ta mennen dezas sa a fè vin rive sou yo.”’
11 “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Bat men nou, frape pye nou atè e di: “Elas!”, akoz mechanste a tout mal abominab lakay Israël ki va tonbe pa nepe a, gwo grangou ak epidemi yo. 12 Sila ki lwen an va mouri pa epidemi, sila ki pre a va tonbe sou nepe e sila ki rete vin anba syèj la, va mouri nan gwo grangou a. Konsa, Mwen va pase gwo kòlè Mwen sou yo. 13 Nan moman sa a, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Lè moun touye pa yo jwenn pami zidòl ki antoure lotèl yo, sou tout kolin ki wo, sou tout tèt mòn, anba tout bwa vèt— kote yo te ofri odè ki santi bon a tout zidòl yo. 14 Konsa, pami tout abitasyon yo, Mwen va lonje men m kont yo, fè peyi a vin pi dezole e abandone, depi dezè a ki pase vè Dibla a, jis rive nan tout abitasyon yo. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”
7:1 Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2 Ou menm, fis a lòm, konsa pale Senyè BONDYE a, Lafen! Lafen ap pwoche sou kat kwen peyi a. 3 Se koulye a, lafen an sou ou, e Mwen va voye kòlè Mwen kont ou. Mwen va jije ou selon zèv ou. Mwen va mennen tout abominasyon ou yo sou ou. 4 Paske zye M p ap gen pitye pou ou, ni Mwen p ap ralanti pou ou, men Mwen va mennen chemen ou yo rive sou ou, abominasyon ou yo va pami ou, e ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a!
5 “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Yon gwo dezas! Yon dezas san parèy! Gade byen, l ap vini. 6 Lafen an ap vini. Lafen an gen tan rive! Li te leve kont ou. Gade byen, li fin rive! 7 Move lè ou a fin rive, O moun peyi a! Lè a rive! Jou toupre a—gwo zen olye kri lajwa a ap kriye sou mòn yo. 8 Koulye a, nan yon ti tan, Mwen va vide kòlè Mwen sou ou, e acheve kòlè Mwen kont ou. Konsa, M ap jije ou selon tout chemen ou yo, e mennen sou ou tout abominasyon ou yo. 9 Zye m p ap montre okenn pitye, ni Mwen p ap ralanti. Mwen va rekonpanse ou selon chemen ou yo pandan abominasyon ou yo pami nou. Konsa, ou va konnen ke se Mwen, SENYÈ a, ki fè frap la.
10 “‘Gade jou a! Gade l byen, l ap vini! Move lè ou a deja parèt. Baton an fin boujonnen. Ògèy la fin fleri. 11 Vyolans fin grandi pou vin fè yon baton mechanste. Okenn nan yo p ap rete; okenn nan moun yo, okenn nan richès yo, ni okenn bagay ki gen gwo valè pami yo. 12 Lè a fin rive! Jou a prè. Pa kite moun k ap achte a rejwi, ni moun k ap vann nan soufri, paske gwo chalè a kont tout foul moun yo. 13 Anverite, moun k ap vann nan p ap retounen nan sa li te vann nan, malgre yo toujou vivan; paske vizyon konsène tout foul moun yo. Yo p ap retounen, ni okenn nan yo p ap ka pwolonje lavi yo nan mitan inikite yo. 14 Yo te soufle twonpèt la, e te fè tout bagay vin prè, men pèsòn pa prale nan batay la, paske gwo kòlè Mwen an kont tout foul moun yo.
15 “‘Nepe a deyò e epidemi ak gwo grangou a anndan. Sila ki nan chan an va mouri pa nepe. Gwo grangou ak epidemi va, anplis, manje sila anndan vil yo. 16 Menm lè sila ki chape yo rive deyò, yo va sou mòn yo tankou toutrèl nan vale yo, yo tout ap kriye, yo chak nan pwòp inikite yo. 17 Tout men yo va lage vid e tout jenou yo va vin kon dlo. 18 Yo va abiye yo menm ak twal sak e lafyèv frison va boulvèse yo. Lawont va sou tout figi yo, e tout tèt yo va chòv. 19 Yo va jete ajan yo nan lari, e lò yo va vin yon bagay repinyans. Lajan ak lò yo p ap kapab delivre yo nan jou gwo chalè SENYÈ a. Yo p ap ka satisfè apeti yo, ni yo p ap kapab plen vant yo, paske se li ki te fè yo chite. 20 Yo te transfòme bote a òneman pa Li yo pou vin ògeye yo te fè imaj abominasyon yo ak bagay detestab yo avè l. Konsa, Mwen va fè l vin yon bagay abominab pou yo menm. 21 Mwen va bay li nan men etranje yo kon piyaj, nan men mechan sou latè yo kon donmaj, e yo va pwofane li nèt. 22 Anplis, Mwen va vire figi Mwen lwen yo, e yo va pwofane plas sekrè Mwen an. Vòlè yo va antre nan li, e yo va pwofane li.
23 “‘Fè chèn nan, paske peyi a plen ak krim sanglan, e vil la plen ak vyolans. 24 Akoz sa, Mwen va mennen fè vini sila ki pi mal nan tout nasyon yo, e se yo k ap posede lakay yo. Mwen va, anplis, fè ògèy a sila ki pwisan yo sispann. Lye sen yo va vin gate nèt. 25 Lè gwo doulè a rive, yo va chache lapè, men p ap genyen menm. 26 Gwo dega va rive sou gwo dega, e gwo koze sou gwo koze. Konsa, yo va chache yon vizyon soti nan yon pwofèt, men lalwa va fin pèdi nan men prèt la, e p ap gen konsèy menm nan men ansyen yo. 27 Wa a va fè dèy, prens lan va abiye ak dezespwa, e men a pèp peyi a va pran tranble. Selon kondwit yo, Mwen va aji avèk yo, e selon jijman yo, Mwen va jije yo. Konsa, yo va konnen ke se Mwen ki SENYÈ a.’”