Vizyon Ézéchiel sou Dezyèm Tanp lan (continued)

574 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ézéchiel 45–46

1 “‘“Anplis, lè ou divize pa tiraj osò, peyi eritaj la, ou va ofri yon pòsyon a SENYÈ a, yon pòsyon sen nan tè a. Longè li va venn-senk-mil koude, e lajè li va ven-mil koude. Li va sen anndan toutozanviwon lizyè li yo. 2 Sòti nan pòsyon sa a, va gen pou kote sen an, yon pòsyon senk-san koude pa senk-san koude, ak yon espas ouvri de senkant koude nan lajè ki antoure li. 3 Soti kote sa a, ou va mezire yon longè venn-senk-mil koude ak yon lajè di-mil koude. Nan li, va gen sanktyè a, kote ki sen pase tout kote a. 4 Se va pòsyon ki sen nan peyi a. Li va pou prèt yo, sèvitè sanktyè yo, ki te vin rapwoche pou fè sèvis SENYÈ a. Li va yon kote pou lakay yo e yon kote ki sen pou sanktyè a. 5 Yon kote venn-senk-mil koude nan longè e di-mil koude nan lajè va pou Levit yo, sèvitè kay yo ak posesyon pa yo, vil pou yo rete ladann.

6 “‘“Ou va bay vil la yon pòsyon senk-mil koude nan lajè, ak venn-senk-mil koude nan longè, k ap akote pòsyon sen an. Sa va pou tout kay Israël la nèt.”

7 “‘“Prens lan va gen tè a sou toude kote pòsyon sen an, ki pou vil la, akote espas sen an ak tè vil la, sou kote lwès vè lwès la, e sou kote lès vè lès la, ki koresponn nan longè a youn nan pòsyon a pòsyon yo, k ap sòti nan lizyè lwès peyi a, pou rive nan lizyè lès la. 8 Nan peyi a, sa va tèren pa li an Israël. Epi prens Mwen yo p ap oprime pèp Mwen an ankò, men yo va kite lakay Israël gen tè selon tribi pa yo.”

9 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Se ase! Nou menm ki prens an Israël yo! Kite vyolans ak destriksyon an pou pratike lajistis ak ladwati! Sispann fè piyaj sou pèp Mwen an,” deklare Senyè BONDYE a. 10 “Ou va gen balans ki peze byen, yon mezi efa, ak yon mezi bat ki jis. 11 Mezi efa a ak bat la va gen menm fòs, jiskaske yon mezi bat, gen yon dizyèm omè e yon mezi efa gen yon dizyèm omè; se selon omè yo va regle. 12 Sekèl la va gen ven gera; ven sekèl, plis venn-senk sekèl, plis kenz sekèl va sèvi kon mezi min ou.”

13 “‘“Men ofrann ke ou va ofri a: yon sizyèm efa soti nan yon omè ble; yon sizyèm efa soti nan yon omè lòj; 14 Epi pòsyon lwil la jan li etabli a; yon dizyèm bat soti nan chak kò, (kò a tankou omè a, gen 10 bat). 15 Epi yon mouton soti nan chak bann mouton ak de-san bèt ki soti kote ki awoze an Israël yo——pou yon ofrann sereyal, yon ofrann brile, ak ofrann lapè yo, pou fè ekspiyasyon pou yo”, deklare Senyè BONDYE a. 16 “Tout pèp peyi a va bay ofrann sa a pou prens Israël la. 17 Se va devwa prens lan pou founi ofrann brile yo, ofrann sereyal yo ak ofrann bwason yo nan fèt yo, nan fèt nouvèl lalin yo, nan Saba yo, nan tout fèt etabli pou lakay Israël yo. Li va founi ofrann peche a, ofrann sereyal la ak ofrann brile a, pou fè ekspiyasyon pou lakay Israël.”

18 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan premye mwa a, nan premye nan mwa a, ou va pran yon jenn towo san defo pou netwaye sanktyè a. 19 Prèt la va pran kèk nan san soti nan ofrann peche a pou mete li sou poto pòt yo, nan kat kwen ankadreman lotèl la ak sou poto pòtay la nan lakou enteryè a tanp lan. 20 Konsa nou va fè nan setyèm jou nan mwa a pou tout moun ki vin egare kite chemen dwat la, oswa ki fè enpridans. Konsa ou va fè ekspiyasyon pou kay la.

21 “‘“Nan premye mwa a, nan katòzyèm jou nan mwa a, ou va fè Pak la, yon fèt pandan sèt jou; pen san ledven va manje. 22 Nan jou sa a, prens lan va founi pou tèt li ak tout pèp peyi a, yon towo pou yon ofrann peche. 23 Pandan sèt jou nan fèt la, li va founi kon yon ofrann brile a SENYÈ a sèt towo ak sèt belye san defo chak jou nan sèt jou yo ak yon mal kabrit chak jou kon yon ofrann peche. 24 Li va founi kon yon ofrann sereyal, yon efa ak yon towo, yon efa ak yon belye, e yon mezi lwil ak yon efa.”

25 “‘“Nan setyèm mwa a, nan kenzyèm jou a, nan fèt la, li va founi konsa, sèt jou pou ofrann peche a, ofrann brile a, ofrann sereyal la ak lwil la.”

46:1 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Pòtay pou lakou enteryè ki bay fas vè lès la va fèmen pandan sis jou travay yo; men li va ouvri nan Saba a, e li va vin ouvri nan jou nouvèl lin nan. 2 Prens lan va antre pa chemen galri a, soti deyò pou kanpe akote poto pòtay la. Epi prèt yo va founi ofrann brile li yo ak ofrann lapè li yo, li va adore nan papòt pòtay la, e li va sòti. Men pòtay la p ap fèmen jis rive nan aswè. 3 Pèp peyi a osi va adore nan papòt pòtay la devan SENYÈ a, nan Saba yo, ak nouvèl lin yo. 4 Ofrann brile ke prens lan va ofri a SENYÈ a nan jou Saba, a va sis jenn mouton san defo, ak yon belye san defo; 5 epi ofrann sereyal la va yon efa ak belye a, ofrann sereyal la ak jenn mouton yo, va kantite ke li kapab bay la e yon mezi lwil ak yon efa. 6 Nan jou nouvèl lin nan, li va ofri yon jenn towo san defo; anplis, sis jenn mouton ak yon belye ki san defo. 7 Epi li va founi yon ofrann sereyal, yon efa ak towo a, yon efa ak belye a, ak jenn mouton yo, kantite ke li kapab bay la, yon mezi lwil ak yon efa. 8 Lè prens lan antre, li va antre pa galri pòtay la, e li va sòti pa menm chemen an.”

9 “‘“Men lè pèp peyi a vini devan SENYÈ a nan fèt chwazi yo, sila ki antre pa pòtay nò pou adore a, va sòti pa pòtay sid la. Epi sila ki antre pa pòtay sid la, va sòti pa pòtay nò a. Pèsòn pa pou retounen pa menm chemen ke li te antre a, men li va sòti tou dwat. 10 Lè yo antre, prens lan va antre pami yo; epi lè yo sòti, li va sòti.”

11 “‘“Nan fèt ak jou fèt chwazi yo, ofrann sereyal yo va yon efa ak yon towo, yon efa ak yon belye, ak jenn mouton yo, kantite ke l ap kapab bay la, yon mezi lwil ak yon efa. 12 Lè prens lan founi yon ofrann bòn volonte, yon ofrann brile, oswa ofrann lapè kon ofrann bòn volonte a SENYÈ a, pòtay vè lès la va vin ouvri pou li. Epi li va founi ofrann brile pa li a, ak ofrann lapè li a, jan li konn fè nan jou Saba a. Epi li va sòti e pòtay la va vin fèmen lè li fin sòti.

13 “‘“Epi ou va founi yon mouton yon lane, san defo pou yon ofrann brile a SENYÈ a chak jou; chak maten, ou va founi li. 14 Anplis, ou va founi yon ofrann sereyal ak li chak maten, yon sizyèm efa ak yon tyè mezi lwil pou mouye farin fen an, yon ofrann sereyal a SENYÈ a tout tan selon yon òdonans ki p ap janm fini oubyen chanje. 15 Konsa, yo va founi yon ofrann sereyal ak li chak maten, kon yon ofrann brile ki va fèt tout tan.”

16 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Si prens lan bay yon don eritaj a nenpòt nan fis li yo, li va apatyen a fis li yo; se posesyon pa yo selon règleman eritaj la. 17 Men si li bay yon don nan eritaj li a youn nan sèvitè li yo, sa va pou li jis rive nan ane libète a; epi li va retounen a prens lan. Eritaj li va sèl pou fis li yo; li va apatyen a yo menm. 18 Prens lan pa pou pran nan eritaj a pèp la e mete yo deyò nan pwòp posesyon pa yo. Li va bay fis li yo yon eritaj k ap sòti nan pwòp posesyon pa li, pou pèp Mwen an pa vin divize, okenn moun, de posesyon pa li a.”’”

19 Epi li te mennen m pase nan antre akote pòtay la, antre anndan chanm sen pou prèt yo, ki te bay fas vè nò. Epi gade byen, te gen yon plas pa dèyè nèt vè lwès. 20 Li te di mwen: “Sa se plas kote prèt yo va bouyi ofrann koupab ak ofrann peche a ak kote yo va kwit ofrann sereyal la, pou yo pa oblije mennen yo deyò nan lakou eksteryè a, pou l ta transmèt sentete a pèp la.”

21 Konsa, li te mennen m deyò nan lakou eksteryè a, e te mennen m travèse kat kwen lakou a; epi gade byen; nan chak kwen lakou a, te gen yon ti lakou. 22 Nan kat kwen lakou a, te gen ti lakou fèmen karant koude nan longè e trant koude nan lajè, yo tout te nan menm mezi. 23 Te gen yon miray ki te antoure yo, antoure yo toule kat, e pozisyon pou bouyi yo a te fèt toutozanviwon anba mi yo. 24 Epi li te di m: “Sila yo se plas bouyi kote sèvitè kay yo va bouyi sakrifis a pèp yo.”