Éliphaz di Job ap soufri poutèt peche li yo
Premye deba ant Job ak zanmi li yo, Éliphaz kòmanse l lè li deklare soufrans Job yo se pinisyon pou peche li yo.
2130 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Konsa, Éliphaz, Temanit lan te reponn;
2 Si yon moun ta eseye pale yon mo avèk ou,
èske ou va pèdi pasyans?
Men se kilès ki kab refize pale?
3 Gade byen, ou te enstwi anpil lòt moun;
ou te ranfòse menm fèb yo.
4 Pawòl ou yo te ede fèb yo kanpe,
e ou te ranfòse jenou ki manke fòs yo.
5 Men koulye a, se sou ou sa rive,
e ou pa gen pasyans.
Sa touche ou menm e ou vin dekouraje nèt.
6 Èske se pa lakrent Bondye pa ou ki konfyans ou,
ak entegrite chemen ou yo ki espwa ou?
7 “Sonje byen se kilès ki konn peri inosan?
Oswa ki kote ou wè moun ladwati yo te detwi?
8 Selon sa ke mwen menm te wè, sila ki raboure inikite yo,
ak sila ki simen twoub yo, yo rekòlte li.
9 Pa souf Bondye, yo peri,
e pa van chalè Li, yo fini nèt.
10 Gwo vwa a lyon fewòs la,
vwa fewòs a lyon an,
e dan a jenn lyon yo fin kase.
11 Pi gran lyon an peri paske li manke manje,
e pitit li yo vin gaye.
12 “Alò, an kachèt yon pawòl rive sou mwen;
zòrèy mwen te resevwa yon ti souf li.
13 Pami refleksyon enkyetan ki sòti nan vizyon lannwit yo,
lè dòmi pwofon tonbe sou moun,
14 laperèz te vini sou mwen.
Mwen te tranble e zo m yo te souke.
15 Konsa, yon lespri te pase kote figi mwen;
plim sou chè mwen, te kanpe sou kò m.
16 Li te kanpe an plas, men mwen pa t kab distenge aparans li.
Yon fòm te devan zye m.
Te gen silans, epi mwen te tande yon vwa:
17 'Èske lòm kapab jis devan Bondye?
Èske yon nonm kapab san tach devan Sila ki fè l la?
18 Menm nan sèvitè Li yo, Li pa mete konfyans;
ak pwòp zanj Li yo, Li jwenn fot.
19 Konbyen anplis, pou sila ki rete nan kay fèt an ajil yo,
ki gen pousyè kon fondasyon,
ki vin kraze devan papiyon!
20 Antre maten ak aswè, yo vin kase an mòso;
san yo pa wè anyen, yo peri nèt.
21 Èske kòd soutyen tant yo pa plwaye pa anndan?
Yo mouri konsa, san sajès.'
5:1 “Rele koulye a; èske gen moun ki pou reponn?
A kilès nan sen fidèl yo ke ou va vire?
2 Paske rankin va touye moun ki plen foli,
e jalouzi va touye moun senp lan.
3 Mwen te wè moun san konprann ki t ap pran rasin,
e byen vit, mwen te denonse kay li.
4 Fis li yo pa jwenn sekirite ditou;
menm nan pòtay la, yo oprime,
ni pa gen moun pou delivre yo.
5 Moun grangou yo devore rekòlt li,
e mennen l yon kote plen pikan.
Epi pèlen an rete ouvè pou sezi tout byen yo.
6 Paske malè pa sòti nan pousyè,
ni gwo twoub pa pouse soti nan tè;
7 paske lòm fèt pou gwo twoub,
tankou etensèl dife vole anlè.
8 “Men pou mwen, mwen ta chache Bondye,
pou m ta plede kòz mwen devan Bondye.
9 Bondye Ki konn fè gwo bagay ki depase konesans lan;
mèvèy ki pa kab menm konte yo.
10 Li bay lapli sou tè a,
e voye dlo sou chan yo,
11 Jiskaske Li leve sila ki enb yo,
e sila ki an dèy yo, li leve bay sekou.
12 Li anile manèv a sila ki gen riz yo
pou men yo pa reyisi.
13 Li kaptire saj yo nan pwòp riz pa yo,
e konsèy a moun k ap twonpe moun nan
vin kontrekare byen vit.
14 Nan gwo lajounen, yo jwenn ak tenèb,
e yo egare gwo midi tankou se te lannwit.
15 Men li sove yo de nepe a pwop bouch yo,
e menm malere a chape nan men pwisan an.
16 Akoz sa, sila ki san sekou a gen espwa,
e inikite oblije pe bouch li.
17 “Gade byen kijan nonm
ke Bondye bay chatiman an gen kè kontan.
Konsa, pa meprize disiplin Toupwisan an.
18 Paske se Li menm ki blese,
e se Li menm ki retire blesi a;
Li fè donmaj la, e pwòp men L ki geri l.
19 Soti sis fwa, Li va delivre ou de twoub ou yo;
Menm nan sèt fwa, mal la p ap kab touche ou.
20 Nan gwo grangou Li va delivre ou devan lanmò,
e nan lagè, devan pouvwa nepe a.
21 Ou va pwoteje devan blese a lang lan,
e ou p ap pè vyolans lan lè l vin parèt.
22 Ou va ri devan vyolans ak grangou,
e ou p ap pè bèt sovaj yo.
23 Paske ou va fè alyans ak wòch chan yo,
e bèt sovaj yo va anpè avèk ou.
24 Ou va konnen ke tant ou an pwoteje,
paske ou va vizite lakay ou san krent ni pèt.
25 Anplis, ou va konnen ke desandan ou yo va anpil,
e sila ki sòti nan ou yo anpil tankou zèb latè.
26 Ou va rive nan tonbo a ak tout fòs ou,
tankou gwo sak ble nan sezon li.
27 Gade sa byen; nou te fè ankèt li, e se konsa li ye.
Tande sa e konnen l pou kont ou.”