Ésaïe anonse davans destriksyon Moab

726 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ésaïe 15–16

1 Pwofesi konsènan Moab la.

Anverite nan yon sèl nwit, Ar-Moab fin devaste e detwi nèt. Nan yon sèl nwit, Kir-Moab fin devaste e detwi nèt. 2 Yo fin monte nan tanp lan ak Dibon, menm kote wo plas yo pou kriye. Moab rele anmwey sou Nebo ak Médeba. Razwa fin pase sou tèt tout moun e tout bab fin koupe. 3 Nan lari yo, yo fin abiye ak twal sak. Sou twati lakay yo e sou gwo plas yo, tout moun ap rele anmwey e vin fann nèt akoz dlo ki sòti nan zye yo. 4 Anplis, Hesbon ak Élealé rele anmwey; vwa yo konn tande jis rive Jahats. Akoz sa, tout mesye ak zam yo kriye fò; nanm yo tranble anndan. 5 Kè m kriye fò pou Moab! Prens li yo sove ale rive jis Tsoar yo, jis Églath-Schelischija yo. Yo monte pant Luchith la pandan y ap kriye nèt; anverite, menm sou wout pou rive Choronaïm nan, y ap leve yon kri anmwey pou destriksyon yo. 6 Paske dlo a Nimrin yo abandone. Anverite, zèb la fennen nèt; menm boujon gazon mouri. Pa gen anyen ki vèt. 7 Pou sa, gwo kantite byen ke yo vin genyen pou mete nan depo, yo pote yo ale sou flèv dlo Arabim nan. 8 Paske kri anmwey la fin kouri ale antoure peyi Moab la. Plenyen li an rive jis Egalïm, e lamantasyon li an jis Beer-Élim. 9 Paske dlo a Dimon yo plen ak san. Anverite Mwen va ogmante mizè sou Dimon, ak yon lyon sou sila yo k ap sove ale Moab, menm ankò sou retay yo nan peyi a.

16:1 Voye mouton tribi a bay gouvènè peyi a, soti nan Sela pa wout dezè a, jis rive nan mòn a fi Sion an. 2 Li va rive ke tankou zwazo k ap sove ale, oswa k ap gaye sòti nan nich yo, fi Moab yo va parèt kote pou janbe Arnon an. 3 “Bannou konsèy! Fè yon desizyon! Voye lonbraj ou tankou lannwit nan gran lajounen! Kache sila ki san abri yo! Pa trayi refijye a! 4 Kite refijye Moab yo rete avè w! Devni yon kote pou yo kache kont destriktè a.” Paske opresè yo p ap reyisi. Destriksyon an va sispann. Opresè ap disparèt nèt nan peyi a. 5 Yon twòn va etabli avèk lanmou dous, e yon jij va chita ak fidelite sou li nan tant David la. Li va chache jistis e va fè vit pou etabli ladwati.

6 Nou konn tande afè ògèy Moab la, yon ògèy ki depase; afè awogans li an, ògèy li a, ak gwo kòlè li a. Pawòl anfle ògèy li pa anyen. 7 Pou sa, Moab va rele anmwey; tout sila nan Moab yo va plenyen anlè. Ou va plenyen pou gato rezen a Kir-Haréseth kon sila konplètman frape yo. 8 Paske chan a Hesbon yo te fennen, ansanm ak chan rezen a Sibma yo. Mèt nasyon yo te kraze gwo grap ki te pi chwazi li yo, ki te rive jis Jaezer e te lonje kote dezè yo. Branch li yo te gaye nèt e te menm pase lòtbò lanmè a. 9 Pou sa, Mwen va kriye byen fò pou Jaezer, pou chan Sibma a. Mwen va tranpe nou nèt ak dlo k ap sòti nan zye m, O Hesbon ak Élealé, paske sou fwi gran sezon nou yo ak rekòlt nou yo gen gwo lagè. 10 Kè kontan ak lajwa sou chan fètil la ale. Nan chan rezen yo tou, p ap genyen chante a, ni gwo kri egzaltasyon yo, ni ouvriye k ap foule diven anba pye li nan peze yo. Mwen te fè kriye sa yo sispann. 11 Pou sa, kè mwen sone tankou ap pou Moab ak santiman anndan mwen pou Kir-Haréseth. 12 Konsa, li va rive ke lè Moab prezante tèt li, lè l fin fatige kò l sou wo plas li e rive nan sanktyè li a pou fè lapriyè, li p ap reyisi.

13 Se pawòl sa a ke SENYÈ a te pale avan sa sou Moab. 14 Men koulye a, SENYÈ a pale e di: “Avan twazan fin rive, jan yon anplwaye ta konte yo, glwa a Moab la va vin degrade ansanm ak tout gwo kantite pèp li a, e retay li va vin piti e san fòs.”