Yon vizyon sou pratik idolatri ki lakòz kaptivite a (continued)

Yon vizyon sou pratik idolatri ki te lakòz kaptivite nan Babylone.

594 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ézéchiel 10:1–11:21

1 Answit, mwen te gade e vwala, nan gran espas ouvri ki te sou tèt a cheriben yo, yon bagay tankou yon wòch safì ki pa aparans, te sanble yon twòn ki te parèt anlè yo. 2 Li te pale ak nonm abiye an len an e te di: “Antre nan mitan wou k ap vire vit fè wonn anba cheriben an, plen men nou ak chabon tou limen ki antre cheriben yo e gaye yo toupatou nan vil la.”

Konsa, li te antre pou m te ka wè l. 3 Alò, cheriben yo te kanpe bò dwat a tanp lan lè nonm nan te antre ladann nan e nwaj la te plen lakou enteryè a. 4 Epi glwa a SENYÈ a te leve monte soti nan cheriben yo, jis rive nan papòt tanp lan. Tanp lan te plen ak nwaj la e lakou a te plen ak ekla a glwa SENYÈ a. 5 Anplis, bri a zèl cheriben yo te vin tande jis rive nan lakou eksteyè a, tankou vwa SENYÈ Pwisan an lè L pale.

6 Li te vin rive lè Li te kòmande nonm abiye an len an e te di: “Pran dife soti nan mitan wou k ap vire vit fè wonn yo, soti antre cheriben yo”. Epi li te antre e te kanpe akote yon wou. 7 Konsa, cheriben an te lonje men l soti antre cheriben kote dife ki te antre cheriben yo, pran ladann pou mete nan men a sila ki te abiye an len an, ki te pran l e te sòti deyò. 8 Fòm men a yon moun te parèt isit nan cheriben ki anba zèl yo.

9 Alò, mwen te gade e vwala, kat wou akote cheriben yo, yon wou akote chak cheriben. Aparans a wou yo te tankou ekla a pyè krizolit. 10 Selon aparans yo, toule kat te sanble menm jan, konsi se te yon wou ki te anndan yon lòt wou. 11 Lè yo te deplase yo, yo te ale nan kat direksyon pa yo, san vire pandan yo t ap prale a. Yo te toujou swiv direksyon kote yo te fikse a, san vire pandan yo t ap prale a. 12 Tout kò yo, do yo, men yo, zèl yo e wou yo te plen zye toutotou, wou ki t ap sèvi pou toule kat yo. 13 Wou yo te rele nan zòrèy mwen, kon wou toubiyon. 14 Yo chak te gen kat figi. Premye figi a te figi a yon cheriben, dezyèm figi a te figi a yon nonm, twazyèm figi a te figi yon lyon e katriyèm figi a te figi a yon èg.

15 Konsa, cheriben yo te leve monte. Yo se kreyati vivan ke m te wè akote rivyè Kebar a. 16 Lè cheriben yo te deplase, wou yo ta ale bò kote yo; anplis, lè cheriben yo te leve zèl yo pou leve atè a, wou yo pa t vire pou kite bò kote yo. 17 Lè cheriben yo te kanpe an plas, wou yo ta kanpe an plas. Lè yo te leve, wou yo ta leve avèk yo, paske lespri a kreyati vivan an te nan yo.

18 Epi glwa SENYÈ a te kite papòt tanp lan, e te kanpe anwo cheriben yo. 19 Lè cheriben yo te pati, yo te leve zèl yo pou te monte leve kite tè a devan zye m avèk wou yo bò kote yo. Konsa, yo te kanpe dyanm nan antre a pòtay lès lakay SENYÈ a; e glwa a Bondye Israël la te tann sou yo.

20 Sa yo se kreyati vivan ke m te wè anba Bondye Israël la akote rivyè Kebar a; konsa, mwen te konnen ke se cheriben yo te ye. 21 Chak te gen kat figi, chak te gen kat zèl, e anba zèl yo, se te fòm men moun. 22 Selon sa figi yo te sanble, yo te gen menm figi yo aparans ke mwen te wè akote rivyè Kebar a. Yo chak te ale tou dwat devan.

11:1 Anplis, Lespri a te leve m monte e te mennen mwen nan pòtay lès lakay SENYÈ a ki te anfas vè lès. Epi gade byen, venn-senk mesye nan antre pòtay la e pami yo, mwen te wè Jaazania, fis a Azzur la ak Pelathia, fis a Benaja a, chèf a pèp yo. 2 Li te di mwen: “Fis a lòm, sila yo se mesye yo ki fè plan inikite e ki bay move konsèy nan vil sa a, 3 k ap di: ‘Tan pou bati kay yo pa pwòch. Vil sa a se chodyè a e nou se chè a.’ 4 Akoz sa, pwofetize kont yo, fis a lòm. Se pou ou pwofetize!”

5 Lespri SENYÈ a te tonbe sou mwen e Li te di mwen: “Pale konsa, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Konsa ou reflechi, o lakay Israël, paske Mwen konnen panse nou yo. 6 Nou te miltipliye moun ki touye yo nan vil sa a, e plen ri yo nèt avèk yo.”

7 “‘Pou sa, pale Senyè BONDYE a: “Moun touye nou yo ke nou te fè kouche nan mitan vil la, se chè a, e vil la se chodyè a; men nou va mennen sòti ladann. 8 Nou te pè yon nepe. Pou sa, mwen va mennen yon nepe rive sou nou,” deklare Senyè BONDYE a. 9 “Epi Mwen va mennen nou sòti nan mitan vil la. Mwen va delivre nou nan men a etranje yo, e egzekite jijman kont nou. 10 Nou va tonbe pa nepe. Mwen va jije nou jis rive nan lizyè Israël la. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a. 11 Vil la p ap yon chodyè pou nou, ni nou p ap chè nan mitan l. Men Mwen va jije nou jis rive nan lizyè Israël la. 12 Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, paske nou pa t mache nan règleman Mwen yo. Ni nou pa t swiv lalwa Mwen yo, men nou te aji selon lalwa a nasyon sila ki antoure nou yo.”’”

13 Alò, li te vin rive ke pandan mwen t ap pwofetize a, ke Pelathia, fis a Benaja a, te mouri. Epi mwen te tonbe sou figi mwen, mwen te kriye fò ak yon gwo vwa e mwen te di: “Anmwey, Senyè BONDYE! Èske Ou va mennen retay Israël la pou fin detwi nèt?” 14 Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: 15 “Fis a lòm, frè ou yo, fanmi ou yo, egzile parèy ou yo ak tout lakay Israël la, yo tout, se moun a sila abitan Jérusalem yo te di: ‘Ale lwen SENYÈ a; peyi sa a te bay a nou kon posesyon.’”

16 “Akoz sa, ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Byenke mwen te deplase yo byen lwen pami nasyon yo e byenke mwen te gaye yo pami peyi yo, malgre mwen va yon abri pou yo pou yon ti tan nan peyi kote yo rive yo.”’

17 “Akoz sa, ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va ranmase nou soti nan pèp yo, Mwen va rasanble nou sòti nan peyi pami sila nou te gaye yo, e Mwen va bannou peyi Israël la.”

18 “‘Lè yo vini la, yo va retire tout bagay abominab li yo ak tout abominasyon li yo sòti ladann. 19 Konsa, Mwen va bay yo yon sèl kè e Mwen va mete yon lespri nèf anndan yo. Epi Mwen va retire kè wòch ki nan chè yo a, e Mwen va bay yo yon kè ki fèt ak chè, 20 pou yo ka mache nan règleman Mwen yo e kenbe lalwa Mwen yo pou fè yo. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo. 21 Men pou sila ak kè k ap swiv bagay abominab yo ak abominasyon yo, Mwen va mennen kondwit yo desann sou tèt yo,” deklare “Senyè BONDYE a.”