Vizyon Ézéchiel sou Dezyèm Tanp lan (continued)

574 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ézéchiel 41–42

1 Epi li te fè m rive kote chanm gran asanble tanp lan, e li te mezire pilye akote yo: sis koude nan lajè nan chak kote, se te lajè a pilye akote a. 2 Lajè a antre a, te dis koude e akote chak antre yo, te dis koude nan chak kote, epi akote antre a te senk koude de chak kote. Li te mezire longè a chanm gran asanble tanp lan, ki te karant koude, e lajè a, ven koude.

3 Konsa, li te antre anndan an e li te mezire chak pilye akote pòtay la, de koude, e pòtay la, sis koude nan wotè, epi lajè pòtay la, sèt koude. 4 Li te mezire longè li, ven koude ak lajè li, ven koude, devan chanm gran asanble a, e li te di mwen: “Sa a se lye ki pi sen an”.

5 Li te mezire miray a tanp lan, sis koude; epi lajè a chanm akote yo, kat koude, toutotou kay la nan chak kote. 6 Chanm akote yo te nan twa etaj, youn anwo lòt, e trant nan chak etaj. Chanm akote yo te lonje rive nan miray ki te toupatou sou kote enteryè yo, pou yo ta ka twouve soutyen, men pa tache nan miray a tanp lan li menm. 7 Chanm akote ki te antoure tanp yo te vin pi laj nan chak nivo etaj yo. Akoz konstriksyon ki te antoure tanp lan te monte pa etaj sou tout kote a tanp lan. Konsa, lajè a tanp lan te vin pi gwo pandan li t ap monte piwo. Konsa, yon moun ta monte soti nan pi ba etaj la pou rive nan piwo a pa yon pasaj nan dezyèm etaj la.

8 Mwen te wè anplis ke kay la te gen yon plafon elve toutotou li. Fondasyon a chanm akote yo te yon bwa kann nèt de sis gran koude. 9 Gwosè a miray eksteryè pou chanm akote yo te senk koude. Men espas lib antre chanm akote yo te apatyen a tanp lan. 10 Antre chanm yo te yon espas de ven koude toutotou tanp lan nan tout akote yo. 11 Pòtay a chanm akote yo vè espas lib la te yon sèl pòtay vè nò a ak yon lòt pòtay vè sid. Lajè a espas lib la te senk koude toutotou li.

12 Konstriksyon ki te devan kote ki apa nan bò vè lwès la, te swasann-dis koude lajè; epi miray a konstriksyon an te senk koude nan gwosè nan toutotou li e longè li te katre-ven-dis koude.

13 Konsa, li te mezire tanp lan, yon santèn koude nan longè a; epi kote apa a, konstriksyon an, ak miray li yo, te osi san koude nan longè. 14 Anplis, lajè pa devan a tanp lan e lajè a kote apa yo avèk kote lès la, te vin fè total, san koude.

15 Li te mezire longè a konstriksyon an avèk devan kote apa a dèyè li a, ak yon galri nan chak bò, san koude. Li te osi mezire enteryè a chanm gran asanble a, ak galri lakou yo, 16 papòt yo, fenèt ak gri yo, ak galri ki antoure twa etaj yo ki anfas papòt la, te fèt ak pano anbwa toupatou soti atè jis rive nan fenèt yo, (men fenèt yo menm te kouvri), 17 rive nan antre a, nan anndan kay la, nan deyò ak nan tout miray la toutotou li nèt, ni anndan ni deyò, te mezire. 18 Li te grave ak cheriben ak pye palmis; epi yon pye palmis te antre cheriben ak cheriben e chak cheriben te gen de figi, 19 Figi a yon nonm vè pye palmis lan sou yon bò e figi a yon jenn lyon vè pye palmis lan sou lòtbò a. Yo te grave menm jan sou tout lakay toutotou li. 20 Soti atè jis rive anwo, nan antre a, cheriben yo ak pye palmis yo te grave e sou miray a chanm gran asanble a tou.

21 Pilye pòt a chanm gran asanble a te an fòm kare. Epi devan sanktyè a, aparans a yon pilye pòt te menm ak lòt la. 22 Lotèl la te fèt an bwa, twa koude nan wotè e longè a, de koude. Kwen li yo, baz li e akote li yo te an bwa. Epi li te di mwen: “Sa se tab ki devan SENYÈ a.” 23 Gran chanm asanble a ak sanktyè a, yo chak te gen yon pòt doub. 24 Chak nan pòt yo te gen de fèy, de fèy ki koube plwaye ouvri fèmen; de fèy pou yon pòt e de fèy pou lòt la. 25 Anplis, te gen grave sou yo, sou pòt chanm gran asanble a, cheriben ak pye palmis yo tankou sila ki te grave sou miray yo. Epi te gen yon papòt an bwa devan galeri pa deyò. 26 Te gen fenèt ak gri yo, ak pye palmis yo sou yon bò ak yon lòt, sou kote galeri yo. Se konsa chanm akote ak papòt kay yo te ye.

42:1 Epi li te mennen mwen deyò nan lakou a, nan chemen vè nò a. Li te mennen m nan chanm ki te anfas kote apa a, ak anfas konstriksyon an vè nò. 2 Avèk longè a, ki te san koude a, se te pòt nò a; lajè a te senkant koude. 3 Anfas ven koude ki te pou lakou enteryè a, e anfas pave ki te apatyen a lakou eksteryè a, se te galri ki te koresponn ak galeri sou twa etaj yo. 4 Devan chanm yo, se te yon machpye pa anndan de dis koude nan lajè, yon chemen de san koude nan longè, epi ouvèti pa yo te vè nò. 5 Alò, chanm anlè yo te pi piti akoz galri yo te pran plis espas sou yo ke sila nan baz ak mitan etaj nan konstriksyon yo. 6 Paske se nan twa etaj yo te ye e pa t gen pilye tankou pilye nan lakou yo. Akoz sa, chanm anlè yo te vin pi etwat ke mitan ak piba yo. 7 Pou miray eksteryè bò chanm yo, vè lakou deyò anfas chanm yo, longè li te senkant koude. 8 Paske longè a chanm ki te nan lakou eksteryè yo te senkant koude. Epi gade byen, longè a sila anfas tanp yo te san koude. 9 Pi ba chanm sa yo, se te antre sou kote lès la, kote yon moun ka antre nan yo soti nan lakou eksteryè a.

10 Nan epesè miray la sou kote lès, anfas kote apa a e anfas konstriksyon an, te gen chanm yo. 11 Chemen devan yo a te sanble ak chanm ki te sou kote nò yo. Selon longè yo, konsa lajè yo te ye e tout kote pou antre sòti yo te menm selon aranjman ak ouvèti pa yo. 12 Nan koresponn a pòt chanm ki te vè sid yo, te gen yon pòt nan tèt chemen an, chemen devan miray ki te vè lès la, kote yon moun ta antre ladan yo.

13 Konsa, li te di mwen: “Chanm nò yo ak chanm sid yo, ki anfas a kote apa a, yo se chanm sen kote prèt ki rapwoche de SENYÈ a va manje bagay ki sen pase tout lòt yo. La, yo va fè poze bagay pi sen yo, ofrann sereyal la, ofrann peche ak ofrann koupabilite a; paske kote sa a sen. 14 Lè prèt yo antre, alò yo p ap sòti nan lakou eksteryè a lè yo kite sanktyè a san ke yo pa mete la vètman ak sila yo fè sèvis la, paske yo sen. Yo va mete lòt vètman sou yo; nan lè sa a, yo va pwoche sa ki pou pèp la.”

15 Alò, lè l te fin mezire kay enteryè a, li te mennen mwen deyò pa chemen pòtay ki te bay fas vè lès la e te mezire li toupatou. 16 Li te mezire kote lès la ak baton mezi a, senk-san baton pa mezi baton an. 17 Li te mezire kote nò a, senk-san baton pa mezi baton an. 18 Nan sid, li te mezire senk-san baton ak mezi baton an. 19 Li te vire kote lwès e li te mezire senk-san baton ak mezi baton an. 20 Li te mezire li nan kat kote yo. Li te gen yon miray ki te antoure l nèt; longè ki te senk-san ak lajè ki te senk-san an, pou te divize antre sa ki sen ak sa ki pwofàn.