Zanmi Job yo vizite l epi yo tande plent li yo
2130 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
11 Alò, lè twa zanmi a Job yo te tande tout malè ki te rive li yo, yo te vini yo chak sòti nan pwòp plas yo, Éliphaz, Temanit lan, Bildad, Souachyen an ak Tsophar, Naamit lan. Yo te òganize yon randevou ansanm pou vini fè konsolasyon avèk li, e bay li rekonfò. 12 Lè yo te leve zye yo a distans, yo pa t rekonèt li; yo te leve vwa yo anlè e te kriye. Yo chak te chire rad yo, e yo te jete pousyè sou tèt yo vè syèl la. 13 Konsa, yo te chita atè avèk li pandan sèt jou ak sèt nwit san pèsòn pa t pale yon mo ak li, paske yo te wè ke doulè li te tèlman gran.
3:1 Lè l fini, Job te ouvri bouch li e te modi jou li te fèt la. 2 Job te di:
3 “Kite jou ke m te dwe fèt la peri,
ak nwit ki te anonse ‘se yon gason ki fèt la.’
4 Ke jou sa a kapab vin fènwa nèt.
Pa kite Bondye anwo a pran swen li,
ni limyè vin klere sou li.
5 Kite fènwa avèk gwo tenèb reklame li.
Kite fènwa jou sa a modi li.
6 Selon nwit sa a, kite tenèb sezi li.
Kite li pa gen rejwisans nan jou ane a.
Kite li pa antre nan chif ki konte mwa yo.
7 Koute byen, kite nwit sa a rete esteril.
Pa kite okenn kri lajwa antre ladann.
8 Kite sila ki konn modi jou yo modi jou sa a,
sila ki prè pou fè Levyatan leve kò l.
9 Kite zetwal lannwit li yo vin etenn.
Kite li espere limyè, men pa twouve l.
E kite li pa wè maten vin parèt,
10 akoz li pa t fèmen ouvèti vant manman m,
ni kache twoub devan zye m.
11 “Poukisa mwen pa t mouri lè m te fèt?
Sòti nan vant li e mouri la menm?
12 Poukisa jenou yo te resevwa m, e poukisa tete a, pou m ta pran?
13 Paske koulye a mwen t ap gen tan kouche pou m jwenn lapè;
mwen t ap dòmi depi lè sa a e mwen t ap twouve repo,
14 ansanm ak wa ak konseye latè
ki te rebati ansyen mazi yo pou kont yo;
15 oswa avèk prens ki te gen lò yo,
ki t ap plen lakay yo ak ajan;
16 Oswa kon yon fòs kouch ki kache, mwen pa t ap egziste,
kon yon pitit ki pa t janm wè limyè.
17 La, mechan yo sispann fè laraj,
e la moun fatige yo jwenn repo.
18 Prizonye yo alèz ansanm.
Yo p ap tande vwa a sipèvizè a.
19 Ni piti, ni gran yo la.
E esklav la lib de mèt li.
20 “Poukisa limyè bay a sila ki soufri a,
e lavi a nanm anmè a,
21 ki anvi wè lanmò, men nanpwen,
e fouye plis pou twouve li pase trezò kache,
22 ki rejwi anpil e fè lwanj lè yo rive nan tonbo a?
23 Poukisa limyè bay a yon nonm ak chemen an kache a,
ke Bondye te jennen tout kote a?
24 Paske soupi mwen yo parèt menm moman
manje a rive devan zye m.
Epi kri mwen yo vide tankou dlo.
25 Paske sa m krent lan te vini sou mwen.
Sa ke m pa vle wè a te tonbe sou mwen.
26 Mwen pa alèz, ni mwen pa anpè.
Mwen pa jwenn repo,
ni m pa kalm,
men se boulvèsman ki vin parèt.”