Élihu di soufrans soti nan Bondye (continued)
Élihu, ki te rete an silans jis lè sa a, antre nan diskisyon an. Li montre Bondye voye soufrans pou rezon ki saj, menmsi nou pa ka rive konprann yo, epi devwa lèzòm se soumèt yo.
2130 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, Élihu te kontinye. Li te di:
2 Tann mwen yon ti kras, e mwen va montre ou;
jiska prezan, gen anpil bagay ankò pou di sou pati Bondye.
3 M ap prale chache lespri m soti byen lwen;
mwen va fè prèv ladwati a Kreyatè mwen an.
4 Paske anverite, pawòl mwen yo pa fo.
Youn ki pafè nan konesans se avèk ou.
5 Gade byen, Bondye pwisan, men li pa meprize pèsòn;
Li pwisan nan fòs konprann pa Li.
6 Li pa konsève lavi a mechan yo,
men Li bay jistis a aflije yo.
7 Li pa retire zye Li sou moun ladwati yo;
men avèk wa ki chita sou twòn yo,
li bay yo chèz jis pou tout tan, e yo leve wo.
8 Si yo mare ak gwo fè, e mare nèt nan kòd aflije yo,
9 konsa, Li fè yo konnen travay yo,
ak transgresyon yo;
ke yo te leve tèt yo wo ak ògèy.
10 Li ouvri zòrèy yo pou yo ka enstwi,
e pase lòd pou yo retounen, kite inikite a.
11 Si yo tande e sèvi Li, yo va fè dènye jou yo nan abondans,
e ane pa yo va ranpli ak rejwisans.
12 Men si yo pa tande, yo va peri pa nepe;
yo va mouri san konesans.
13 Men enkwayan yo ranmase lakòlè;
yo refize kriye sekou lè L mare yo.
14 Yo mouri nan jenès yo,
e lavi yo vin pèdi pami pwostitiye tanp yo.
15 Li delivre aflije yo nan afliksyon yo,
e ouvri zòrèy yo nan tan opresyon yo.
16 Wi, anverite Li t ap mennen ou
lwen bouch gwo twoub la,
pou ou jwenn yon plas ki laj, e san limit.
Konsa, sa ki plase sou tab ou, ta plen ak grès.
17 Men ou te ranpli ak jijman sou mechan yo;
se jijman ak jistis ki te posede ou.
18 Pa kite richès ou mennen ou nan lakòlè,
ni pa kite gwosè sa a k ap vèse sou tab
fè ou vire akote.
19 Èske richès ou yo ta fè ou evite gwo twoub la?
Oswa èske tout fòs pwisans ou ta ka anpeche l rive?
20 Pa fè lanvi pou lannwit,
moman an ke moun koupe retire nèt sou plas yo.
21 Fè atansyon; pa vire kote mal la,
paske ou te chwazi sa a olye afliksyon an.
22 Gade byen, Bondye byen wo nan pouvwa Li.
Ki pwofesè ki tankou Li?
23 Se kilès ki te dirije L pou pran chemen Li an?
Epi kilès ki ka di L ‘Ou antò a?’
24 Sonje ke ou dwe leve zèv Li yo wo,
sa yo sou sila moun te konn chante yo.
25 Tout moun konn wè sa.
Lòm gade l soti lwen.
26 Gade byen, Bondye leve wo, men nou pa konnen Li.
Fòs kantite ane Li yo pa kab dekouvri menm.
27 Konsa, Li rale fè monte gout dlo yo.
Yo fòme fè lapli ki sòti nan vapè,
28 ke nwaj yo fè vide desann.
Yo vin lage sou lòm an fòs kantite.
29 Èske pèsòn kab konprann jan nwaj yo vin gaye,
ak tonnè k ap gwonde anwo plafon tant Li an?
30 Gade byen, Li gaye limyè Li toupatou Li.
Li kouvri fon lanmè yo.
31 Paske se avèk sa a ke li jije pèp yo.
Li bay yo manje an gran kantite.
32 Li kouvri men Li ak eklè la,
e pase lòd pou l frape sou mak la.
33 Bri li deklare prezans Li;
menm tout bèt yo konnen sa k ap vin rive a.
37:1 “Pou sa, menm kè mwen konn tranble.
Li vòltije kite plas li.
2 Koute, O koute byen bri vwa L,
k ap gwonde tankou tonnè
ak bri tonnè a k ap sòti nan bouch Li.
3 Anba tout syèl la, Li lage sa nèt ale,
ak loray Li jis rive nan tout pwent tè a.
4 Apre sa, yon gwo vwa ki rele fò;
Li gwonde ak vwa majeste Li a.
Li pa menm ralanti eklè lè yo tande vwa L.
5 Bondye gwonde avèk vwa mèvèy Li a.
L ap fè gwo bagay ke nou pa kab menm konprann.
6 Paske a lanèj la, Li di: ‘Tonbe sou latè’,
e a inondasyon lapli a, Li di:
‘Kontinye tonbe fò’.
7 Li sele men a chak òm,
pou tout moun kab konnen zèv Li yo.
8 Konsa, tout bèt sovaj va antre nan kav yo
e rete lakay yo.
9 Men sòti nan sid, tanpèt la parèt
e nan nò, fredi a.
10 Soti nan souf Bondye, se glas ki fèt,
e sifas dlo yo vin glasi.
11 Anplis, Li chaje vapè yo ak dlo e fè nwaj la vin lou;
Li fè nwaj la gaye pou vide ekleraj Li.
12 Li chanje; Li gide l vire tounen
pou l kab fè nenpòt sa Li kòmande l sou tout sifas tè a.
13 Se swa pou koreksyon, oswa pou mond Li an,
oswa pou lanmou dous Li a, Li fè sa vin rive.
14 “Tande sa byen, O Job;
Kanpe, e obsève mèvèy Bondye yo.
15 Èske ou konnen kijan Bondye etabli tout sila yo,
e fè ekleraj nan nwaj Li yo vin limen?
16 Èske ou konnen bagay a chak kouch nan nwaj yo,
mèvèy a Sila a ki pafè nan konesans?
17 Poukisa vètman ou cho lè tè a kalm akoz van sid la?
18 Èske ou menm tou, ansanm avè L, ka ouvri syèl yo
ki gen gran fòs tankou yon miwa metal ki fann nan dife?
19 Enstwi nou kisa pou nou ta pale Li;
paske akoz fènwa a, nou pa kab byen ranje ka nou.
20 Èske yo va di Li ke mwen ta renmen pale?
Oswa èske yon nonm ta pito di ke li ta vle vin anglouti nèt?
21 “Alò lèzòm pa wè limyè ki klere nan syèl yo
sof ke van an fin pase e eklèsi nwaj yo.
22 Sòti nan nò, se reyon majeste an lò;
Bondye antoure ak majeste etonan.
23 Toupwisan an,—nou pa kab jwenn Li.
Li egzalte nan pouvwa Li.
Jistis Li ak ladwati Li gran;
Li pa janm oprime.
24 Se pou sa lèzòm plen lakrent ak respè Li;
Li pa konsidere okenn moun ki saj nan kè.”