Yon vizyon sou pratik idolatri ki lakòz kaptivite a

Yon vizyon sou pratik idolatri ki te lakòz kaptivite nan Babylone.

594 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ézéchiel 8–9

1 Li te vin rive nan sizyèm ane, sou senkyèm jou, nan sizyèm mwa a, pandan mwen te chita lakay mwen ak ansyen a Juda yo ki te chita devan m, ke men Senyè BONDYE a te tonbe sou mwen la. 2 Answit, mwen te gade e vwala, yon imaj kon aparans a yon nonm—soti nan ren li pou rive anba, te gen aparans dife e soti nan ren li pou monte, aparans yon bagay briyan tankou metal k ap klere. 3 Li te lonje yon bagay sanblab ak yon men, e li te kenbe m nan cheve m nan pati dèyè tèt mwen. Konsa, Lespri a te leve m monte rive antre tè a ak syèl la, e li te mennen mwen nan vizyon Bondye yo pou rive Jérusalem nan antre kote nò nan pòtay pa anndan an, kote ki te gen chèz pou zidòl ki rele jalouzi a, ki konn pwovoke jalouzi a. 4 Gade byen, glwa Bondye Israël la te la, tankou aparans ke m te wè nan plèn nan.

5 Li te di mwen: “Fis a lòm, leve zye ou koulye a vè nò.”

Konsa, mwen te leve zye m vè nò, e gade byen, nan nò a pòtay lotèl, se te zidòl jalouzi a ki te nan antre a.

6 Li te di mwen: “Fis a lòm, èske ou wè ki sa y ap fè, gwo abominasyon ke lakay Israël ap fè isit la, pou m ta kite sanktyè Mwen an? Malgre toujou, ou va wè abominasyon ki pi gwo.”

7 Li te mennen m nan antre lakou enteryè a, e lè m te gade, vwala, yon twou nan mi an. 8 Li te di mwen: “Fis a lòm, fouye yon twou fonse antre nan mi an.” Konsa, mwen te fouye yon twou fonse antre nan mi an e vwala, yon pòt pou antre.

9 Li te di mwen: “Antre ladann pou wè abominasyon mechan ke y ap komèt isit la.”

10 Konsa, mwen te antre e vwala, tout fòm bagay ki trennen atè, bèt ak bagay abominab, ak tout zidòl lakay Israël yo te grave kon desen sou mi an toutotou li. 11 Epi te kanpe devan yo, swasann-dis lansyen a lakay Israël yo, e Jaazania, fis a Schaphan an, te kanpe nan mitan yo, chak moun ak pwòp veso lansan li, e odè nwaj lansan an a t ap leve.

12 Epi Li te di mwen: “Fis a lòm, èske ou wè sa ke ansyen lakay Israël yo ap komèt nan fènwa a, chak moun nan chanm a pwòp imaj taye li? Paske men ki sa y ap di: ‘SENYÈ a pa wè nou. SENYÈ a fin abandone peyi a.’” 13 Epi Li te di mwen: “Malgre sa, ou va wè abominasyon ki pi gwo ke y ap komèt.”

14 Konsa, Li te mennen mwen nan antre a pòtay lakay SENYÈ a ki te vè nò; epi vwala, te gen fanm la ki t ap kriye pou Thammuz. 15 Li te di mwen: “Èske ou wè sa, fis a lòm? Malgre sa, ou va wè pi gwo abominasyon ke sa yo.”

16 Konsa, Li te mennen mwen antre nan lakou enteryè lakay SENYÈ a. Epi vwala, nan antre tanp SENYÈ a, antre galri ak lotèl la, anviwon venn-senk òm, avèk do yo bay tanp SENYÈ a, e figi yo vè lès. Epi yo t ap pwostène yo nan lès vè solèy la.

17 Li te di mwen: “Èske ou wè sa, fis a lòm? Èske se yon bagay twò piti pou lakay Juda ta komèt abominasyon ke yo te komèt isit la? Paske yo te ranpli peyi a ak vyolans e te pwovoke M plizyè fwa? Gade byen, y ap vekse M menm ak ti branch bwa yo poze sou nen yo. 18 Akoz sa, anverite, Mwen va aji ak gwo kòlè. Zye m p ap gen pitye, ni Mwen p ap epanye pèsòn. Malgre yo kriye nan zòrèy Mwen ak gwo vwa, malgre sa, Mwen p ap koute yo.”

9:1 Answit, Li te kriye fò pou m tande ak yon gwo vwa e te di: “Vin pi pre, O nou menm ki an chaj vil la, chak moun ak pwòp zam destriksyon li nan men l.” 2 Gade byen, sis moun te sòti nan pòtay anlè ki pozisyone vè nò a, chak moun ak pwòp zam masak li nan men l. Pami yo, te gen yon sèten nonm abiye an len, ak yon valiz pou ekri nan senti l. Epi yo te antre ladann e te kanpe akote lotèl an bwonz lan.

3 Konsa, laglwa Bondye Israël la te leve monte soti nan cheriben kote l te poze a, pou rive nan papòt tanp lan. Epi Li te rele nonm abiye an len ak yon valiz pou ekri nan senti li an. 4 SENYÈ a te di li: “Ale pase nan mitan vil la, menm nan mitan Jérusalem, mete yon mak sou fwon a mesye ki plenn nan gòj e ki fè soupi pou tout abominasyon k ap komèt nan mitan li yo.”

5 Men pou lòt yo, Li te di nan zòrèy mwen: “Travèse vil la dèyè li pou frape. Pa kite zye ou fè pitye, ni pa ralanti. 6 Konplètman, touye granmoun, jenn gason, jenn fi, timoun yo ak fanm, men pa touche okenn moun ki gen mak la. Kòmanse soti nan sanktyè pa M nan.”

Konsa, yo te kòmanse ak ansyen ki te devan tanp yo.

7 Epi Li te di yo: “Souye tanp lan e plen lakou a ak mò yo. Ale deyò!” Konsa, yo te ale deyò pou te frape moun nan vil yo.

8 Pandan yo t ap frape moun yo e mwen sèl te rete, mwen te tonbe sou figi mwen, mwen te kriye fò pou te di: “Anmwey, Senyè BONDYE! Èske W ap detwi tout retay Israël la pandan W ap vide gwo kòlè ou sou Jérusalem nan?”

9 Li te reponn mwen: “Inikite lakay Israël ak Juda yo vin trè trè gran. Peyi a vin plen ak san, e vil la plen ak pèvèsyon. Paske yo di: ‘SENYÈ a te abandone tout peyi a e SENYÈ a pa wè!’ 10 Men pou Mwen, zye M p ap gen pitye ni Mwen p ap ralanti, men Mwen va fè kondwit yo vin rive sou pwòp tèt yo.”

11 Epi gade byen, nonm abiye an len, ki te gen valiz ekri nan senti li jan nou te di a, t ap di: “Mwen te fè l jis jan ou te kòmande mwen an.”