Refòm Josias nan Relijyon an

624 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

II Wa Yo 23:4–21

4 Konsa, wa a te kòmande Hilkija, wo prèt la e prèt a dezyèm lòd yo avèk gadyen pòtay yo pou mennen fè sòti deyò nan tanp SENYÈ a tout veso ki te fèt pou Baal yo, pou Astarté ak pou tout lame syèl la. Konsa, li te brile yo deyò Jérusalem nan chan Cédron an e li te pote sann yo jis rive Béthel. 5 Li te mete deyò tout prèt zidòl ke wa Juda yo te chwazi pou brile lansan nan wo plas yo nan vil Juda yo ak nan andwa Jérusalem yo. Anplis, sila ki te brile lansan a Baal yo, a solèy la, lalin nan, avèk tout gwoup zetwal yo ak tout lame syèl yo. 6 Li te fè mete deyò Astarté a soti lakay SENYÈ a rive Jérusalem nan flèv Cédron an, li te moulen l an poud nèt e li te jete pousyè a nan simityè a pèp la. 7 Osi, li te kraze kay mal pwostitiye sakre ki te lakay SENYÈ a, kote fanm t ap trese bagay yo kwoke pou Astarté yo. 8 Epi li te mennen tout prèt yo soti nan tout vil Juda yo, e li te souye wo plas kote prèt yo te konn brile lansan yo, soti Guéba jis rive Beer-Schéba. Li te kraze wo plas pòtay ki te nan antre pòtay Josué a, majistra vil la, ki te bò kote goch pòtay lavil la. 9 Sepandan, prèt wo plas yo pa t monte nan lotèl SENYÈ a Jérusalem, men yo te manje pen san ledven pami frè yo. 10 Anplis, li te souye Topheth, ki nan vale fis Hinnom an, pou pèsòn pa t kab fè fis li oswa fi li pase nan dife Moloc la. 11 Li te retire cheval ke wa a Juda yo te konn bay a solèy la, kote antre kay SENYÈ a, kote chanm Nethan-Mélec la, ofisye a, ki te nan pwovens yo e li te brile cha solèy yo avèk dife. 12 Lotèl ki te sou twati yo, nan wo chanm Achaz ke wa Juda yo te fè a ak lotèl ke Manassé te fè nan de lakou lakay SENYÈ a, wa a te kraze yo. Li te kraze yo e li te jete poud yo nan flèv Cédron an. 13 Wo plas ki te devan Jérusalem yo, ki te adwat mòn pèdisyon ke Salomon te bati pou Astarté a, abominasyon a Sidonyen yo, avèk Kemosch, abominasyon a fis Ammon yo, wa a te souye yo. 14 Li te kraze an mòso pilye sakre yo, li te koupe Astarté yo e li te plen plas yo avèk zo moun.

15 Anplis, lotèl ki te Béthel la avèk wo plas ke Jéroboam, fis a Nebath la, ki te fè Israël peche a, menm lotèl sila a avèk wo plas la a li te kraze. Epi li te kraze wòch li yo, li te moulen yo jis yo te fè poud e li te brile Astarté a. 16 Alò, lè Josias te vire gade, li te wè tout simityè ki te sou mòn nan e li te voye pran zo ki te ladann yo, li te brile yo sou lotèl la e te souye li pa pawòl SENYÈ a, ke nonm Bondye a te pwoklame a, sila ki te pwoklame bagay sa yo. 17 Alò, li te di: “Se ki moniman sa a ke m wè la a?”

Epi mesye lavil yo te di l: “Li se tonm a nonm Bondye ki te sòti Juda a pou te pwoklame bagay sa yo ke ou te fè kont lotèl Béthel la.”

18 Li te di: “Lese li; pa kite pèsòn deranje zo li.” Konsa, yo te kite zo li yo san deranje avèk zo a pwofèt ki te sòti Samarie a. 19 Anplis, Josias te retire tout kay nan wo plas ki te nan vil Samarie yo, ke wa Israël la te fè pou te pwovoke SENYÈ a, epi li te fè a yo menm sa ke li te fè Béthel la. 20 Tout prèt a wo plas ki te prezan yo, li te touye yo sou lotèl yo, e li te brile zo moun yo sou yo. Konsa, li te retounen Jérusalem.

21 Wa a te kòmande tout pèp la. Li te di: “Selebre fèt Pak SENYÈ a, Bondye nou an, jan sa ekri nan liv akò sila a.”

II Kwonik Yo 34:33

33 Josias te retire tout abominasyon soti nan tout peyi ki te apatyen a fis Israël yo e te fè tout moun ki te prezan an Israël yo sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a. Pandan tout lavi li, yo pa t detounen nan swiv SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a.

Josias Selebre Pak la 623 anvan Christ

Selebrasyon Pak la.

II Kwonik Yo 35:1–19

1 Epi Josias te selebre fèt Pak a SENYÈ a Jérusalem. Yo te touye bèt pou Pak la sou katòzyèm jou nan premye mwa a. 2 Li te plase prèt yo nan pozisyon pa yo e te ankouraje yo nan sèvis lakay SENYÈ a. 3 Anplis, li te di a Levit ki te enstwi tout Israël yo, e ki te sen a SENYÈ a: “Mete lach SENYÈ a nan kay ke Salomon, fis a David la, wa Israël la, te bati a. Li p ap ankò yon chaj sou zepòl nou. Alò, koulye a sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, avèk pèp Li a, Israël. 4 Prepare nou menm selon lakay papa zansèt nou yo nan divizyon nou yo selon ekriti a David la, wa Israël la e selon ekriti a fis li a, Salomon. 5 Anplis, kanpe nan lye sen an selon divizyon lakay papa zansèt nou yo ak frè nou yo ak selon Levit yo, pa divizyon lakay papa zansèt nou yo. 6 Alò, touye bèt Pak la, sanktifye nou e prepare pou frè nou yo pou fè selon pawòl SENYÈ a, selon Moïse.”

7 Josias te fè kontribisyon pou pèp la, tout sa ki te prezan, bann jenn mouton yo ak jenn kabrit yo, tout pou ofrann Pak la, an kantite trant-mil, plis twa-mil towo. Sila yo te sòti nan byen ki te pou wa a. 8 Anplis, ofisye pa li yo te fè kontribisyon a yon ofrann bòn volonte a pèp la, prèt yo avèk Levit yo. Hilkija, Zacharie, avèk Jehiel, chèf lakay Bondye yo, te bay a prèt yo pou Pak la, yon ofrann de-mil-sis-san bèt ki sòti nan bann mouton yo, avèk twa-san towo. 9 Conania osi avèk Schemaeja ak Nethaneel, frè li yo, Haschabia, Jeïel avèk Jozabad, ofisye Levit yo, te kontribye a Levit yo pou ofrann Pak la, senk-mil ki sòti nan bann mouton an ak senk-san towo.

10 Pou sa, sèvis la te fin prepare e prèt yo te kanpe nan estasyon pa yo avèk Levit yo nan divizyon pa yo selon lòd a wa a. 11 Yo te touye bèt Pak yo e pandan prèt yo t ap aspèje san ki te resevwa soti nan men Levit yo, epi Levit yo t ap retire pwal yo. 12 Yo te retire ofrann brile yo pou yo ta kab bay yo selon divizyon lakay papa zansèt yo pou pèp la pou prezante a SENYÈ a jan sa ekri nan liv Moïse la. Yo te fè sa tou avèk towo yo. 13 Konsa, yo te boukannen bèt Pak yo, sou dife selon règleman an, yo te bouyi bagay sen yo nan bonm, chodyè ak nan kaswòl e yo te pote yo avèk vitès a tout pèp òdinè yo. 14 Apre yo te prepare pou yo menm e pou prèt yo, akoz prèt yo, fis a Aaron yo t ap ofri ofrann brile avèk grès jis rive nan aswè. Pou sa, Levit yo te prepare pou yo menm ak pou prèt yo, fis a Aaron yo. 15 Anplis, chantè yo, fis a Asaph yo te nan estasyon pa yo selon kòmand a David la, Asaph, Héman, avèk Jeduthun, konseye a wa a; epi gadyen pòtay te nan chak pòtay. Yo pa t oblije sòti nan sèvis pa yo akoz frè yo te prepare pou yo.

16 Konsa, tout sèvis SENYÈ a te prepare nan jou sa a pou selebre Pak la e pou ofri ofrann brile yo sou lotèl SENYÈ a selon kòmand a Wa Josias la. 17 Fis Israël ki te prezan yo te selebre Pak la nan lè sa a ak Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou. 18 Pa t janm gen yon selebrasyon Pak tankou sa an Israël depi jou a Samuel yo, pwofèt la. Ni pa te gen okenn nan wa Israël yo ki te selebre yon Pak jan Josias te fè avèk prèt yo, Levit yo, tout Juda, Israël ki te prezan yo ak pèp Jérusalem nan. 19 Se te nan uityèm ane règn Josias la, ke Pak sa a te selebre.