Ézéchias refòme adorasyon an (continued)

Karaktè Ézéchias ak refòm li fè nan adorasyon an.

726 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

II Kwonik Yo 30–31

1 Alò, Ézéchias te voye kote tout Israël avèk Juda, e anplis, li te ekri lèt a Éphraïm avèk Manassé pou yo ta vini lakay SENYÈ a Jérusalem pou selebre Pak SENYÈ a, Bondye Israël la. 2 Paske wa a avèk chèf pa li yo ak tout asanble Jérusalem nan te pran desizyon pou selebre Pak la nan dezyèm mwa a. 3 Yo fè sa akoz yo pa t ka selebre li nan lè sa a, akoz prèt yo potko konsakre yo menm an kantite ase, ni pèp la potko rasanble Jérusalem. 4 Konsa, bagay la te kòrèk nan zye a wa a avèk tout asanble a. 5 Pou sa, yo te etabli yon dekrè pou sikile kòm yon pwoklamasyon pami tout Israël soti nan Beer-Schéba jis rive menm nan Dan, pou yo ta kapab vin selebre Pak SENYÈ a, Bondye Israël la, Jérusalem. Paske yo pa t selebre li an gran nonb depi lè li te premye etabli a.

6 Mesaje yo te ale patou nan tout Israël avèk Juda avèk lèt soti nan men a wa a avèk chèf li yo menm, selon lòd a wa a. Yo te di: “O fis Israël yo, retounen kote SENYÈ a, Bondye Abraham nan, Isaac, avèk Israël la, pou Li kapab retounen kote sila nan nou ki fin chape e retire soti nan men a wa Asiryen yo. 7 Pa fè tankou papa zansèt nou yo avèk frè nou yo ki pa t fidèl a SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo, jiskaske li te fè yo parèt tankou yon laperèz etonan, jan nou wè a. 8 Alò, pa fè tèt di tankou papa zansèt nou yo, men bay plas a SENYÈ a. Antre nan sanktyè ke Li te konsakre jis pou tout tan an, e sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, pou kòlè Li k ap brile a kapab vire kite nou. 9 Paske si nou retounen kote SENYÈ a, frè nou yo avèk fis nou yo va jwenn mizerikòd devan sila ki te mennen yo an kaptivite yo, e yo va retounen nan peyi sa a. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, plen gras avèk konpasyon e Li p ap vire fas Li kite nou si nou retounen kote Li.”

10 Pou sa, mesaje yo te pase soti nan yon vil a yon lòt vil, toupatou nan peyi Éphraïm avèk Manassé, e soti rive Zabulon. Men yo te fè grimas sou yo, yo te giyonnen yo, e moke yo. 11 Sepandan, kèk nan mesye Aser yo, Manassé, avèk Zabulon yo te imilye yo, e yo te vini Jérusalem. 12 Anplis, men Bondye te sou Juda pou bay yo yon sèl kè pou fè sa ke wa a avèk chèf yo te kòmande yo a, pa pawòl SENYÈ a.

13 Alò, anpil moun te rasanble Jérusalem pou selebre Fèt Pen San Ledven an nan dezyèm mwa a, yon asanble ki te trè trè gran. 14 Yo te leve e te retire fo lotèl ki te Jérusalem yo. Anplis, yo te retire tout fo lotèl lansan yo e te jete yo nan flèv Cédron an. 15 Epi yo te touye jèn mouton Pak yo nan katòzyèm jou nan dezyèm mwa a. Konsa, prèt yo avèk Levit yo te vin wont a yo menm, e te konsakre yo menm, e te pote ofrann brile yo lakay SENYÈ a. 16 Yo te kanpe nan estasyon pa yo selon koutim pa yo, selon lalwa Moïse la, nonm Bondye a. Prèt yo te aspèje san ke yo te resevwa nan men Levit yo. 17 Paske te gen anpil prèt nan asanble a ki pa t konsakre yo menm. Pou sa, Levit yo te responsab pou touye jèn mouton Pak yo ki te pou tout sila ki pa t pwòp yo, pou yo ta kapab vin konsakre yo a SENYÈ a. 18 Paske yon foul nan pèp la, menm anpil nan Éphraïm avèk Manassé, Issacar ak Zabulon pa t pirifye yo menm, sepandan yo te manje Pak la yon lòt jan ke sa ki te premye etabli a. Paske Ézéchias te priye pou yo e te di: “Ke SENYÈ a kapab padone 19 tout sila ki prepare kè yo pou chache Bondye, SENYÈ a, Bondye a papa zansèt li yo, malgre se pa selon règleman pou pirifikasyon nan sanktyè a.”

20 Pou sa, SENYÈ a te tande Ézéchias e te geri pèp la. 21 Fis a Israël ki te la Jérusalem yo te selebre Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou avèk gran jwa, e Levit yo avèk prèt yo te louwe SENYÈ a, jou apre jou, avèk enstriman ki te fè gwo son a SENYÈ a. 22 Epi Ézéchias te pale ankourajman a tout Levit ki te montre gwo kapasite pou afè SENYÈ yo. Konsa, yo te manje pandan sèt jou ki te chwazi yo pandan yo t ap fè sakrifis ofrann lapè yo e t ap bay remèsiman a SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo a.

23 Anfen, tout asanble a te deside selebre yon lòt sèt jou ankò, e yo te selebre sèt jou yo avèk kè kontan. 24 Paske Ézéchias, wa Juda a, te bay asanble a mil towo ak sèt-mil mouton; epi prens yo te bay yon mil towo ak di-mil mouton. Konsa, yon gran kantite nan prèt yo te konsakre yo menm. 25 Tout asanble Juda a te rejwi avèk prèt yo ak Levit yo ak tout asanble ki te sòti an Israël la, ni vwayajè ki te sòti nan peyi Israël yo ansanm ak sila ki te rete Juda yo. 26 Konsa, te gen gwo lajwa Jérusalem, akoz pa t janm genyen yon bagay parèy a sa Jérusalem depi nan jou a Salomon yo, fis David la, wa Israël la. 27 Epi prèt Levit yo te leve pou te beni pèp la. Vwa yo te tande, e lapriyè yo te rive nan lye sen Li an, menm nan syèl la.

31:1 Alò, lè tout sa te fini, tout Israël ki te prezan te sòti antre nan vil Juda yo. Yo te kraze pilye Asherim yo an mòso, yo te koupe poto Asherim yo, e te rale fè desann wo plas yo avèk lotèl yo pami tout Juda avèk Benjamin e anplis, nan Éphraïm avèk Manassé, jiskaske yo te detwi yo tout. Epi tout fis Israël yo te retounen nan vil pa yo, yo chak nan posesyon pa yo.

2 Konsa, Ézéchias te apwente divizyon a prèt yo ak Levit yo pa divizyon pa yo, yo chak selon sèvis pa yo, prèt yo avèk Levit yo pou ofrann brile avèk ofrann lapè yo, pou fè sèvis e bay remèsiman avèk lwanj nan pòtay kan SENYÈ a. 3 Li te etabli osi pòsyon wa a nan byen pa li pou ofrann brile yo, pou ofrann maten avèk aswè a, ofrann brile pou Saba yo, pou nouvèl lin yo e pou fèt etabli yo, jan sa ekri nan lalwa SENYÈ a. 4 Anplis, li te kòmande moun ki te rete Jérusalem yo pou bay pòsyon ki te dwa a prèt yo avèk Levit yo, pou yo ta kapab dedye pwòp tèt yo a lalwa SENYÈ a. 5 Depi lòd la te fin gaye, fis Israël yo te mete disponib an abondans, premye fwi nan sereyal yo, diven nèf, lwil, siwo myèl ak tout pwodwi chan an; epi yo te pote an abondans dim nan tout bagay. 6 Fis a Israël avèk Juda ki te rete lavil Juda yo, anplis, te pote fè antre dim nan bèf avèk mouton yo, e dim nan don sen ki te konsakre a SENYÈ a, Bondye pa yo a, e te plase yo nan gwo pil yo.

7 Nan twazyèm mwa a, yo te kòmanse fè pil yo e te fin fè yo nan setyèm mwa a. 8 Lè Ézéchias avèk chèf yo te vin wè gwo pil yo, yo te beni SENYÈ a avèk pèp Israël Li a. 9 Epi Ézéchias te kesyone prèt yo avèk Levit yo sou gwo pil yo. 10 Azaria, chèf prèt lakay Tsadok la te di li: “Depi don yo te kòmanse antre lakay SENYÈ a, nou te gen kont pou nou manje avèk anpil ki te rete, paske SENYÈ a te beni pèp Li a, e gran kantite sila a rete toujou.”

11 Epi Ézéchias te kòmande yo pou prepare chanm lakay SENYÈ a e yo te prepare yo. 12 Yo te byen fidèl nan pote dim avèk ofrann avèk bagay konsakre yo. Epi Conania, Levit la, te ofisye an chaj sou yo, e frè l, Schimeï te dezyèm nan. 13 Jehiel, Azazia, Nachath, Asaël, Jerimoth, Jozabad, Éliel, Jismakia, Machath avèk Benaja te anplwaye anba direksyon Conania avèk frè l, Schimeï, selon chwa Wa Ézéchias yo, e Azaria te ofisye prensipal lakay Bondye a. 14 Koré, fis a Jimna a, Levit la, gadyen pòtay lès la, te chèf sou ofrann bòn volonte a Bondye yo, pou fè distribisyon don pou SENYÈ a avèk bagay ki sen pase tout lòt bagay yo. 15 Anba otorite li, te gen Éden, Minjamin, Josué, Schemaeja, Amaria ak Schecania, nan vil prèt yo pou separe, fidèlman, bay frè pa yo pa divizyon yo, piti kon gran, 16 anplis de sa yo ki te sou chif zansèt yo, pou gason soti nan laj trantan oswa plis yo—tout moun ki te antre lakay SENYÈ a kòm obligasyon chak jou yo—pou travay nan devwa yo selon divizyon yo; 17 ansanm ak prèt ki te anrejistre pa zansèt yo selon lakay papa zansèt pa yo, e Levit yo soti nan laj a ventan oswa plis, selon devwa yo ak divizyon yo. 18 Anrejistreman pa zansèt yo te kontwole tout timoun yo, madanm yo, fis yo ak fi yo, pou tout asanble a, paske yo te konsakre yo menm, fidèlman, nan sentete. 19 Anplis, pou fis a Aaron yo, prèt yo, ki te nan tèren patiraj lavil yo, oswa nan chak vil menm, te gen mesye ki te dezinye pa non pou fè distribisyon pòsyon a chak gason pami prèt yo e chak ki te anrejistre pa zansèt li yo pami Levit yo.

20 Konsa, Ézéchias te fè patou nan tout Juda; epi li te fè sa ki te bon e dwat devan SENYÈ a, Bondye li a. 21 Tout èv ke li te kòmanse fè nan sèvis lakay Bondye a, nan lalwa avèk kòmandman an, nan chache Bondye li a, li te fè yo avèk tout kè li, e li te byen reyisi.