Élihu di soufrans soti nan Bondye (continued)

Élihu, ki te rete an silans jis lè sa a, antre nan diskisyon an. Li montre Bondye voye soufrans pou rezon ki saj, menmsi nou pa ka rive konprann yo, epi devwa lèzòm se soumèt yo.

2130 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Job 34–35

1 Alò, Élihu te kontinye. Li te di:

2 “Koute pawòl mwen yo, sila ki saj pami nou.

Koute mwen, nou menm ki gen konesans.

3 Paske zòrèy la fè prèv pawòl yo,

jan bouch la goute manje a.

4 Kite nou chwazi pou nou menm sa ki dwat;

kite nou konnen pami nou menm sa ki bon.

5 Paske Job te di: ‘Mwen dwat, men

Bondye te rache dwa mwen an;

6 èske mwen ta dwe manti selon dwa m?

Blese m se san gerizon, san ke m pa fè transgresyon.’

7 Se kilès ki tankou Job,

k ap bwè giyonnen moun tankou se dlo,

8 ki ale kenbe konpanyen ak sila ki fè inikite yo,

e mache avèk moun malveyan yo?

9 Paske li te di: ‘Sa pa fè okenn avantaj pou moun

lè l pran plezi li nan Bondye.’

10 “Pou sa, koute mwen, nou menm ki gen bon konprann.

Fòk se lwen pou Bondye ta fè mechanste,

e pou Toupwisan an fè mal.

11 Paske Li rekonpanse lòm selon zèv li yo,

e fè li jwenn selon chemen li.

12 Anverite, Bondye p ap aji avèk mechanste,

ni Toupwisan an p ap fè jistis vin konwonpi.

13 Se kilès ki te bay Li otorite sou latè?

Epi se kilès ki te poze responsabilite tout mond lan sou Li?

14 Si Li ta pran desizyon pou Li fè; si Li ta ranmase tout a Li menm

pwòp lespri Li a, menm ak souf Li a,

15 Tout chè ta peri ansanm,

e lòm ta retounen nan pousyè.

16 “Men si gen moun bon konprann, koute sa a;

koute vwa pawòl mwen yo.

17 Èske menm yon moun ki rayi jistis ta dwe renye?

Èske ou va kondane Sila ki dwat e pwisan an,

18 k ap di a yon wa: ‘Sanzave’,

a prens yo: ‘Nou mechan’;

19 Ki p ap montre patipri a prens yo,

ni rich yo kon pi enpòtan ke pòv,

paske tout moun se zèv a men Li ke yo ye.

20 Nan yon moman, yo mouri;

epi nan mitan lannwit, yon pèp vin etone.

Pwisan yo disparèt.

Yo retire san yon men leve.

21 “Paske zye Li sou chemen a yon nonm.

Li wè tout pa li fè.

22 Nanpwen fènwa, ni lonbraj fonse

kote malfektè inikite yo kab kache kò yo.

23 Paske Li pa bezwen obsève yon nonm anpil

pou li ta dwe pase an jijman devan Bondye.

24 Li kraze moun pwisan an an mòso, jan nou pa menm konprann,

e mete lòt moun nan plas yo.

25 Se konsa, Li konnen zèv yo.

Li boulvèse yo nan lannwit, e yo kraze nèt.

26 Li frape yo tankou mechan

nan yon kote pou tout moun wè,

27 Akoz yo vire akote nan swiv Li, e pat okipe chemen Li yo;

28 akoz yo te fè kri a malere a rive kote Li.

Li te tande kri a aflije yo.

29 Lè L rete an silans, se kilès ki kab kondane L?

Epi lè L kache figi Li, alò, se kilès ki kab wè L?

Li pli wo ke nasyon, ni lòm,

30 pou anpeche moun ki san Bondye yo vin

reye, ke pa vin gen yon pèlen pou pèp yo.

31 “Paske èske nenpòt kon di Bondye,

‘Mwen koupab, mwen p ap fè ofans ankò;

32 enstwi mwen sa ke m pa wè.

Si mwen te fè inikite, mwen p ap fè l ankò’?

33 Èske Li va rekonpanse ak plan pa ou a, pou ou ka refize li?

Paske se ou menm ki oblije chwazi; se pa mwen.

Pou sa a, deklare sa ke ou konnen.

34 Moun ak bon konprann va di mwen,

oswa yon nonm saj ki tande m va di:

35 ‘Job pale san konesans;

pawòl li yo san sajès.

36 Mwen ta pito yo fè pwosè kont Job,

jis rive nan tout limit li,

akoz li reponn tankou moun mechan yo.

37 Paske li ogmante rebelyon sou tout lòt peche l yo.

Li bat men li pami nou,

e ogmante pawòl li yo kont Bondye.’”

35:1 Konsa, Élihu te kontinye. Li te di:

2 “Èske ou sipoze ke ou gen dwa sa a?

Èske ou ap di ‘Ladwati pa m nan depase sa k nan Bondye a?’

3 Paske ou mande: ‘Ki avantaj sa ye pou ou?

Ki pwofi m ap jwenn ki plis pase si m te fè peche?’

4 Mwen va reponn ou,

menm ak zanmi ou yo tou.

5 Gade nan syèl yo pou wè;

epi gade byen nan nwaj yo.

Yo pi wo pase ou.

6 Si ou te peche, kisa ou akonpli kont Li?

Epi si transgresyon ou yo anpil, kisa ou fè Li?

7 Si ou jis, kisa ou ba Li, oswa kisa Li ta jwenn nan men ou?

8 Mechanste ou ka donmaje yon nonm tankou ou menm,

e ladwati ou gen benefis pou yon fis a lòm.

9 “Akoz fòs kantite opresyon yo, yo kriye fò.

Yo kriye pou sekou akoz bra a pwisan an.

10 Men pèsòn pa di: ‘Kote Bondye, Kreyatè mwen an,

ki bay chan kè kontan yo pandan nwit lan,

11 ki enstwi nou plis pase bèt latè yo,

pou fè nou vin pi saj pase zwazo nan syèl yo?’

12 La, yo kriye fò, men nanpwen repons

akoz ògèy moun mechan yo.

13 Anverite, Bondye p ap koute yon kri ki vid,

ni Toupwisan an p ap okipe l.

14 Konbyen anmwens, lè ou di ou pa wè Li.

Ka a pase devan L, e fòk se Li ou tann!

15 Men koulye a, akoz Li pa t fè vizit nan kòlè Li,

ni Li pa t apresye awogans,

16 pou sa, Job ouvri bouch li an ven;

li ogmante pawòl li yo san konesans.”