Vizyon Ézéchiel sou Dezyèm Tanp lan (continued)
574 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Nan lè sa a, li te mennen m nan pòtay la; pòtay ki gen fas li vè lès la; 2 Epi gade byen, glwa Bondye Israël la t ap vini soti nan chemen lès la. Vwa Li te tankou son anpil dlo; epi tè a te limen ak glwa Li. 3 Epi se te tankou vizyon ke m te fè a, tankou vizyon ke m te fè lè Li te vini pou detwi vil la. Epi vizyon yo te tankou vizyon ke m te fè bò kote rivyè Kebar a; epi mwen te tonbe sou figi m. 4 Konsa, glwa SENYÈ a te vini nan kay la pa chemen pòtay ki te gen fas li vè lès la. 5 Epi Lespri a te leve m anlè e te mennen m antre nan lakou enteryè a; epi gade byen, glwa SENYÈ a te ranpli kay la.
6 Nan lè sa a, mwen te tande yon moun ki t ap pale ak mwen soti nan kay la, pandan yon nonm te kanpe akote mwen. 7 Li te di mwen: “Fis a lòm, sa se plas pou twòn Mwen an, ak plas machpye Mwen an, kote Mwen va demere pami fis Israël yo jis pou tout tan. Lakay Israël p ap souye non sen Mwen an ankò, ni yo menm ni wa yo, pa zak pwostitisyon yo, e pa kadav a wa yo lè yo fin mouri, 8 lè yo te mete papòt pa yo akote papòt pa Mwen, poto pòt pa yo akote poto pòt pa Mwen. Te gen yon miray ki te antre Mwen ak yo. Epi yo te souye non sen Mwen an ak abominasyon ke yo te komèt yo. Pou sa, Mwen te konsonmen yo nan gwo kòlè Mwen. 9 Koulye a, kite yo mete akote zak pwostitisyon yo ak kadav a wa yo byen lwen Mwen. Konsa, Mwen va demere pami yo jis pou tout tan.”
10 “Pou ou menm, fis a lòm, bay detay a tanp lan a lakay Israël, pou yo ka wont de inikite yo; epi kite yo mezire plan an. 11 Si yo vin wont de tout sa ke yo te fè yo, fè yo konnen dizay kay la, fòm li, antre ak sòti li yo, dizay li, tout règleman ak tout lwa li yo. Ekri li devan zye yo pou yo ka wè tout dizay ak tout règleman li yo pou fè yo.
12 “Sa se lwa kay la: tout espas toutozanviwon anwo mòn nan va sen pase tout kote. Gade byen, sa se lwa kay la.”
13 “Epi sa yo se mezi lotèl la an koude (koude ki se yon koude plis mezi yon pla men): baz la va yon koude, lajè a va yon koude e arebò sou akote a va anviwon yon anpan; epi sa va wotè a baz lotèl la. 14 Soti nan baz atè a pou rive piba ankadreman an, li va de koude, e lajè a va yon koude; epi soti nan pi piti ankadreman an pou rive nan pi gran ankadreman an, li va kat koude e lajè a va yon koude. 15 Fou chofaj lotèl la va kat koude; epi soti nan fou chofaj la, kat kòn yo va monte anwo a. 16 Alò, fou lotèl la va longè a douz koude pa douz nan lajè, ak kare nan kat kote li yo. 17 Ankadreman an va katòz koude nan longè, katòz nan lajè nan kat kote li yo, arebò li va mwatye koude a e baz li va yon koude toutozanviwon li; epi eskalye li yo va bay fas vè lès.”
18 Epi Li te di mwen: “Fis a lòm, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Sila yo se règleman pou lotèl la nan jou ke li bati a, pou ofri ofrann brile sou li e pou flite san sou li. 19 ‘Ou va bay a prèt Levit ki sòti nan fanmi Tsadok yo, ki rapwoche de Mwen pou fè sèvis Mwen yo,’ deklare Senyè BONDYE a, ‘yon jenn towo pou yon ofrann peche. 20 ‘Ou va pran kèk nan san li, mete li sou kat kòn yo, sou kat kwen ankadreman an ak toutotou arebò a. Konsa, ou va fè l vin pwòp e fè ekspiyasyon pou li. 21 Ou va, anplis, pran towo pou ofrann peche a, e li va vin brile nan kote ki chwazi nan kay la deyò sanktyè a.
22 “‘Nan dezyèm jou a, ou va ofri yon mal kabrit san defo kon ofrann peche, e yo va netwaye lotèl la jan yo te netwaye li ak towo a. 23 Lè ou fin netwaye li, ou va prezante yon jenn towo san defo ak yon belye san defo ki soti nan bann mouton an. 24 Ou va prezante yo devan SENYÈ a; prèt yo va jete sèl sou yo e yo va ofri yo kon ofrann brile a SENYÈ a.
25 “‘Pandan sèt jou, ou va prepare chak jou yon kabrit kon ofrann peche; anplis, yon jenn towo ak yon belye san defo ki soti nan bann mouton an, va vin prepare. 26 Pandan sèt jou, yo va fè ekspiyasyon pou lotèl la e fè l vin pwòp; se konsa yo va konsakre li. 27 Lè yo fin konplete nonb de jou yo, li va rive ke nan uityèm jou a e kontinye, prèt yo va ofri ofrann brile pa nou an sou lotèl la ak ofrann lapè nou yo. Konsa, Mwen va aksepte nou,’ deklare Senyè BONDYE a.’”
44:1 Nan lè sa a, Li te mennen m retounen pa chemen a pòtay eksteryè sanktyè a, ki bay fas li vè lès la; epi li te fèmen. 2 SENYÈ a te di mwen: “Pòtay sa a va fèmen. Li p ap louvri, ni pèsòn p ap janm antre pa li, paske SENYÈ Bondye Israël la te, antre pa li. Akoz sa, li va fèmen. 3 Pou prens lan, li va chita ladann tankou prens pou manje pen devan SENYÈ a. Li va antre pa chemen galri pòtay la, e li va sòti pa menm chemen an.”
4 Epi li te mennen m pa chemen pòtay nò a pou rive devan kay la. Konsa, mwen te gade e vwala glwa SENYÈ a te ranpli lakay SENYÈ a, e mwen te tonbe sou figi m.
5 SENYÈ a te di mwen: “Fis a lòm, make byen, gade ak zye ou, e tande ak zòrèy ou tout sa ke M di ou konsènan tout règleman lakay SENYÈ yo, e konsènan tout lwa li yo. Epi make byen antre kay la, ak tout sòti ki gen nan sanktyè a. 6 Ou va di a sila k ap fè rebèl yo: ‘Senyè BONDYE a di: “Se kont! Sispann fè tout abominasyon nou yo, O lakay Israël. 7 Lè nou te mennen etranje yo antre, ensikonsi nan kè yo ak ensikonsi nan chè yo, pou antre nan sanktyè Mwen an, pou pwofane li, menm lakay Mwen an, lè nou te ofri manje Mwen an, grès ak san an; paske yo te anile akò Mwen an—tout sa, anplis de tout abominasyon nou yo. 8 Epi nou pa t rete responsab nou menm, de bagay sen Mwen yo, men te mete etranje yo responsab de sanktyè mwen an.” 9 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Okenn etranje ensikonsi nan kè, ak ensikonsi nan chè, tout etranje ki pami fis Israël yo, p ap antre nan sanktyè pa M nan.
10 “‘“Men Levit ki te ale lwen Mwen lè Israël te vin egare a, ki te vin egare kite Mwen ki t ap kouri dèyè zidòl yo, va pote pinisyon pou inikite pa yo. 11 Malgre sa, yo va fè sèvis nan sanktyè Mwen an, pou gen zye sou pòtay kay yo, ak fè sèvis nan kay la. Yo va touye ofrann brile ak sakrifis pou pèp la, e yo va kanpe devan yo pou fè sèvis. 12 Akoz yo te fè sèvis pou yo devan zidòl yo, e yo te vin yon wòch chite, inikite, pou lakay Israël; akoz sa, Mwen te sèmante kont yo”, deklare Senyè BONDYE a: “Ke yo va pote pinisyon pou inikite pa yo a. 13 Konsa, yo p ap vin rapwoche de Mwen, pou sèvi kon prèt pou Mwen, ni vin rapwoche de okenn nan bagay sen Mwen yo, vè bagay ki sen pase tout lòt yo; men yo va pote wont ak abominasyon ke yo te fè yo. 14 Malgre sa, Mwen va deziye yo pou kenbe responsabilite kay la, pou tout sèvis ak tout sa k ap fèt ladann.
15 “‘“Men prèt Levit yo, fis a Tsadok yo, ki te kenbe responsabilite sanktyè pa M nan lè fis Israël yo te vin egare kite Mwen an, va vin rapwoche de Mwen pou fè sèvis pou Mwen. Yo va kanpe devan M pou ofri Mwen grès ak san an,” deklare Senyè BONDYE a. 16 Yo va antre nan sanktyè Mwen an. Yo va vin rapwoche de tab Mwen an pou fè sèvis Mwen, e kenbe responsabilite Mwe,n an.
17 “‘“Li va fèt ke lè yo antre nan pòtay lakou enteryè yo, yo va abiye ak vètman len. Epi lenn p ap sou yo pandan y ap fè sèvis nan pòtay lakou enteryè yo ak anndan kay yo. 18 Mòso twal an len va sou tèt yo e souvètman fèt ak len va nan ren yo. Yo p ap abiye ak okenn bagay ki pou fè yo swe. 19 Lè yo sòti deyò vè pèp la, nan lakou deyò a, yo va retire vètman yo te sèvi nan fè sèvis la, e lage yo nan chanm sen yo. Yo va mete lòt vètman pou yo pa transmèt sentete a pèp la avèk vètman yo.
20 “‘“Anplis, yo p ap pase razwa nan tèt yo, ni yo p ap kite cheve a vin long. Se sèl cheve nan tèt yo y ap koupe. 21 Ni okenn nan prèt yo pa pou bwè diven pandan y ap antre nan lakou enteryè a. 22 Epi yo p ap marye ak yon vèv ni yon fanm divòse, men yo va pran vyèj ki soti nan desandan lakay Israël yo, oswa yon vèv ki se vèv a yon prèt. 23 Anplis, yo va enstwi pèp Mwen an pou distenge antre sa ki sen ak sa ki pwofàn, e fè yo distenge antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp.
24 “‘“Nan yon diskisyon, yo va kanpe pran plas yo pou jije. Yo va jije sa selon òdonans Mwen yo. Yo va anplis, kenbe lwa M yo, ak règleman Mwen yo, nan tout fèt chwazi Mwen yo. Yo va kenbe tout Saba Mwen yo sen.
25 “‘“Yo p ap ale kote yon moun mouri pou yo vin souye; sepandan, pou papa, manman, pou fis, fi, pou frè, oswa yon sè ki pa t gen mari, yo kapab souye tèt yo. 26 Aprè li fin netwaye, sèt jou va ekoule pou li. 27 Nan jou ke li antre nan sanktyè a, nan lakou enteryè pou fè sèvis nan sanktyè a, li va ofri lofrann peche pa li a”, deklare Senyè BONDYE a.
28 “‘Epi sa va konsidere kon yon eritaj pou yo, ke se Mwen ki eritaj yo; epi ou p ap bay yo okenn posesyon an Israël——se Mwen menm ki posesyon yo. 29 Yo va manje ofrann sereyal la, ofrann peche a, ak ofrann koupabilite; epi tout bagay ki konsakre an Israël va pou yo. 30 Premye a tout premye fwi tout kalite ak tout don a tout kalite soti nan tout sa nou kontribye va pou prèt yo. Nou va, anplis, bay prèt la premye nan bòl farin nou yo, pou fè benediksyon vin poze sou lakay nou. 31 Prèt yo p ap manje okenn zwazo, bèt ki te mouri pa mò natirèl, oswa ki te dechire an mòso.