Jérémie Wè Davans Soufrans Kaptivite a (continued)

Antanke pwofèt, Jérémie dekri davans soufrans kaptivite k ap vini an.

612 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Jérémie 5–6

1 “Mache ale retou toupatou nan lari Jérusalem. Gade koulye a, e byen note. Chèche nan plas ouvri li yo. Si ou ka twouve yon moun ki fè jistis, k ap chache verite, alò Mwen va padone Jérusalem. 2 E poutan, yo di: ‘Tankou SENYÈ a viv la’! Anverite y ap fè fo temwayaj.”

3 O SENYÈ, èske zye Ou pa chache verite? Ou te frape yo, men yo pa t santi doulè. Ou te fè yo megri, men yo pa t aksepte korije. Yo fè figi yo pi di pase wòch. Yo refize repanti.

4 Alò, mwen te di: “Se sèlman malere ke yo ye. Se ensanse yo ye; yo pa konnen chemen SENYÈ a, ni règleman a Bondye yo. 5 Mwen va ale kote moun pwa yo. Se ak yo ke mwen va pale, paske yo menm konnen chemen SENYÈ a, ak règleman a Bondye yo.” Men yo menm tou, ak volonte ansanm te kraze jouk la, e chire tout kòd yo. 6 Akoz sa, yon lyon ki sòti nan forè va touye yo. Yon lou dezè a va detwi yo, yon leyopa ap veye vil yo. Tout moun ki sòti kote yo va chire an mòso, akoz transgresyon yo anpil, enfidelite yo bokou.

7 Pou ki rezon Mwen ta padone ou? Fis ou yo te abandone Mwen pou yo sèmante pa sila ki pa dye yo. Lè M te fin bay yo manje vant plen, yo te fè adiltè. Yo te mache rive lakay pwostitiye a. 8 Yo te tankou gwo cheval kò dyanm, byen nouri, yo chak t ap ranni dèyè madanm vwazen yo. 9 “Èske Mwen pa dwe pini pèp sa a,” deklare SENYÈ a: “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen pa dwe pran vanjans?

10 “Ale monte nan ranje chan rezen li yo e detwi yo, men pa fin detwi nèt. Rache branch li yo, paske se pa pou SENYÈ a yo ye. 11 Paske lakay Israël ak lakay Juda te fè M trèt anpil”, deklare SENYÈ a.

12 Yo te manti sou SENYÈ a, pou di: “Li pa la; malè p ap rive nou e nou p ap wè nepe ni gwo grangou. 13 Pwofèt yo se tankou van, e pawòl la pa nan yo. Se konsa, li va rive yo!”

14 Pou sa, pale SENYÈ a, Bondye dèzame yo: “Akoz nou te pale pawòl sa a, gade byen, Mwen ap fè pawòl Mwen nan bouch ou vin dife, pèp sa a vin bwa a, e li va manje yo nèt. 15 Gade byen, M ap fè parèt yon nasyon kont nou soti byen lwen, O lakay Israël,” deklare SENYÈ a. “Li se yon nasyon ki dire anpil, yon nasyon depi nan tan lansyen yo, yon nasyon ak yon lang ou pa konnen, ni ou p ap ka konprann sa y ap di. 16 Fouwo pa yo se kon yon tonm tou louvri; yo tout se gèrye vanyan. 17 Yo va devore rekòlt ou ak manje ou. Yo va devore fis ou yo ak fi ou yo. Yo va devore bann mouton ou yo ak twoupo ou yo. Yo va devore chan rezen ou yo ak figye etranje ou yo. Yo va kraze ak nepe, tout vil fòtifye ou yo, kote ou te konn mete konfyans ou.”

18 “Malgre, menm nan jou sa yo”, deklare SENYÈ a, “Mwen p ap fin detwi nou nèt. 19 Li va vin rive ke lè yo di: ‘Poukisa SENYÈ Bondye nou an te fè nou tout bagay sa yo?’ ke ou va di yo: ‘Jan nou te abandone M nan pou te sèvi dye etranje nan peyi nou; alò, se konsa nou va sèvi etranje nan yon peyi ki pa pou nou.’

20 “Deklare sa a nan kay Jacob la e pwoklame li nan Juda, pou di: 21 ‘Tande sa, O pèp ki plen foli, ki san konprann, ki gen zye, men ki pa ka wè, ki gen zòrèy, men ki pa tande. 22 Èske nou pa krent Mwen?’ deklare SENYÈ a. ‘Èske nou pa tranble devan prezans Mwen? Paske Mwen te poze sab la kon lizyè lanmè a; yon dekrè etènèl, pou l pa ka travèse l. Malgre lanm lanmè yo vole, yo p ap ka enpoze yo; malgre yo fè raj, yo p ap ka travèse li.’

23 “Men pèp sa a gen kè rebèl ak kè ki di; yo te vire sou kote e yo te ale. 24 Yo pa di nan kè yo: ‘Alò koulye a, annou gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, ki bay lapli nan sezon li, ni lapli sezon otòn ak lapli sezon prentan, Sila ki kenbe pou nou semèn rekòlt nou yo.’

25 “Inikite nou yo fin detounen bagay sa yo, e peche nou yo te retire tout sa ki bon pou nou. 26 Paske moun mechan twouve yo pami pèp Mwen an. Y ap veye tankou moun k ap pran bèt nan pèlen. Yo ranje pèlen an. Se moun yo pran. 27 Kon yon kalòj plen zwazo, se konsa lakay yo plen desepsyon. Akoz sa, yo te vin moun byen enpòtan ak anpil byen. 28 Yo fin gra. Kò yo plen ak grès e yo vin reyisi depase ak zèv fèt ak mechanste yo. Yo pa plede koz òfelen an, pou yo ta reyisi; ni yo pa defann dwa malere yo.

29  “Èske Mwen p ap pini pèp sa a?” deklare SENYÈ a, “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans Mwen?

30 “Yon bagay degoutan e etonan te rive nan peyi a: 31 Pwofèt yo fè fo pwofesi e prèt yo domine selon pwòp otorite yo. Epi, a la renmen pèp Mwen an renmen l konsa! Men se kisa n ap fè lè sa rive nan bout pou l fini?

6:1 “Pran flit pou sove, O fis a Benjamin yo! Sòti nan mitan Jérusalem! Soufle yon twonpèt Tekoa e leve sinyal la sou Beth-Hakkérem, paske malè ap veye nou soti nan nò, yon gwo destriksyon. 2 Sila ki bèl e delika a, fi a Sion an, Mwen va koupe retire l nèt. 3 Bèje yo ak bann mouton pa yo va vin kote li. Yo va monte tant yo antoure li, e yo chak va fè pak bèt yo nan plas yo.

4 “Prepare lagè kont li! Leve! Annou atake a midi. Malè a nou menm, paske joune a ap vin bese, paske lonbraj lannwit yo ap vin pi long! 5 Leve e annou atake pandan nwit lan pou detwi palè li yo!” 6 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo; “Koupe pyebwa li yo, e fè monte yon ran syèj kont Jérusalem. Se vil ki dwe pini an, vil ki plen opresyon an. 7 Kon yon pwi kenbe dlo li fre, se konsa li rafrechi mechanste li. Vyolans ak destriksyon vin tande nan li. Maladi ak blesi devan M tout tan. 8 Se pou ou vin avèti, O Jérusalem, pou M pa vin about ak ou, pou vin fè ou dezole, yon peyi ki san moun.”

9 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Yo va fè yon rekòlt nèt, tankou chan rezen retay Israël la. Repase men ou ankò sou branch yo konsi se dènye ranmase rezen yo.”

10 Se a kilès pou m ta pale e bay avètisman pou yo ka tande? Gade byen, zòrèy yo bouche e yo p ap ka koute. Gade byen, pawòl SENYÈ a vin sèvi kon repwòch pou yo. Yo pa twouve okenn plezi ladann. 11 Men mwen plen ak kòlè SENYÈ a. Mwen vin bouke ak kenbe l anndan.

“Vide li sou timoun lari yo ak sou jenn gason k ap rasanble;

paske ni mari, ni madanm, yo va vin pran,

menm sa ki nan laj ak granmoun.

12 Lakay pa yo va bay a lòt moun, chan yo

ak madanm yo ansanm;

paske M ap lonje men M kont tout sila ki rete

nan peyi yo,” deklare SENYÈ a.

13 Paske soti nan pi piti pami yo jis rive nan pi gran yo;

yo tout se voras dèyè richès.

Soti nan pwofèt la, jis rive nan prèt la.

Tout se malonèt.

14 Yo te geri gwo blese pèp Mwen an ak pansman lejè.

Y ap di: “Lapè, lapè”, men nanpwen lapè.

15 Èske yo te vin wont akoz bagay abominab yo te fè?

Yo pa t wont menm.

Yo pa t menm konnen kijan pou yo ta vin wont.

Akoz sa, yo va tonbe pami sila ki tonbe yo.

Nan lè ke Mwen fè vizit ak yo,

yo va vin jete anba”, di SENYÈ a.

16 Konsa pale SENYÈ a: “Kanpe akote chemen yo e gade. Mande pou ansyen wout yo, ‘Kote bon chemen an ye?’ Mache ladan l. Konsa, nou va jwenn repo pou nanm nou.” Men yo te di: ‘Nou p ap mache ladann’. 17 Mwen te mete gadyen yo sou nou. Mwen te di: ‘Koute son a twonpèt la!’ Men yo te di: ‘Nou p ap koute.’ 18 Pou sa, tande, O nasyon yo e konnen, O asanble a, sa ki pami yo. 19 Koute, O latè! Gade byen, Mwen ap mennen gwo dega sou pèp sa a; menm fwi a panse pa yo, akoz yo pa t koute pawòl Mwen yo, e selon lalwa Mwen an, yo te rejte li. 20 Paske kisa sa sèvi, lansan an ki rive kote Mwen sòti Séba, ak kann dous soti nan yon peyi lwen? Ofrann brile nou yo pa fè M plezi.”

21 Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap poze blòk k ap fè pèp sa a bite. Yo va bite kont yo. Papa yo ak fis yo va bite ansanm. Vwazen ak zanmi li va peri.” 22 Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, yon pèp ap sòti nan peyi nò, yon gwo nasyon va leve soti nan ekstremite latè byen lwen. 23 Yo kenbe rèd ak banza ak lans. Yo mechan anpil e yo pa gen mizerikòd menm. Vwa pa yo fè raj tankou lanmè, e yo monte sou cheval yo, byen alinyen kon yon sèl moun pou batay kont ou, O fi Sion an!”

24 Nou konn tande rapò sa a. Men nou yo vin lage nèt. Gwo doulè fin sezi nou tankou doulè a yon fanm k ap akouche. 25 Pa antre nan chan an, ni pa mache sou wout la, paske nepe lènmi a ak gwo laperèz sou tout kote. 26 O fi a pèp mwen an, mete twal sak! Woule nan sann! Kriye fò konsi se pou sèl fis ke ou te fè a! Fè yon lamantasyon ki anmè pase tout lòt yo. Paske sibitman destriktè a va parèt sou nou.

27 “Mwen te fè ou eseye la pou sonde metal pami pèp Mwen an, pou ou ka sonde e konnen chemen yo. 28 Yo tout fè rebèl ak tèt di. Y ap mache toupatou bay move rapò a lòt. Se bwonz ak fè yo ye; yo tout konwonpi. 29 Ponp fòj la soufle fò. Plon an manje nèt nan dife a. Anven, yo rafine toujou, men mechan yo pa janm vin separe. 30 Moun va rele yo ajan rejte, akoz SENYÈ a te rejte yo.”