Job reponn Éliphaz
2130 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Epi Job te reponn:
2 “O ke doulè m ta kab peze pou mete nan balans lan,
ansanm ak gwo dega ki vin sou mwen yo!
3 Paske li ta pi lou pase sab lanmè yo.
Akoz sa a, pawòl mwen yo te tèlman san règ.
4 Paske flèch Toupwisan an fin antre anndan m;
lespri m ap bwè pwazon.
Gwo laperèz Bondye a vin alinye kont mwen.
5 Èske bourik mawon ranni sou zèb li,
oswa bèf rele sou manje li?
6 Èske bagay san gou kapab manje san sèl,
oswa èske pati blan nan ze poul la gen gou?
7 Nanm mwen p ap touche yo.
Yo tankou manje abominab pou mwen.
8 “O ke sa m mande ta kab rive,
e ke Bondye ta ban m sa m anvi wè a!
9 Ke Bondye ta dakò pou kraze m nèt,
ke Li ta lache men l pou retire mwen nèt!
10 Kite sa toujou kòm konsolasyon mwen;
wi, kite mwen rejwi nan doulè k ap kraze mwen,
pou m pa t renye pawòl a Sila Ki Sen an.
11 Ki jan fòs mwen ye, pou m ta tann?
Epi kilès lafen mwen, ke m ta dwe sipòte?
12 Èske fòs mwen tankou wòch,
o èske chè m kon bwonz?
13 Èske se pa ke nanpwen sekou anndan m,
ke tout sajès fin chase lwen mwen?
14 “Paske pou nonm ki pèdi tout espwa a,
li ta dwe twouve konpasyon nan zanmi li;
menm a li menm ki kon pèdi lakrent Wo Pwisan an.
15 Frè m yo te aji ak desepsyon kon yon ravin,
kon flèv ravin ki vin sèch;
16 ki vin sal tankou glas k ap fonn
kote lanèj kon kache.
17 Nan sezon sèch, yo pa la;
lè li cho, yo disparèt sou plas yo.
18 Chemen a kous pa yo tòde tout kote;
yo monte rive vin anyen;
yo vin disparèt.
19 Karavàn Théma yo te vin veye;
vwayajè Séba yo te gen espwa yo.
20 Yo te desi paske yo te mete konfyans;
yo te vini la, e te etone.
21 Anverite, koulye a se konsa ou ye;
ou wè laperèz e ou vin pè.
22 Èske mwen te di ou: ‘Ban m yon bagay’?
Oswa m te fè yon demann anba tab pou retire nan richès ou?
23 Oswa ‘delivre m nan men advèsè a’?
Oswa ‘rachte mwen nan men opresè sila yo’?
24 “Enstwi mwen e mwen va pe la!
Montre mwen kote mwen gen tò.
25 Kèl doulè pawòl onèt sa yo genyen!
Men kisa diskou ou a pwouve?
26 Èske ou gen entansyon repwoche pawòl mwen yo,
lè ou konnen se van ki mèt pawòl yo lè moun dekouraje nèt?
27 Konsa, ou ta menm tire osò pou òfelen yo
e fè twòk pou zanmi ou.
28 Alò, souple, gade mwen e wè si se
manti m ap fè nan figi ou.
29 Rete la, koulye a e pa kite enjistis fèt.
Retounen kote m! Jiska prezan, ladwati mwen rete ladan an.
30 Èske gen enjistis sou lang mwen?
Èske bouch mwen pa kapab distenge gou gwo malè?”
7:1 “Èske lòm pa oblije fè kòve sou latè?
Èske jou li yo pa tankou jou a yon ouvriye jounalye?
2 Tankou esklav ki rale souf pou rive nan lonbraj,
tankou jounalye k ap tann kòb li,
3 se konsa mwen jwenn mwa yo plen mizè,
e nwit plen ak gwo twoub k ap dezinyen pou mwen.
4 Lè m kouche mwen di: ‘Se kilè m ap leve?’
Men nwit lan kontinye; m ap vire tounen jis rive nan maten.
5 Chè m abiye ak vè ak kal ki fèt ak pousyè.
Po m vin di e li koule pij.
6 Jou m yo mache pi vit ke mach aparèy tise a.
Yo fini sanzespwa.
7 Sonje byen ke lavi m pa plis ke yon souf;
zye m p ap wè sa ki bon ankò.
8 Zye a sila ki wè m yo, p ap wè m ankò.
Zye Ou va sou mwen, men mwen p ap la ankò.
9 Jan yon nwaj vin disparèt, li ale nèt.
Konsa sila ki desann nan sejou lanmò a p ap monte ankò.
10 Li p ap retounen ankò lakay li,
ni plas li p ap rekonèt li ankò.
11 “Akoz sa a, mwen p ap met fren nan bouch mwen.
Mwen va pale nan doulè lespri m;
mwen va plenyen nan lespri anmè mwen.
12 Èske se lanmè mwen ye, oswa bèt jeyan lanmè a,
pou Ou te mete gad sou mwen?
13 Si mwen di: ‘Kabann mwen va ban m repo,
sofa m va soulaje plent mwen,’
14 answit, Ou fè m krent ak rèv,
e teworize m ak vizyon;
15 jiskaske nanm mwen ta chwazi mouri toufe;
pito lanmò olye doulè mwen yo.
16 Mwen fin epwize nèt;
mwen p ap viv tout tan.
Kite mwen sèl, paske jou mwen yo pa plis ke yon souf.
17 Kisa lòm ye pou Ou reflechi sou li
e pou Ou bay ka li enpòtans,
18 pou Ou fè l pase egzamen chak maten e
fè l pase eprèv chak moman?
19 Èske Ou p ap janm sispann gade m,
ni kite mwen anpè jiskaske m fin vale krache m?
20 Èske mwen te peche? Kisa mwen te fè Ou,
Ou menm, ki gadyen lòm?
Poukisa Ou te fè m objè tiraj Ou
jiskaske mwen vin yon fado pou pwòp tèt mwen?
21 Poukisa konsa Ou pa padone transgresyon mwen yo,
e retire inikite mwen yo?
Paske koulye a, mwen va kouche nan pousyè a;
Ou va chache pou mwen, men m p ap la ankò.”