Jérémie Blame Pèp la Poutèt li Vire Do Bay Bondye
Jérémie blame pèp la poutèt li vire do bay Bondye apre refòm Josias la.
612 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
6 Alò, SENYÈ a te di m nan jou a wa Josias yo: “Èske ou te wè sa ke Israël enfidèl te fè a? Li te monte sou tout kolin ki wo yo e anba tout bwa vèt. La, li te yon pwostitiye. 7 Mwen te reflechi: ‘Apre li fin fè tout bagay sa yo, li va retounen kote Mwen.’ Men li pa t retounen e sè trèt li a, Juda, te wè l. 8 Konsa, lè Mwen te wè tout enfidelite ak pwostitiye li yo, Mwen te voye li ale, e Mwen te fè yon dekrè pou divòse ak li. Men sè trèt li a, Juda, pa t gen lakrent, men li te ale fè pwostitiye tou. 9 Akoz li te pran pwostitiye li a kon yon bagay lejè, li te pouri peyi a e te fè adiltè ak wòch ak pyebwa. 10 Men malgre tout sa, sè trèt li a, Juda, pa t retounen kote Mwen ak tout kè l, men pito ak desepsyon”, deklare SENYÈ a.
11 Konsa, SENYÈ a te di m: “Israël enfidèl la te montre li pi dwat pase trèt la, Juda. 12 Ale pwoklame pawòl sa yo vè nò, epi di: ‘Retounen, Israël enfidèl’, deklare SENYÈ a; ‘Mwen p ap gade ou ak kòlè. Paske Mwen gen mizerikòd, deklare SENYÈ a; Mwen p ap rete fache jis pou tout tan. 13 Sèlman rekonèt inikite ou, ke ou te transgrese kont SENYÈ a, Bondye ou a. Ou te gaye favè ou bay etranje yo anba tout bwa vèt e ou pa t obeyi vwa M,’” deklare SENYÈ a. 14 “Retounen, O fis enfidèl,” deklare SENYÈ a, “paske Mwen se yon mèt pou nou. Mwen va retire de nou, youn nan yon vil e de nan yon fanmi, e Mwen va mennen nou Sion.” 15 “Konsa, Mwen va bannou bèje selon pwòp kè Mwen, ki va fè nou manje sou konesans ak bon konprann. 16 Li va vin rive nan jou sa yo ke lè nou vin ogmante, e vin anpil nan peyi a”, deklare SENYÈ a, “yo p ap di mo ankò: ‘Lach akò SENYÈ a’. Ni sa p ap vini nan tèt yo. Yo p ap sonje li, yo p ap remake pèt li, ni li p ap refèt ankò. 17 Nan lè sa a, yo va rele Jérusalem: ‘Twòn SENYÈ a’ e tout nasyon yo va rasanble vè li; vè Jérusalem, vè non SENYÈ a. Ni yo p ap ankò mache ak tèt di ak kè mechan yo. 18 Nan jou sa yo, lakay Juda va mache ak lakay Israël, e yo va vini ansanm sòti nan peyi nò pou rive nan peyi ke Mwen te bay a papa zansèt nou yo kon eritaj la.”
19 “Epi Mwen te di: ‘Kòman Mwen fè lanvi pou plase ou pami fis Mwen yo, e bay ou yon bèl peyi, eritaj ki pi bèl pami nasyon yo!’ Epi Mwen te di: ‘Ou va rele Mwen: “Papa Mwen”, e ou p ap detounen sispann swiv Mwen.’”
20 “Anverite, kon yon fanm fè trèt pou kite mari li, se konsa ou te fè trèt kite Mwen, O lakay Israël”, deklare SENYÈ a. 21 Yon vwa vin tande sou wotè mòn vid yo; vwa k ap kriye ak vwa siplikasyon a fis Israël yo; akoz yo te pèvèti chemen yo, yo te bliye SENYÈ a, Bondye yo. 22 “Retounen, O fis enfidèl, Mwen va geri enfidelite ou.”
“Gade byen, nou vin kote Ou; paske Ou se SENYÈ a, Bondye nou an. 23 Anverite, soutyen kolin yo se yon desepsyon, yon zen sou mòn yo. Anverite, SENYÈ a, Bondye nou an, se sali Israël. 24 Men afè wont sa a te manje fòs zèv zansèt nou yo depi nan jenès nou. Li te manje bann mouton yo ak twoupo yo, fis ak fi yo. 25 Kite nou kouche nan wont nou, e kite imilyasyon kouvri nou. Paske nou te peche kont Senyè a, nou menm ak papa nou yo, depi nan jenès nou yo, jis rive menm jodi a. E nou pa t obeyi lavwa Senyè a, papa nou.
Jérémie Wè Davans Soufrans Kaptivite a
Antanke pwofèt, Jérémie dekri davans soufrans kaptivite k ap vini an.
1 “Si ou va retounen, O Israël”, deklare SENYÈ a, “si ou va retounen kote Mwen, e si ou va retire bagay abominab ou yo devan prezans Mwen; konsa, ou p ap deplase. 2 Si ou va sèmante: ‘Kon SENYÈ a vivan an’, anverite, ak jistis, e nan ladwati; konsa, nasyon yo va beni tèt yo nan Li, e nan Li yo va gen glwa.”
3 Paske se konsa SENYÈ a pale a mesye a Juda ak Jérusalem yo: “Kraze e prepare tè ki poze a; pa simen pami pikan yo. 4 Sikonsi tèt nou a SENYÈ a e retire prepis kè nou, mesye Juda yo, ak sila ki rete Jérusalem yo, sinon kòlè Mwen va vin parèt tankou dife e brile pou okenn moun pa ka tenyen l, akoz mechanste a zèv nou yo. 5 Deklare nan Juda e pwoklame nan Jérusalem, pou di: ‘Soufle twonpèt nan peyi a!’ Kriye fò! Di yo: ‘Rasanble nou pou nou antre nan vil fòtifye yo.’ 6 Leve yon drapo vè Sion! Chache sekou! Pa kanpe anplas, paske Mwen ap mennen malè sòti nan nò, ak gwo destriksyon.”
7 Yon lyon ale soti nan rak bwa li; yon destriktè a nasyon yo gen tan derape. Li fin kite plas li pou fè peyi ou a vin yon savann. Vil ou yo va pil mazi ki san moun pou rete ladan yo. 8 Pou sa, abiye an twal sak! Rele fò! Kriye anmwey! Paske gwo kòlè SENYÈ a pa t kite nou. 9 “Li va vin rive nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “ke kè a wa a ak kè prens yo va fè fayit. Prèt yo va sezi e pwofèt yo va etone.”
10 Nan lè sa a, mwen te di: “O, Senyè BONDYE! Asireman ou te pase pèp sa nan rizib nèt lè Ou te di: ‘Ou va gen lapè’. Men alò, yon nepe parèt sou gòj yo.”
11 Nan lè sa a, li va pale a pèp sa a, e a Jérusalem: “Yon van sechrès ki sòti nan mòn sèk nan dezè a, nan direksyon fi a pèp Mwen an—— li pa pou vannen ni pou netwaye. 12 Yon van fò depase sa a——va vini sou lòd Mwen. Alò, anplis Mwen va pwononse jijman kont yo.”
13 Gade byen, li monte tankou nwaj, e cha lagè li yo kon toubiyon. Cheval li yo pi vit ke èg. Malè a nou menm, paske nou vin detwi nèt! 14 Lave kè ou retire mal la, O Jérusalem, pou ou ka sove. Pou jiskilè panse mechan nou yo va rete anndan ou? 15 Paske yon vwa deklare soti Dan e pwoklame mechanste soti mòn Éphraïm. 16 “Livre rapò li bay nasyon yo koulye a! Pwoklame sou Jérusalem, ‘Moun syèj yo sòti nan yon peyi lwen! Yo leve vwa yo kont vil Juda yo. 17 Tankou gadyen k ap veye yon chan an, yo kont li toupatou, akoz li te fè rebèl kont Mwen’”, deklare SENYÈ a. 18 “Chemen pa ou yo ak zèv pa ou yo te mennen fè bagay sa yo rive ou. Sa se mal ou. Li amè anpil! A la sa rive jis nan kè ou!”
19 Nanm mwen, nanm mwen! Mwen nan gwo soufrans! O kè mwen! Kè m ap bat anndan m. Mwen p ap ka rete an silans, pwiske ou te tande, O nanm mwen, son de twonpèt la, alam lagè a. 20 Dega sou dega vin pwoklame, paske tout peyi a fin detwi nèt. Sibitman, tant mwen yo vin devaste; rido mwen yo vin devaste nan yon moman. 21 Pou konbyen de tan mwen va oblije wè drapo a, e koute son twonpèt la?
22 “Paske, pèp mwen an rete nan foli. Yo pa rekonèt Mwen. Yo se timoun sòt ki pa gen konprann. Yo koken nan fè mal, men pou fè sa ki bon, yo pa konnen.” 23 Mwen te gade sou tè a e, gade byen, li te san fòm e vid; vè syèl yo men yo pa t gen limyè. 24 Mwen te gade vè mòn yo, e gade byen, yo t ap souke; tout kolin yo te fè mouvman ale retou. 25 Mwen te gade, e gade byen, pa t gen moun, e tout zwazo syèl yo te vin sove ale. 26 Mwen te gade e gade byen, bon peyi fètil la te vin yon dezè, e tout vil li yo te fin demoli devan SENYÈ a, devan gwo kòlè Li. 27 Paske konsa pale SENYÈ a: “Tout peyi a va dezole; malgre, Mwen p ap fin detwi li nèt. 28 Pou sa, tout latè va kriye ak doulè, e syèl anwo yo va fènwa, akoz Mwen te pale sa a. Mwen te fè plan sa a, e Mwen p ap chanje lide Mwen. Ni Mwen p ap detounen sou sa.”
29 Ak bri chevalye a, ak mèt banza yo, tout vil yo vin sove ale. Yo antre nan gran rak bwa, e yo monte sou wòch yo. Tout vil yo vin abandone e nanpwen pèsòn ki rete ladan yo. 30 Ou menm, O sila ki dezole a, se kisa ou va fè? Malgre ou abiye an kramwazi, malgre ou dekore kò ou ak dekorasyon an lò, malgre ou agrandi zye ou ak penti, se anven ou fè kò ou bèl la. Sila ki renmen ou yo meprize ou. Yo chache lavi ou. 31 Paske mwen te tande kri yon fanm nan doulè l; doulè a yon fanm k ap fè premye pitit, kri fi a Sion an, k ap soufle fò, lonje men l e rele, “Anmwey! Mwen pèdi kouraj nèt devan asasen yo.”