Pwofesi Michée yo soutni refòm Ézéchias la

722 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Michée 3–5

1 Konsa, mwen te di:

“Koute koulye a, chèf a Jacob yo ak sila

k ap gouvène lakay Israël yo.

Èske nou pa dwe konnen lajistis?

2 Nou menm ki rayi sa ki bon,

e ki renmen sa ki mal;

ki chire po yo sou kò yo,

ak chè yo soti sou zo yo;

3 k ap anplismanje chè pèp Mwen an,

chire po yo sou yo, kraze zo yo

e koupe yo an mòso,

tankou se pou mete nan chodyè,

tankou vyann nan bonm nan.

4 Konsa, yo va kriye fò a SENYÈ a,

men Li p ap reponn yo.

Olye de sa, nan lè sa a, Li va kache figi li a yo menm,

akoz yo te pratike zak ki mechan.”

5 Konsa pale SENYÈ a konsènan pwofèt ki te mennen pèp mwen an nan erè yo. Lè yo bay yo kèk bagay pou mòde ak dan yo, yo kriye: “Lapè”! men kont sila ki pa mete anyen nan bouch yo, yo deklare lagè.

6 Akoz sa, li fènwa sou nou—san vizyon

e fènwa pou nou—san apèsi davni.

Solèy la va kouche sou pwofèt yo,

e lajounen va vin fènwa sou yo.

7 Vwayan yo va wont

e divinò yo va nan konfizyon.

Anverite, yo tout va kouvri bouch yo

akoz Bondye pa reponn.

8 Men kanta mwen menm,

mwen ranpli ak pouvwa pa Lespri SENYÈ a,

ak jistis ak kouraj Li,

pou fè Jacob konnen zak rebelyon li an;

menm a Israël, peche pa l la.

9 Alò, tande sa, chèf lakay Jacob yo,

ak sila k ap gouvène lakay Israël yo,

ki rayi jistis,

e ki vire tòde tout sa ki dwat,

10 Ki bati Sion ak san koule,

e Jérusalem ak vyolans e enjistis.

11 Chèf li yo fè jijman

pou jwenn sa ki glise anba tab,

e prèt li yo enstwi pou kòb,

pandan pwofèt li yo ap pwofetize pou lajan.

Malgre sa, yo apiye sou SENYÈ a.

Yo di: “Se pa SENYÈ a ki nan mitan nou?

Okenn malè p ap rive sou nou.”

12 Konsa, akoz nou menm,

Sion va vin raboure tankou yon chan,

e Jérusalem va vin yon pil mazi,

e mòn tanp lan va devni

tankou wo plas yo nan forè a.

4:1 Men nan dènye jou yo, li va vin rive ke mòn

a SENYÈ a va vin etabli kon chèf a mòn yo.

Li va vin leve anwo kolin yo, e pèp nasyon yo

va kouri kon dlo pou rive kote l.

2 Anpil nasyon va vin di:

“Vini, annou monte sou mòn SENYÈ a,

lakay Bondye Jacob la,

pou L ka enstwi nou nan chemen Li yo

e pou nou ka mache sou pa Li yo.”

Paske depi nan Sion, lalwa va sòti

e pawòl SENYÈ a va soti Jérusalem.

3 Konsa, Li va jije antre anpil pèp e pran

desizyon pou anpil nasyon ki byen lwen.

Yo va bat nepe yo pou fè yo tounen cha

pou laboure latè yo,

ak lans lagè yo pou fè yo tounen kwòk imondaj.

Nasyon p ap leve nepe kont nasyon e

p ap aprann fè lagè ankò.

4 Men yo va fè chak moun chita anba chan

rezen pa yo, ak anba pye fig pa yo.

Pèsòn p ap fè yo pè:

paske bouch SENYÈ dèzame yo fin pale sa.

5 Malgre tout pèp yo mache

nan non dye pa yo, pou nou menm,

nou va mache nan non SENYÈ Bondye

nou an jis pou tout tan e pou tout tan.

6 “Nan jou sa a”, deklare SENYÈ a,

“Mwen va rasanble moun bwate yo,

e Mwen va reyini moun rejte yo,

ak sa ke M te aflije yo.

7 Mwen va fè moun bwate yo

vin yon retay, e moun rejte yo

vin yon nasyon pwisan;

Konsa, SENYÈ a va renye sou yo nan Mòn Sion

depi koulye a rive jis pou tout tan.”

8 A nou menm, wo tou bann mouton an,

mòn fi Sion an,

sou ou menm, li va retounen.

Wi, menm ansyen pouvwa a,

wayòm de fi Jérusalem nan.

9 Alò, poukisa ou rele anmwey konsa?

Èske pa gen wa pami nou?

Èske konseye nou an fin peri?

Kite gwo doulè a sezi nou

kon yon fanm k ap pouse fè pitit?

10 Se pou ou vin an doulè,

doulè pou pouse fè pitit

fi a Sion an,

kon yon fanm ki ansent;

paske koulye a, ou va sòti nan vil la

pou rete nan chan,

e ou va ale menm nan Babylone.

La, ou va delivre.

La, SENYÈ a va rachte ou,

soti nan men ènmi ou yo.

11 Epi koulye a, gen anpil nasyon

ki rasanble kont ou k ap di:

“Kite li fin souye nèt,

e kite zye nou wè dezi nou sou Sion.”

12 Men yo pa konnen refleksyon a SENYÈ a,

ni yo pa konprann bi Li a;

paske Li te ranmase moun sa yo,

kon pakèt sereyal yo,

pou pote sou glasi vannen an.

13 Leve pou bat jèm nan, O fi Sion an!

Paske M ap fè kòn ou an vin yon kòn fè,

e zago ou kon yon zago an bwonz.

Ou va bat an mòso anpil pèp,

pou ou kapab konsakre a SENYÈ a

tout richès enjis pa yo,

ke nou ranmase ak tout byen pa yo,

bay SENYÈ tout latè a.

5:1 Alò, rasanble nou an twoup lame,

O fi a lame yo.

Li fin fè syèj kont nou.

Ak gwo baton, yo va frape jij Israël la sou machwè.

2 Men ou menm, Bethléhem Éphrata,

pi piti pami fanmi a Juda yo,

nan ou va soti de Mwen

Youn pou vin chèf an Israël.

Lè pou L vin parèt la te etabli depi

nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo.

3 Akoz sa, Li va abandone yo jiskaske

sila ki te gen doulè a, fin pouse fè pitit la.

Nan lè sa a, retay nan frè li yo

va retounen vin jwenn fis Israël yo.

4 Konsa Li va leve pou mennen

bann mouton Li an nan fòs SENYÈ a,

nan majeste a non SENYÈ, Bondye Li a.

Epi yo va viv, paske nan tan sa a,

Li va pwisan jis rive nan dènye pwent latè.

5 Li va lapè nou lè Asiryen yo vini nan peyi nou an,

e lè li va mache nan palè nou yo.

Konsa, nou va leve kont li sèt bèje ak uit chèf prensipal.

6 Yo va regle peyi Assyrie ak nepe,

ak peyi Nimrod la menm nan pòtay li yo.

Konsa, li va delivre nou soti nan men Asiryen an

lè l fè envazyon peyi nou an,

ak lè li mache anndan fwontyè nou an.

7 Epi konsa, retay Jacob la va

nan mitan anpil nasyon pèp yo,

tankou lawouze ki sòti nan SENYÈ a,

tankou lapli k ap farinen sou zèb,

ki p ap tann lòm,

ni fè reta pou fis a lòm yo.

8 Retay Jacob la va pami nasyon yo,

pami anpil pèp;

Tankou yon lyon pami bèt forè,

tankou yon jèn lyon nan mitan bann mouton;

li menm, si l pase, mache, dechire an mòso

e p ap gen pèsòn ki pou delivre.

9 Ke men ou vin leve kont advèsè Ou yo

e lènmi Ou yo va vin koupe retire nèt.

10 “Li va rive, nan jou sa a,”, deklare SENYÈ a,

“ke Mwen va retire cheval nou yo nan mitan nou

e Mwen va detwi cha lagè nou yo.

11 “Anplis, Mwen va koupe retire vil

nan peyi nou yo, e mwen va jete tout

miray fòterès nou yo.

12 Mwen va koupe retire zafè tout wanga

soti nan men nou, e nou p ap gen divinò ankò.

13 Mwen va retire imaj taye nou yo ak

pilye sakre ki pami nou yo,

pou nou pa adore zèv men nou yo ankò.

14 Mwen va dechouke Asherim ki pami nou yo,

e mwen va detwi vil nou yo.

15 Epi Mwen va egzekite vanjans kòlè

ak gwo mekontantman sou nasyon ki pa t koute yo.”