Élihu di soufrans soti nan Bondye

Élihu, ki te rete an silans jis lè sa a, antre nan diskisyon an. Li montre Bondye voye soufrans pou rezon ki saj, menmsi nou pa ka rive konprann yo, epi devwa lèzòm se soumèt yo.

2130 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Job 32–33

1 Konsa, twa mesye sila yo te sispann reponn Job, akoz li te dwat nan pwòp zye pa li. 2 Men kòlè a Élihu, fis a Barakeel la, Bizit nan fanmi a Ram nan, te brile kont Job. Kòlè li te brile paske li te jistifye pwòp tèt li devan Bondye. 3 Epi kòlè li te brile kont twa zanmi li yo akoz yo pa t jwenn bon repons, men kareman, yo te kondane Job. 4 Alò, Élihu te tann yo fini pou pale ak Job, akoz yo menm te gen anpil ane pi gran pase li. 5 Konsa, lè Élihu te wè ke pa t gen repons ki rete nan bouch a twa mesye yo, kòlè li te brile.

6 Pou sa, Élihu, fis a Barakeel la, Bizit la, te pale klè. Li te di:

“Mwen jèn selon ane yo, e nou menm, nou granmoun.

Akoz sa a, mwen te krent pou di nou sa ke m t ap panse a.

7 Mwen te reflechi ke se laj ki te dwe pale,

ke anpil ane yo ta dwe bay sajès.

8 Men se yon lespri ki nan lòm,

e se souf a Toupwisan an ki bay yo bonkonprann.

9 Anpil ane pa vle di saj,

ni pa fwa, se pa granmoun ki konprann sa ki dwat.

10 Pou sa, mwen di nou ‘koute mwen;

mwen menm tou va di nou sa ke m panse.’

11 “Gade byen, mwen te tann pawòl nou yo.

Mwen te koute byen rezonman pa nou yo,

pandan nou t ap reflechi sou sa pou nou ta di.

12 Menm mwen te swiv nou byen pre;

anverite, pa t gen pèsòn ki te vin genyen Job.

Nanpwen moun ki te byen reponn pawòl li yo.

13 Pran atansyon nou pa di: ‘Nou jwenn sajès.

Se Bondye ki pou korije l, se pa lòm.’

14 Paske pawòl li yo pa t pale kont mwen menm,

ni mwen p ap reponn li ak diskou pa nou yo.

15 “Yo etonnen nèt; yo pa reponn ankò.

Yo pa gen mo ki pou di.

16 Èske se tann, pou m ta tann akoz yo pa pale?

Akoz yo rete e pa reponn ankò?

17 Mwen menm tou va reponn pou kont mwen,

mwen osi va bay pozisyon pa m.

18 Paske mwen chaje ak pawòl.

Lespri m anndan mwen bourade m.

19 Men gade, lestonmak mwen tankou diven san mwayen respire;

tankou po diven nèf, li prèt menm pou pete.

20 Kite mwen pale pou m kab jwenn soulajman;

kite mwen ouvri lèv mwen pou bay repons.

21 Alò, pa kite mwen pran pati a okenn moun,

ni flate pèsòn.

22 Paske mwen pa konn flate moun,

sof Sila ki kreye mwen an, ta vin ranmase m fè m ale.”

33:1 “Malgre sa, koulye a, Job, souple tande mesaj mwen an

e koute tout pawòl mwen yo.

2 Gade byen, se koulye a mwen ouvri bouch mwen.

Se lang nan bouch mwen ki pale.

3 Pawòl mwen yo sòti nan ladwati kè mwen,

e lèv mwen pale soti yon kè ki renmen verite a.

4 Se Lespri Bondye ki te fè m,

e souf Toupwisan an ki ban m lavi.

5 Di m se pa sa, si ou kapab.

Alinye pawòl ou yo an lòd devan m, e kanpe.

6 Men gade byen, mwen se moun Bondye menm jan tankou ou.

Mwen menm tou te fèt ak ajil la.

7 Gade byen, se pa okenn krent mwen gen,

ki ta bay ou laperèz,

ni se pa akoz fòs pwa balans mwen an,

ke ou ta twouve chaj la lou.

8 “Anverite, ou te pale kote pou m ta tande,

e mwen te tande son a pawòl ou yo.

9 Job te di: ‘Mwen san tach, san transgresyon;

mwen inosan e nanpwen koupabilite nan mwen.

10 Gade byen, Li envante pretèks kont mwen;

Li kontwole m tankou lènmi.

11 Li mete pye mwen nan sèp;

Li veye tout chemen mwen yo.’

12 “Gade byen Job, kite mwen di ou, ou pa gen rezon nan sa,

paske Bondye pi gran ke lòm.

13 Poukisa ou plenyen kont Li

ke Li pa eksplike ou tout zak Li yo?

14 Anverite, Bondye pale yon fwa, oswa de fwa,

men pèsòn pa okipe sa.

15 Nan yon rèv, yon vizyon nan nwit lan,

lè dòmi pwofon konn tonbe sou lòm,

pandan yo nan somèy sou kabann yo,

16 konsa, Li ouvri zòrèy a lòm

e mete so sou enstriksyon yo,

17 pou Li kapab vire lòm pou chanje kondwit li

e anpeche li fè ògèy.

18 Konsa, Li pwoteje nanm li pou l pa rive nan fòs la

e lavi li pou l pa lantre nan Sejou Lanmò a.

19 “Lòm, anplis, resevwa chatiman doulè sou kabann li;

avèk plent san rete jis rive nan zo li;

20 jiskaske lavi li vin rayi pen,

e nanm li, manje ke li te pi renmen an.

21 Chè li epwize vin disparèt pou moun pa wè l

e zo li yo ki pa te konn vizib pouse vin parèt.

22 Nanm li vin rale toupre fòs lanmò a

e lavi li pwoche sila kap detwi yo.

23 “Si gen yon zanj pou ta entèsede pou li,

se tankou youn nan yon milye,

ki pou ta fè yon moun sonje sa k ap bon pou li,

24 konsa, Bondye fè l gras. Li di l:

‘Delivre li pou l pa rive nan fòs lanmò a,

Mwen te twouve yon racha.’

25 Kite chè li vin pi fre ke li te ye nan jenès li.

Kite li retoune nan jou a fòs jenès li yo.

26 Konsa, li va priye a Bondye,

e Li va aksepte li, pou l kab wè figi L plen ak jwa.

Se konsa, Li restore ladwati a lòm.

27 Li va chante devan lèzòm. Li va di:

“Mwen te peche, mwen te konwonpi sa ki dwat,

e li pa t bon pou mwen.

28 Li te rachte nanm mwen pou l pa rive nan fòs lanmò a,

e lavi m va wè limyè a.’

29 “Gade byen, Bondye konn fè tout bagay

sa yo de fwa, menm twa fwa ak yon nonm,

30 pou mennen nanm li fè l sòti kite fòs lanmò a,

pou l kab eklèsi ak limyè lavi a.

31 Prete atansyon, O Job, koute m byen;

rete an silans e kite mwen pale.

32 Si ou gen yon bagay pou di, alò, reponn mwen;

pale, paske mwen vle ba ou rezon.

33 Men si non, koute mwen;

rete an silans, e mwen va montre ou sajès.”