Yo bay Ézéchiel yon misyon (continued)

595 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ézéchiel 2:1–3:21

1 Li te di mwen: “Fis a lòm, kanpe sou pye ou pou m ka pale avèk ou!” 2 Pandan Li t ap pale ak mwen an, Lespri a te antre nan mwen. Li te mete mwen sou pye mwen, epi mwen te tande Li pale ak mwen.

3 Li te di m: “Fis a lòm, Mwen ap voye ou kote fis Israël yo, a yon pèp rebèl ki te fè rebèl kont Mwen. Yo menm ak papa zansèt yo te transgrese kont Mwen jis rive jodi a. 4 M ap voye ou kote sila yo ki angran, ki gen tèt di. Ou va di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a.’ 5 Pou yo menm, menm si yo koute oswa pa koute—paske se kay rebèl ke yo ye—yo va konnen ke yon pwofèt te pami yo. 6 Epi ou menm, fis a lòm, pa krent yo ni krent pawòl yo, malgre pikan ak zepin avèk ou, e malgre ou chita pami eskòpyon yo. Ni pa krent pawòl yo, ni twouble nan prezans yo, paske se yon kay rebèl ke yo ye. 7 Men ou va pale pawòl Mwen yo avèk yo, menm si yo koute oswa yo pa koute, paske se rebèl yo ye. 8 Alò, ou menm, fis a lòm, koute sa ke M ap pale ou a. Pa vin fè rebèl tankou kay rebèl sila a. Ouvri bouch ou pou manje sa ke M ap bay ou a.”

9 Konsa, mwen te gade e gade byen, yon men te lonje vè mwen menm. Epi alò, yon woulo liv te ladann. 10 Lè L te louvri li devan mwen, li te ekri ni pa devan ni pa dèyè, e ekri sou li, se te lamantasyon, doulè ak mizè.

3:1 Li te di mwen: “Fis a lòm, manje sa ou jwenn. Manje woulo sa a pou ale pale ak lakay Israël.”

2 Konsa, mwen te louvri bouch mwen eLi te lonje ban m woulo a pou manje.

3 Li te di mwen: “Fis a lòm, bay vant ou manje, e plen kò ou ak woulo sa ke Mwen ap bay ou a.”

Alò, mwen te manje li. Li te dous kon siwo myèl nan bouch mwen.

4 Konsa, Li te di mwen: “Fis a lòm, ale lakay Israël pou pale pawòl Mwen yo avèk yo. 5 Paske ou p ap voye kote yon pèp ak langaj ki difisil, men a pèp Israël la. 6 Ni a anpil pèp ak pawòl ki pa ka konprann, ni lang difisil, ak pawòl ke ou p ap ka konprann. Men Mwen voye ou kote sila ki ta dwe koute ou yo. 7 Malgre sa, lakay Israël p ap dakò koute ou, akoz yo p ap dakò koute Mwen menm. Anverite, tout lakay Israël gen tèt di e wondonmon. 8 Gade byen, Mwen te fin fè figi ou di kont figi yo, e fwontèn ou di kont fwontèn yo. 9 Tankou dyaman, pi di pase silèks, Mwen te fè fwontèn ou. Pa krent yo ni vin twouble devan yo, malgre yo se yon kay rebèl.”

10 Anplis, Li te di mwen: “Fis a lòm, pran mete nan kè ou tout pawòl Mwen yo, ke Mwen va pale a ou e koute ak atansyon. 11 Ale kote egzile yo, fis a pèp ou yo. Pale ak yo e di yo, menm si yo koute oswa yo pa koute: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a.’”

12 Konsa, Lespri a te leve mwen monte e mwen te tande yon gwo bri k ap gwonde dèyè m: “Beni se glwa SENYÈ a nan plas Li a.” 13 Epi mwen te tande zèl a kreyati vivan yo, youn k ap touche lòt e bri a wou yo bò kote yo, menm yon gwo bri k ap gwonde. 14 Konsa, Lespri a te leve mwen monte e te pran m ale. Mwen te vini byen anmè ak laraj nan lespri m, e men SENYÈ a te fò sou mwen. 15 Konsa, mwen te vini kote egzile ki te rete akote rivyè Kebar yo nan Thel-Abib. Mwen te chita la, etone nèt pandan sèt jou kote yo te rete a.

16 Nan fen sèt jou yo, pawòl SENYÈ a te vini sou mwen e te di: 17 “Fis a lòm, Mwen te chwazi ou kon gadyen pou lakay Israël. Depi lè ou tande yon pawòl sòti nan bouch mwen, avèti yo li soti nan Mwen. 18 Lè Mwen di a mechan an: ‘Ou va, anverite, mouri’ e ou pa avèti li, ni pale fò pou avèti mechan an pou kite chemen mechan l lan, pou l ka viv, mechan sila a va mouri nan inikite li, men san li, mwen va egzije li soti nan men ou. 19 Men si ou te avèti mechan an, e li pa kite mechanste li a, ni chemen mechan li an, li va mouri nan inikite li, men ou delivre nanm ou.”

20 “Ankò, lè yon nonm ladwati ta vire kite ladwati pou komèt inikite e Mwen plase yon obstak devan l, li va mouri. Akoz ou pa t avèti li, li va mouri nan peche li e zèv ladwati ke li te konn fè yo, p ap sonje, men san li, mwen va egzije li nan men ou. 21 Sepandan, si ou te avèti nonm dwat la ke moun ladwati pa dwe peche, e li pa peche, li va anverite viv, akoz li te koute avètisman an; epi ou delivre nanm ou.”